Nouvo Testaman 2023
27 Novanm –3 Desanm. 1–3 Jan; Jid: “Bondye Se Lanmou”


“27 Novanm –3 Desanm. 1–3 Jan; Jid: ‘Bondye se lanmou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“27 Novanm –3 Desanm. 1–3 Jan; Jid,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri ki ap souri pandan l chita avèk yon timoun ki ap souri

Lanmou Pafè,, pa Del Parson

27 Novanm –3 Desanm

1–3 Jan; Jid

“Bondye Se Lanmou”

Epit Jan ak Jid yo anseye nou sou lanmou ak limyè Pè Selès la. Pandan w ap etidye semèn sa a, medite sou rezon ki fè timoun w ap anseye yo bezwen limyè ak lanmou nan lavi yo. Sonje pou w konsidere tout aktivite ki nan plan leson sa a, se pa sèlman sa yo mete nan lis ki anba gwoup laj timoun w ap anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pataje jan yo te santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezi oubyen rezon yo panse ki fè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezi se tankou yon limyè pou nou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

1 Jan 1:5–7; 2:8–11

Suiv Jezi pote limyè nan lavi m.

Jan te ekri konsènan limyè pou ansenye konsènan enfliyans Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri nan lavi nou. Konsidere kijan ou ka ede timoun yo aprann konsènan limyè Yo ofri.

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo site nom bagay ki bay limyè. Ede yo konprann byen fè limyè, tankou ede plant grandi, pèmèt nou wè, ak bay chalè. Pou konprann kijan Jezi pote limyè pou nou, yo ta kapab klere yon foto Jezikri youn apre lòt pandan y ap di: “Bondye se limyè” (1 Jan 1:5 Temwaye ke Pè Selès la ak Jezikri ka pote limyè nan lavi lè nou eseye suiv sa Yo di.

  • Envite timoun yo pou yo chak kenbe yon foto yon anpoul oubyen yon balèn lè tou pa yo rive. Pandan chak timoun kenbe foto a, ede yo reflechi sou yon fason nou ka pote limyè Jezikri a nan lavi nou.

1 Jan 4:10–11, 20–21

Mwen montre lanmou m pou Bondye lè m montre lanmou pou lòt moun .

Ede timoun yo wè koneksyon ant lanmou yo santi pou Pè Selès la ak lanmou yo montre pou pitit Li yo.

Aktivite posib

  • Li 1 Jan 4:11 pou timoun yo, epi chante yon kantik sou lanmou Bondye, tankou “Mon Père Céleste M aime” (Chants pour les Enfants, 228). Mande kèk nan timoun yo pou yo di kijan yo fè konnen Pè Selès la renmen yo. Apre chak repons, envite timoun yo pou yo bay tèt yo yon akolad epi pou yo di: “Bondye Se Lanmou, e Bondye renmen mwen.”

  • Li 1 Jan 4:21 pou timoun yo. Envite yo pou yo pale de oubyen fè senaryo sou divès fason yo ka montre lanmou pou yon zanmi, tankou ba l yon akolad oubyen fè yon kat pou li. Kijan bagay sa yo fè zanmi nou yo santi yo? Kijan Pè Selès la santi L lè nou fè bagay janti pou lòt moun?

1 Jan 2:3–5; 5:3

Mwen montre lanmou m pou Bondye lè m obeyi kòmandman L yo.

Jan te ansenye ke “kòmandman Bondye yo pa twò difisil“(1 Jan 5:3). Men, lè nou respekte kòmandman yo se yon fason pou nou eksprime lanmou pou Li.

Aktivite Posib

  • Li 1 Jan 5:3, epi mande timoun yo pou yo koute sa vèsè sa a di sou jan nou ka montre nou renmen Bondye. Envite timoun yo pou yo site otan kòmandman yo kapab. Kijan nou santi nou lè nou obeyi kòmandman Pè Selès la ban nou yo?

  • Envite timoun yo pou yo desine yon foto ki montre yon fason yo ka montre Papa nou ki nan Syèl la ke yo renmen L. Pa egzanp, yo ka desine yon foto yomenm ki ap respekte youn nan kòmandman yo.

  • Chante ansanm yon kantik sou obeyisans, tankou “Choisir le bien” (Chants pour les enfants,, 160–61). Kijan nou santi nou lè nou obeyi?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Jan 2:8–11; 4:7–8, 20–21

Mwen montre lanmou m pou Pè Selès la lè m montre lanmou pou lòt moun .

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke renmen Bondye mande pou nou renmen moun bò kote nou yo—menm moun ki diferan avèk nou oubyen ki difisil pou nou renmen.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo imajine ke yon moun fèk kòmanse vin nan lekòl yo a oubyen pawas yo a epi li poko konn okenn moun. Kijan moun sa a ta kapab santi l? Envite yon timoun pou L li 1 Jan 4:7–8. Kisa vèsè sa a sigjere sou fason nou dwe trete moun sa a? Pataje menm senaryo a, oubyen mande timoun yo pou yo panse sou sitiyasyon kote yo ka jwenn opòtinite pou yo montre lanmou yo.

  • Mande timoun yo pou yo li 1 Jan 4:7–8, 20–21, epi envite yo pou yo chak ekri yon fraz pou rezime ki leson yo panse ki pi enpòtan nan vèsè sa yo. Apre yo fin pataje fraz yo, pataje yon istwa ki soti nan lavi w oswa lavi yon Zanmi ou revi Lyawona ke w santi ki ilistre sa vèsè sa yo anseye (gade, pa egzanp, nan “Di Halim Alo,” Zanmi, Jen 2019, 8–9; oubyen Lyawona, Jen 2019, F18–F19). Envite timoun yo pou yo pataje pwòp egzanp pa yo. Kijan nou mountre lanmou pou moun ki bò kote nou?

1 Jan 2:3–6; 4:17–18; 5:2–5

Mwen montre lanmou m pou Bondye lè m obeyi kòmandman L yo.

Obeyi kòmandman yo ka pi fasil lè nou konprann verite yo anseye nan 1 Jan 5:3yo. Kijan w ka ede timoun yo wè kòmandman yo se pa fado men se opòtinite pou yo eksprime lanmou yo pou Bondye?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo fè lis sou fason yo ka montre Bondye ke yo renmen li sou tablo a. Apre sa, li ansanm 1 Jan 2:5–6; 5:2–5 ansanm pou ide adisyonèl. Kijan obeyi kòmandman yo montre ke nou renmen Pè Selès la?

Imaj
yon fanmi ki ajenou ansanm pou yo priye

Obeyi kòmandman Bondye yo ede nou venk mond lan.

  • Li 1 Ja 4:17, epi eksplike timoun yo ke “gen asirans nan jou jijman an” sa vle di pou n gen konfyans ak lapè lè nou kanpe devan Bondye pou l jije nou. Kisa vèsè sa a anseye nou dwe fè pou nou ka gen konfyans sa a? Ki bagay nou ka fè kounyeya pou nou ka gen konfyans devan Bondye?

Jid 1:18-22

M ka fidèl menm lè lòt moun ap moke m.

Poutèt nou se disip Jezikri, pafwa lòt moun moke nou poutèt kwayans nou oubyen fason n ap viv la. Vèsè sa yo gen ladan yo konsèy Jid bay sou jan pou nou rete fidèl nan sitiyasyon sa yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje moman kote lòt moun te moke yo oubyen yon moun yo konnen te fè sa ki jis la. Envite timoun yo pou yo li Jid 1:18–22 epi pou yo chèche fason nou ka rete fidèl lè lòt moun ap moke nou oubyen pase nou nan betiz. Ekri sa yo jwenn yo sou tablo a, epi diskite sou fason yo ka suiv konsèy sa a.

  • Fè rezime rèv Leyi a (gade nan 1 Nefi 8:1–35), pandan w ap mande kèk timoun pou yo li vèsè yo apati de 1 Nefi 8:26–28,33. Diskite sou fason moun nan gwo kay byen laj yo te menm jan ak mokè Jid t ap pale yo. Kisa nou ka fè pou nou pa enfliyanse pa moun ki ap moke nou oubyen ki pa dakò ak sa nou kwè yo? (gade nan 1 Nefi 8:30, 33).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo planifye pou yo fè yon bagay pou pataje limyè yo avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman nou

Timoun yo aktif. Pafwa ou gen dwa santi ke enèji timoun yo se yon distraksyon ki anpeche yo aprann. Men ou ka bati sou nati plen enèji sa a lè w envite yo pou yo fè senaryo, fè desen, oubyen chante osijè yon prensip levanjil. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,25–26.)