Nouvo Testaman 2023
27 Novanm–3 Desanm. Jan 1–3; Jid: “Bondye Se Amou”


“27 Novanm 3 Desanm. Jan 1–3; Jid: ‘Bondye Se Smou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“27 Novanm 3 Desanm. Jan; Jid,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezikri k ap souri pandan l chita avèk yon timoun k ap souri

Amou pafè,, Del Parson

27–Novanm 3 Desanm

Jan 1 3; Jid

“Bondye Se Amou”

Pandan w ap li Epit Jan ak Jid yo, chèche enspirasyon sou fason w ka montre Bondye amou ou. Ekri enpresyon sa yo epi fè plan pou w aji konfòm avèk yo.

Ekri enpresyon ou

Lè Jan ak Jid te ekri lèt yo, doktrin kowonpi te deja kòmanse dirije anpil nan Sen yo al nan apostazi. Kèk fo enstriktè te menm mande si Jezikri te aktyèlman parèt “nan lachè” (gade nan, paregzanp, 1 Jan 4:1–3; 2 Jan 1:7). Kisa yon dirijan Legliz te ka fè nan yon sityasyon konsa? Konsa, Apot Jan te kòmanse premye epit li a kote l te bay temwayaj pèsonèl li sou Sovè a: “Sa se temwayaj nou rann konsènan sa k te la depi nan kòmansman an, ke nou te tande, ke nou te wè avèk je nou, ke nou te kontanple, epi men nou te touche, Pawòl lavi a” Tradiksyon Joseph Smith, 1 Jan 1:1 [nan 1 Jan 1:1, referansa]). Epi apresa, Jan te anseye konsènan amou: amou Bondye pou nou ak amou nou ta dwe genyen pou Li ak tout pitit Li yo. Apre tou, Jan te yon temwen konsènan sa tou. Li te fè eksperyans avèk amou Sovè a pèsonèlman (gade nan Jan 13:23; 20:2), epi l te vle Sen yo santi menm amou sa a tou. Temwayaj ak ansèyman Jan sou amou an otan nesesè jodia, kote lafwa nan Jezikri kesyonab epi fo ansèyman fè abondans. Yon lekti nan epit Jan yo ka ede nou fè fas devan advèsite avèk kouraj, paske “pa gen krent nan amou; men, amou pafè chase tout krent” (1 Jan 4:18).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

1 Jan; 2 Jan

Bondye se limyè, epi Bondye se amou.

Si w t ap chwazi youn oubyen de mo pou w dekri Bondye, kisa yo t ap ye? Nan epit sa yo, Jan te souvan itilize mo “limyè” ak “amou” yo (gade paregzanp, nan, 1 Jan 1:5; 2:8–11; 3:16, 23–24; 4:7–21). Pandan w ap li de premye epit Jan yo, medite sou eksperyans Jan te fè avèk amou ak limyè Sovè a. Paregzanp, konsidere sa Jan te aprann nan ansèman Jezi yo nan Jan 3:16–17; 12:35–36, 46; 15:9–14; 19:25–27. Èske w wè resanblans ant ansèyman sa yo ak sa 1 Jan anseye konsènan limyè ak amou Bondye a? Ki eksperyans pèsonèl ki te anseye w ke Bondye se limyè ak amou?

1 Jan 2–4; 2 Jan

“Si nou yonn renmen lòt, Bondye demere nan nou.”

W ap jwenn mo tankou “abite” ak “demere” ki repete atravè lèt Jan yo. Chèche mo sa yo, espesyalman pandan w ap li 1 Jan 2–4 ak 2 Jan. Kisa w panse li vle do pou w “abite” oubyen “demere” nan Bondye ak doktrin Li a? (gade nan 2 Jan 1:9). Kisa sa vle di pou ou pou Bondye “abite” oubyen “demere” nan ou?

1 Jan 2:243:3

M ka vin menmjan avèk Jezikri.

Èske objektif pou w vin sanblab avèk Kris la konn sanble l twò wo pou ou? Reflechi sou konsèy ankourajan Jan te bay la: “Pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, na gen konfyans … [epi] na menmjan avèk li” (1 Jan 2:28; 3:2). Kisa w jwenn nan 1 Jan 2:243:3 a ki ba w konfyans ak rekonfò antanke disip Jezikri? Pandan w ap etidye epit Jan yo, chèche lòt prensip oubyen konsèy ki ka ede w nan efò w pou w vin pi kretyen.

Gade tou nan Moroni 7:48; Doktrin ak Alyans 88:67–68; Scott D. Whiting, “Vin Tankou Li,” Lyawona, Nov. 2020, 12–14.

1 Jan 4:12

Èske “okenn moun … pa janm wè Bondye nan okenn moman”?

Tradiksyon Joseph Smith 1 Jan 4:12 la klarifye ke “okenn moun pa janm wè Bondye a okenn moman, eksepte moun ki kwè yo” (nan 1 Jan 4:12, referansa; gade tou nan Jan 6:46; 3 Jan 1:11). Ekriti yo rapòte plizyè okazyon kote Bondye Papa a te manifeste tèt li devan kèk moun fidèl, enkli Jan limenm (gade tou nan Revelasyon 4; gade Travay 7:55–56; 1 Nefi 1:8; Doktrin ak Alyans 76:23; Joseph Smith—Istwa 1:16–17).

1 Jan 5

Si m egzèse lafwa nan Jezikri epi m nedenouvo, m ka venk mond lan.

Pandan w ap li 1 Jan 5, chèche wè kisa nou dwe fè pou n venk mond lan ak pou n jwenn lavi etènèl. Kisa venk mond lan vledi nan lavi ou? Ou ta ka jwenn repons ak ide tou nan mesaj Èldè NeilL. Andersen nan “Venk Mond lan” (Lyawona, Me 2017, 58–62).

Jid 1

“[Bati] tèt ou sou lafwa w ki pi sen an.”

Kisa Jid 1:10–19 anseye w konsènan moun k ap goumen kont Bondye ak travay Li a? Kisa w aprann nan vèsè 20–25 la sou fason pou w kenbe lafwa w solid nan Jezikri?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Jan 2:8–11.Pou ede fanmi w medite sou ansèyman Jan yo, reyini nou ansanm nan yon sal fènwa epi fè yo obsève diferans ant mache “nan fènwa” ak mache “nan limyè.” Kijan rayiman ka fè nou mache nan tenèb pou nou tonbe? Kijan renmen youn lòt pote limyè nan lavi nou?

1 Jan 3:21–22.Kisa nan vèsè sa yo ki ogmante “konfyans” nou genyen nan Bondye ak nan kapasite nou pou n resevwa repons pou priyè nou yo?

Imaj
yon fanmi ki ajenou ansanm nan lapriyè

Obeyi kòmandman Bondye yo ede nou venk mond lan.

1 Jan 5:2–3.Èske gen kòmandman nou konsidere ki “penib” oubyen difisil pou nou obeyi? Kijan amou nou pou Bondye ka chanje fason nou santi n osijè kòmandman l yo?

3 Jan 1:4.Kisa sa vle di pou n “mache nan laverite”? Ou ta ka pran opòtinite pou di manm fanmi w yo kouman ou wè yo mache nan laverite epi pale sou lajwa sa pote ba ou. Manm fanmi w yo ta ka kontan pou yo ekri oubyen desine sou laverite yo aprann sou papye a desine epi itilize yo pou w fè yon chemen kote fanmi w yo ka mache ansanm.

Jid 1:3–4.Èske gen danje spirityèl ki “glise” antre nan lavi nou ak nan lavi fanmi nou? (Jid 1:4). Kijan nou ka suiv konsèy Jid la pou n “onètman konbat pou lafwa” epi reziste anba danje sa yo? (Jid 1:3). Kijan nou ka fè pou asire nou ke “lapè, ak amou miltipliye” nan fanmi nou? (Jid 1:2).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan ki sigjere: “C’est l amour,” Chants pour les enfants, 76.

Amelyore etid pèsonèl

Chèche amou Bondye. Èldè M.Russell Ballard te anseye: “Levanjil la se yon levanjil amou—amou Bondye ak amou youn pou lòt” (“L amour de Dieu pour ses enfants,” Ensign, Me 1988, 59). Pandan w ap li ekriti yo, panse pou w ekri oubyen make prèv ou jwenn sou amou Bondye yo.

Imaj
Kris la k ap mache sou rivaj yon lak

Mache avèk mwen, Greg K. Olsen