Nouvo Testaman 2023
25–31 Desanm. Revelasyon 15–22: “Moun Ki Andire a ap Eritye Tout Bagay”


“25–31 Desanm. Revelasyon 15–22: ‘Moun Ki Andire a ap Eritye Tout Bagay’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“25–31 Desanm. Revelasyon 15–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezikri k ap akeyi moun yo nan Dezyèm Vini an

Site Etènèl la, Keith Larson

25–31 Desanm

Revelasyon 15-22

“Moun Ki Andire a ap Eritye Tout Bagay”

Kèkfwa, pi gwo obstak ki anpeche nou aprann se asonpsyon ke nou pa bezwen aprann—ke nou deja konnen. Pandan w ap li ekriti yo, dispoze w pou nouvo ide Senyè a vle ba ou.

Ekri Enpresyon w yo

Si w raple w, liv Revelasyon an kòmanse avèk deklarasyon pèsonèl Sovè a “kòmansman ak lafen an” (Revelasyon 1:8). byen mezire, li fini avèk pawòl sa yo: “M se … kòmansman ak lafen” (Revelasyon 22:13). Kisa sa vledi? Kòmansman ak lafen kisa? Liv Revelasyon an temwaye avèk pouvwa ke Jezikri se kòmansman ak lafen tout bagay—sou gwo dràm ki bale egzistans ak sali limanite a. Li se “Anyo ki te asasinen an depi nan fondasyon mond la” (Revelasyon13:8). Epi L se Wa tout wa, ki pote yon fen a tout mechanste, tristès, ak menm lamò epi L pote “yon nouvo syèl ak yon nouvèl tè” (Revelasyon 21:1).

Men, anvan nouvo syèl ak nouvèl tè a rive, gen anpil bagay pou nou simonte: lapès, lagè, mechanste k ap file—tout bagay sa yo Revelasyon dekri avèk vivasite. Men, Jezikri avèk nou pandan pati sa a tou. Ki se “etwal matinal ki briye a” ki klere nan fènwa kòm yon pwomès ke byento, li pral fè jou (Revelasyon 22:16). Epi L ap vini byento. Li ap vini. Menm jan Li envite nou, “Vin jwenn mwen” an (Matye 11:28), L ap vin jwen nou tou. Li deklare, “M ap vini vit.” Epi, avèk esperans ak lafwa ki pirifye nan dife advèsite dènye-jou yo, nou reponn, “menmsi se konsa, vini, Senyè Jezi” (Revelasyon 22:20).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Revelasyon 16–18; 21–22

Senyè a envite m kouri kite Babilòn epi vin eritye “vil ki sen an.”

Apre l te fin temwen destriksyon ak peril nan dènye-jou yo, jan te wè yon jou k ap vini ki ka rezime nan deklarasyon Senyè a “Gade nan, M fè tout bagay vin nouvo” (Revelasyon 21:5). Yon fason pou konprann kisa sa vle di, se pou nou mete deskripsyon Jan te bay sou Babilòn nan an kontras, senbòl diyite ak mechanste a (gade nan Revelasyon 16–18), avèk deskripsyon nouvo Jerizalèm nan, senbòl glwa selès nan prezans Bondye a (gade nan Revelasyon 21–22). Graf suivan an ta ka ede w.

Babilòn

Nouvo Jerizalèm

Babilòn

Apokalips 16:3–6

Nouvo Jerizalèm

Revelasyon 21:6; 22:1–2, 17

Babilòn

Revelasyon16:10; 18:23

Nouvo Jerizalèm

Revelasyon 21:23–24; 22:5

Babilòn

Revelasyon 17:1–5

Nouvo Jerizalèm

Revelasyon 21:2

Babilòn

Revelasyon 18:11, 15

Nouvo Jerizalèm

Revelasyon 21:4

Babilòn

Revelasyon 18:12–14

Nouvo Jerizalèm

Revelasyon 21:18–21; 22:1–2

Ki diferans ou remake?

Ou ta ka medite tou sou kisa sa vle di pou ou “sòti nan” Babilòn (Revelasyon 18:4). Kisa w jwenn nan Revelasyon 21–22 ki enspire w fè sa?

Imaj
Jezi avèk moun nan limyè ki sou bò dwat Li ak moun nan fènwa sou bò goch Li

Dènye jijman an, John Scott

Revelasyon 20:12–15; 21:1–4

Tout pitit Bondye yo pral jije selon liv lavi a.

Sipoze yon otè ta ofri pou l ekri yon liv sou lavi ou. Ki detay oubyen eksperyans ou t ap mete ladan l? Si w ta konnen aksyon ou ta pral komèt nan lavni yo pral anrejistre, kijan w t ap chanje fason w ap viv? Panse sou sa pandan w ap li Revelasyon 20:12–15. Kisa w espere k pral ekri osijè oumenm nan liv lavi a? Kouman w ta dekri wòl Sovè a nan liv lavi w? Nan opinyon w, poukisa l sififikatif pou l rele “liv lavi Ayo a”? (Revelasyon 21:27).

Si w panse ou pa t ap enkonfòtab kanpe devan Bondye pou L jije w, konsidere pou w li Revelasyon 21:1–4. An referans a vèsè sa yo, Elder Dieter F. Uchtdorf te di:

Jou Jijman sa a pral yon jou mizèrikòd ak amou—yon jou kote kè brize pral geri, kote dlo tristès nan je nou yo pral ranplase avèk dlo rekonesans, kote tout bagay pral ranje. Wi, pral gen anpil chagren akoz peche. Wi, pral gen regrè epi menm angwas poutèt erè nou yo, foli nou yo, ak tètdi ki te lakoz nou rate opòtinite pou yon fiti ki pi gran an.

Men, m gen konfyans ke nou pral non sèlman satisfè avèk jijman Bondye a; men nou pral etone ak emèveye poutèt lagras, mizèrikòd, jenewozite, ak amou enfini Li pou nou menm, pitit Li yo tou” (“O Plan Bondye Nou an Gran Anpil!,” Lyawona, Nov. 2016, 21).

Kijan revelasyon sa yo afekte fason w wè lanmò? Kisa verite sa yo enspire w pou w chanje nan lavi w?

Gade tou nan Diksyonè Bib la, “Liv lavi a.”

Revelasyon 22:18-19

Èske vèsè sa yo vledi pa ka gen okenn lòt ekriti apa Bib la?

Gen kèk moun ki site Revelasyon 22:18–19 an kòm yon rezon pou yo rejte Liv Mòmon an ak lòt ekriti dènye jou yo. Ou ka jwenn yon repons pou objeksyon sa a nan mesaj Elder Jeffrey R. Holland nan “Pawòl mwen yo … Pa janm Sispann” (Lyawona, Me 2008, 91–94).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Revelation 15:2–4.Pandan fanmi w ap diskite vèsè sa yo, ki refere a “Chan Moyiz la” ak “chan Ayo a,” ou ta ka li chan Moyiz ki nan Egzòd 15:1–19, ansanm avèk lòt chan ki mansyone nan ekriti yo, tankou Doktrin ak Alyans 84:98–102. Poukisa moun ki gen “viktwa sou bèt la” (Revelasyon 15:2) ta ka anvi chante chan tankou sa yo? Petèt, fanmi w ta ka vle chante yon kantik oubyen yon chan louwanj pou timoun.

Revelasyon 19:7–9.Petèt ou ta ka gade foto maryaj nan istwa familyal ou oubyen pale konsènan yon lè kote fanmi w t al nan yon selebrasyon maryaj. Poukisa yon maryaj se yon bon konparezon pou alyans Senyè a avèk Legliz Li a? (Gade tou nan Matye 22:1–14.)

Revelasyon 20:2–3.Kouman 1 Nefii 22:26 ede nou konprann kisa sa ka vle di pou Satan “mare”?

Revelasyon 22:1–4.Kisa sa ta ka vle di pou nou gen non Sovè a “sou fwon [nou]”? (Revelasyon 22:4; gade tou nan Egzòd 28:36–38; Mozya 5:7–9; Alma 5:14; Moroni 4:3; Doktin ak Alyans 109:22; David A. Bednar, “Kenpe Yon Pozisyon ak Yon Non Avèk Onè,” Lyawona, Me 2009, 97–100).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè aa.

Chan ki sigjere: “Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants, 46–47.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. “Lè w fè suivi sou yon envitasyon pou aji, ou montre [manm fanmi w yo] ke w sousye pou yo epi ou montre yo kòman levanjil la ap beni lavi yo. Ou ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo tou” (Anseye nan fason Sovè a,35).

Imaj
Jezikri k ap kondui yon cheval desann soti nan syèl la nan Dezyèm Vini l lan.

Kris la abiye an wouj ki chita sou yon cheval blan.