Nouvo Testaman 2023
4–10 Desanm. Revelasyon 1–5: “Glwa, ak Pouvwa, Pou …Ti Mouton an Pou Tout Tan”


“4–10 Desanm. Revelasyon 1–5: ‘Glwa, ak Pouvwa, Pou …Ti Mouton an Pou Tout Tan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“4–10 Desanm. Revelasyon 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
yon ti mouton ki chita sou gazon

4–10 Desanm

Revelasyon 1–5

‘Glwa, ak Pouvwa, Pou …Ti Mouton an Pou Tout Tan’

Liv Revelasyon an ka difisil pou timoun yo konprann, men liv sa a gen doktrin enpòtan ki bèl epi ki senp.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo di kijan yo t ap santi yo si yo te wè Jezikri nan yon vizyon. Mande yo pou yo pataje nenpòt sa yo konnen konsènan vizyon Jan an sou Jezi nan liv Revelasyonan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Revelasyon 1:21

M ka klere limyè Senyè a.

Nan Revelasyon 1:20, Senyè a te konpare Legliz li an avèk bouji. Ede timoun yo konprann ke yo ka klere limyè Senyè a lè yo viv ansèyman L yo.

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo foto plizyè sous limyè, tankou yon anpoul, yon bouji, ak solèy la. Pandan w ap li “sèt bouji ou te wè yo se sèt legliz yo” (Revelasyon 1:20), envite timoun yo pou yo lonje dwèt sou foto limyè ki mansyone nan vèsè sa a. Ede timoun yo diskite kijan noumenm, antan ke manm Legliz Jezikri an, nou kapab tankou limyè yon bouji—pa egzanp, lè nou fè sa ki janti pou lòt moun.

  • Chante yon chan sou vin yon limyè pou lòt moun, tankou “Brillant pour luiChants pour les enfants,38) Pataje fason ou te wè timoun yo ap viv levanjil Jezikri a e jan yo te yon limyè pou moun bò kote yo. Pataje kijan yon limyè pou lòt moun te ede w santi w pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Revelasyon 3:20

Mwen ka envite Jezikri nan lavi m.

Metafò Jezi ki kanpe nan pòt la ap frape a ka ede timoun yo konprann ke Livle vin pi pre yo.

Aktivite posib

  • Pandan w ap li Revelasyon 3:20, montre foto Sovè a nan pòt la nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Endividi ak Fanmi. Envite timoun yo pou yo imajine ke Jezi tap frape nan pòt lakay yo. Kite yo pale de sa yo tap fè.

  • Envite yo pou yo pale de yon moman kote yo t ap tann vizit yon moun yo tap kontan wè. Kijan sa te i ye pandan yo tap tann pou moun sa a frape pòt la? E si yo pa t janm kite l antre? Li Revelasyon 3:20, epi fè timoun yo pran tan pou yo chak kenbe yon foto Jezi epi pretann y ap frape nan yon pòt. Lòt manm klas la ka pretann ke y ap ouvri pòt la. Kisa nou ka fè pou n pèmèt Jezi vin pre nou, menm si nou pa ka wè li?

Revelasyon 5:1–10

Jezikri se sèl moun ki diy pou l Sovè mwen.

Jan te aprann nan vizyon l lan ke se sèl Jezikri (ki reprezante pa yon mouton) ki te ka vin Sovè nou epi akonpli plan Papa a (ki reprezante pa yon liv sele).

Aktivite posib

  • Anvan klas la, mare yon kopi Liv Ilistrasyon Levanjil la la avèk papye oubyen yon fil. Pandan w ap itilize kèk ekspresyon kle nan Revelasyon 5:1–10la, dekri vizyon Jan te fè a. Montre timoun yo liv la, epi di yo sèl mwayen pou yo ouvri l se jwenn foto Jezi a ke ou te kache nan sal la. Lè yo jwenn foto a, ouvri liv la e pataje kèk foto nan liv la ki reprezante benediksyon ki disponib akozde Ekspyasyon Jezikri a (tankou tanp, batèm, ak fanmi). Temwaye ke Sovè a se sèl moun ki te ka rann bagay sa yo posib.

  • Fè rezime vizyon yo dekri nan Revelasyon 5:1–10, la epi envite timoun yo fè senaryo sou kijan Jan ak lòt moun yo te santi yo pandan divès pati nan vizyon an. Pa egzanp, yo te ka pretann ke y ap kriye lè okenn moun pa t ka ouvri liv la, oubyen yo ta gen dwa kontan lè Sovè a te ouvri l.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Revelasyon 3:2, 12–21

Si m angaje a levanjil Sovè a, m ap resevwa gwo benediksyon nan syèl la.

Kisa sa vle di pou nou “tyèd, e pa ni frèt ni cho”? Konsidere fason pou ede timoun yo vin kontrè tyèd—pou yo vin antouzyas nan angajman yo bò kote Sovè a ak nan levanjil Li a.

Aktivite Posib

  • Li ansanm Revelasyon 3:5, 12, 21, epi eksplike pawòl timoun yo ta kapab pa konnen. Kisa sa vle di pou nou “simonte”? Envite klas la desine youn nan benediksyon ki te pwomèt nan vèsè sa yo epi pataje l avèk klas la.

  • Li ansanm Revelasyon 3:15-16. Mande timoun yo pou yo pale de bagay ki pi itil oubyen pi bon lè yo cho (tankou soup) oubyen glase (tankou krèm alaglas). Nan ki fason lè nou tyèd konsènan Sovè a sa ka anpeche nou resevwa benediksyon ki te pwomèt nan vèsè 5, 12, ak 21?

  • Ekri tyèd, sou tablo a avèk sinonim tankou a de kè, endiferan, oubyen kazyèl. Itilize mo sa yo pou ede timoun yo konprann poukisa Senyè a pa vle nou tyèd. Ki pawòl nou ka di pou dekri jan L ta renmen nou ye? Pataje poukisa ou ta renmen angaje konplètman nan Sovè a, epi envite timoun yo pou yo pataje ide yo tou.

Revelasyon 3:20

M ka chwazi pou m fè Jezikri vin tounen yon pati nan lavi m.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo ouvri kè yo ak lavi yo pou yo ka jwenn pouvwa ak enfliyans Jezikri?

Aktivite posib

  • Pandan w ap li Revelasyon 3:20, montre foto Sovè a nan pòt lan nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Pou ede yo kapte sans foto a, envite yo pou yo travay de pa de pou yo reponn kesyon tankou sa yo: Poukisa ou panse Jezi ap frape nan pòt la? Poukisa pa gen manch sou deyò nan pòt la? Kisa kite Jezi antre nan lavi nou ve di?

  • Mande timoun yo pou yo ekri sou tablo a plizyè fason diferan nou ka “ouvri pòt la” bay Jezi. Kèk egzanp ka enkli sèvi lòt moun, li ekriti yo, respekte alyans nou fè nan batèm, ak pran sentsèn.

Revelasyon 5:1–10

Jezikri se sèl moun ki diy pou l Sovè mwen.

Vizyon yo dekri nan Revelasyon 5 la anseye ke se sèl Jezikri ki te diy ak kapab pou akonpli Sakrifie Ekspyatwa a e sove nou anba peche.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te bezwen pou yon moun fè yon bagay yo pa t ka fè poukont yo. Mande yo pou li Revelasyon 5:1–10 epi pou yo chèche kisa ki te bezwen fèt la ke se sèl moun sa a te ka fè l la (eksplike ke Ti Mouton an se Jezikri epi liv la reprezante plan Bondye a). Kisa Jezi te fè pou nou ke okenn lòt moun pa t ka fè?

  • Mande timoun yo pou yo chèche yon kantik oubyen yon chan timoun ki temwaye konsènan Jezikri (tankou “Beautiful Savior, Children’s Songbook, 62–63). Kisa mo ki nan kantik sa a anseye sou Jezikri? Kijan kantik sa a ta kapab yon kantik louwanj yo chante pou Jezikri nan Revelasyon 5:9–10la?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo di fanmi yo ki fason yo ka envite enfliyans Sovè a nan fwaye yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje reverans. Yon aspè enpòtan nan reverans se panse a Pè Selès la ak Jezikri. Ou ta raple timoun yo pou yo fè prèv reverans pandan y ap chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen afiche yon foto Jezi .