Nouvo Testaman 2023
25–31 Desanm. Revelasyon 15–22: “Moun Ki Venk lan ap Eritye Tout Bagay”


“ 25–31 Desanm. Revelasyon 15–22: ‘Moun Ki Venk lan aV Eritye Tout Bagay,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“ 25–31 Desanm. Revelasyon 15–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri k ap akeyi moun yo nan Dezyèm Vini an

Site Etènèl la, pa Keith Larson

25–31 Desanm

Revelasyon 15-22

“Moun Ki Venk lan aV Eritye Tout Bagay“

Pandan w ap prepare w pou anseye a, itilize eksperyans ou fè nan etidye Revelasyon 15–22 pèsonèlman ou avèk fanmi w. Kisa ki te frapan pou ou? Ki enpresyon w te resevwa? Sonje ke aktivite yo sigjere la yo ka adapte pou timoun nenpòt laj.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo di poukisa yo ta renmen viv avèk Pè Selès la ankò. Pandan tout leson an, ede yo jwenn kisa yo ka fè pou prepare yo pou yo retounen al jwenn Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Revelasyon 15:2–4

M ka louwe Bondye avèk chan.

Sen Jan te dekri nan Revelasyon 15:2-4 yo te chante chan pou louwe Bondye pou bonte L. Ki chan louwanj ka ede timoun yo eksprime lanmou yo pou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Aktivite Posib

  • Pandan w ap li pati nan Revelasyon 15:2-4, awotvwa, mande timoun yo pou yo fè aksyon tankou pretann y ap jwe yon gita oubyen dirije yon koral. Kijan nou santi nou lè nou chante apwopo de Jezi?

  • Mande timoun yo pou yo pataje kèk nan chan prefere yo konsènan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Chante kèk chan ansanm, epi ede timoun yo konprann sa chan sa yo ansenye konsènan Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a.

Revelasyon 19:7

M ka prepare pou Dezyèm Vini Jezikri a nan chwazi sa ki byen.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke Dezyèm Vini an ap yon evenman jwaye pou nou si nou suiv kòmandman Jezi yo?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo si yo konn asiste yon maryaj. Kijan sa te ye? Poukisa moun kontan nan yon maryaj? Aficher foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi li Revelasyon 19:7 Eksplike Di yo ke “maryaj ti moutan an“ reprezante Dezyèm Vini Jezikri a. Poukisa n ap rejwi lè Sovè a retounen ankò? Ede timoun yo konpare lajwa yon maryaj ak lajwa retou Sovè a.

  • Eksplike timoun yo pouki rezon w ap tann Dezyèm Vini Jezi a. Nou gen dwa chante yon kantik sou Dezyèm Vini an ansanm tou, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 46–47).

  • Envite timoun yo pou yo di kisa yo te fè pou yo te pare pou Legliz la jou Dimanch. Poukisa nou fè bagay sa yo anvan nou vin legliz la? Poukisa nou dwe prepare pou Dezyèm Vini Jezikri a? Nan paj aktivite semèn sa a, fè timoun yo desine sa yo kapab fè pou prepare yo pou Dezyèm Vini an.

Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2

Pè Selès la vle m viv avèk li nan wayòm selès la.

Nan dènye de chapit Revelasyon yo, Jan te itilize yon bèl langaj pou dekri laglwa selès fidèl yo pral benefisye a.

Aktivite Posib

  • Ede timoun yo desine pyebwa yo dekri nan Revelasyon 22:2 a sou tablo a. Eksplike ke pyebwa a se pyebwa lavi a, epi fwi l yo reprezante lanmou Bondye (gade 1 Nefi 11:21–22). Desine fèy papye ki dekoupe an fòm fwi, epi envite yo pou yo desine yon bagay sou papye a ki ede yo santi lanmou Pè Selès. Eksplike ke moun ki renmen e obeyi Papa nou ki nan Syèl la ap viv avèk Li nan wayòm selès la.

  • Pataje kèk imaj oubyen detay Jan te itilize pou dekri laglwa selès la avèk timoun yo (gade Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2), epi envite yo pou yo desine bagay sa yo.

  • Chante ansanm yon kantik ki anseye kijan pou nou jwenn bonè, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 164–65). Envite timoun yo pou yo idantifye kisa yo ka fè pou yo retounen al viv ak Pè Selès la ankò.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Revelasyon 19:7–8

M ka prepare pou Dezyèm Vini Jezikri a nan chwazi bon bagay.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo pou yo konprann Dezyèm Vini Jezikri a ap yon evenman jwaye pou jis yo?

Aktivite posib

  • Li ansanm Revelasyon 19:7–8, epi ede yo konprann senbòl ki nan vèsè sa yo—maryaj la se Dezyèm Vini Sovè a, Anyo a se Sovè a, epi madanm ni se Legliz la (oubyen nou tout). Kisa nou ka fè pou prepare nou pou retou Sovè a?

  • Repase e memorize Atik lafwa 1:10 la avèk timoun yo. Eksplike ke atik lafwa sa a dekri kèk evenman eksitan ak gloriye ki pral rive lè retou Jezi a. Montre foto Dezyèm Vini Jezi a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo desine sa yo panse Dezyèm Vini an ap sanble.

Revelasyon 20:12–13

Bondye pral jije m.

Nou tout pral kanpe devan Bondye yon jou pou nou jije. Ou ka ede timoun yo konprann jijman L lan ap jis, ak mizèrikòdye.

Aktivite Posib

  • Ekri sou tablo a Kijan Jou Jijman an ap ye? Envite timoun yo pou yo chache repons a kesyon nan Revelasyon 20:12-13 ak nan Gid ekriti yo “Jijman, Dènye” nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa Sovè a te fè pou fè Jou Jijman an yon jou lajwa? (gade Atik Lafwa 1:3-4). Kisa nou ka fè pou l ka yon jou lajwa pou nou?

    Imaj
    Jezi avèk moun nan limyè yo a dwat li e moun nan fènwa yo a goch li.

    Jijman Dènye, pa John Scott

  • Pote yo kaye nan klas la ki reprezante “Liv Lavi” a (Revelasyon 20:12), kote w ekri kèk nan atribi kretyen ak bon travay timoun nan klas ou yo. Li sa ou te ekri yo pou timoun yo, epi envite yo pale konsènan kalite kretyen yo te wè nan youn lòt. Pataje temwayaj ou ke Jezikri ede nou vin plis menm jan avè L e li bay yon fason pou nou repanti e simonte peche.

Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2,17

Pè Selès la vle m viv avèk li nan wayòm selès la.

Pandan w ap li deskripsyon laglwa selès Jan an nan Revelasyon 21-22, kisa ou wè? Kisa w santi w enspire pou w pataje avèk timoun w ap anseye yo?

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo chèche vèsè sa yo pou yo ka jwenn kèk foto oubyen detay Jan te itilize pou dekri laglwa selès la: Revelasyon 21:1, 3–4, 22–27; 22:1–2. Fè yo chwazi yon foto oubyen yon detay yo ta renmen desine. Apr a yo ka pale sou desen yo a avèk klas la. Ankouraje yo pou pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo lakay yo.

  • Li Revelasyon 22:17, ansanm avèk yo, epi eksplike yo ke konjwen ki di “Vini” a se Legliz la. Kiyès ke noumenm, antan ke manm Legliz, vle envite pou “vini”? (gade Mowoni 10:30-33). Kisa ki ka lakoz moun bò kote nou yo “swaf”? Ki kèk bon fason pou n envite moun pou yo “vini“?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo prepare pou yo li Liv Mòmon an ane pwochèn kote w ap envite yo pou yo mande yon manm fanmi oubyen yon zanmi pou l pataje yon vèsè oubyen yon istwa li prefere nan Liv Mòmon an.

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye timoun yo pou yo ekri enpresyon yo resevwa yo. Si yo ka pran abitid pou yo ekri enpresyon yo, sa ap ede yo rekonèt Lespri a ak suiv li. Timoun yo ka ekri enpresyon yo nan make ekriti yo, desine foto, oubyen ekri nan jounal yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a,30