Nouvo Testaman 2023
18–24 Desanm. Nwèl: “Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa”


“18–24 Desanm. Nwèl: ‘Bòn Nouvèl Ki Pote Gwo Lajwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“18–24 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
yon ti bebe ki fèk fèt

Ti Mouton, tablo Jenedy Paige

18–24 Desanm.

Nwèl

“Bòn nouvèl ki pote gran lajwa”

Leson sa a se yon opòtinite pou w ede timoun w ap anseye yo selebre nesans, lavi, ak misyon Sovè a nan sezon Nwèl la. Kenbe sa nan lespri w pandan w ap prepare w pou w anseye a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen apwopo nesans Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 2:1–12; Lik 2:1–14

Jezikri te vin sou tè a tankou yon ti bebe.

Timoun yo renmen istwa sou nesans Jezikri a. Ki verite doktrinal ou wè nan istwa sa a ou santi timoun yo ta dwe konprann?

Aktivite posib

  • Li Lik 2:1–14 pou timoun yo, oubyen dekri evenman nan vèsè sa yo kote w ap refere w a “Chapit 5: Nesans Jezikri” a (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 13–15, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo desine foto sou evenman sa yo epi itlize foto yo pou rakonte istwa a yomenm. Poukisa nou rekonesan dèske Jezi te fèt?

  • Mande timoun yo pou rakonte w istwa Wa Maj yo k ap suiv zetwal la pou yo ka jwenn Jezi a. Si yon bezwen pou w raple yo istwa a, gade nan Matye 2:1–12 oswa “Chapit 7: Wa Maj yo” (nan Istwa Nouvo Testaman yo,18, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Kache yon foto Jezi nan sal la. Desine yon zetwal an papye epi kenbe l anlè. Envite timoun yo pou yo pretann yo se wa maj yo k ap pote kado, epi dirije yo otou sal la pou yo ka jwenn Jezi. Ede yo panse a kèk kado nou ka bay Jezi.

  • Chante kèk chan Nwèl avèk timoun yo (gade Cantiques, nos. 123–137; Chants pour les enfants, 20–34). Mande yo pou yo pataje yon bagay chak chan anseye ke yo santi ki enpòtan pou yo konnen.

Imaj
Jezi ajenou nan Jaden Jetsemani a

Jetsemani, tablo J. Kirk Richards

Jan 3:16

Jezikri te rann posib pou m viv avèk Papa m ki nan Syèl la ankò.

Èske timoun w ap anseye yo konprann poukisa Jezikri te vin sou tè a? Pran tan pou w medite sou sa Sovè a te fè pou ou pèsonèlman ak kijan w ka ede timoun yo konprann sa L fè pou yo a.

Aktivite posib

  • Pote yon kado tou vlope nan klas la ki gen yon foto Jezi andedan li. Mete yon etikèt sou li avèk “Jan 3:16” ekri sou li, epi di timoun yo ke sa se yon endis sou sa kado a ye. Li Jan 3:16 avèk timoun yo, epi envite yo pou yo devine kisa kado a ye epi pou yo ouvri li. Poukisa Bondye voye Pitit Gason l lan ba nou?

  • Ede yo fini fraz sa a: “Jezikri te vin sou tè a pou .” Apresa, montre foto ki anrapò avèk sakrifis ekspyatwa Sovè a, lanmò Li ak Rezirèksyon Li (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos.56–59), epi pale brèfman sou evenman sa yo. Ou ta gen dwa chante yon chan sou rezon k fè Jezikri vini sou tè a, tankou “Il a envoyé son Fils aimé)”(Chants pour les enfants, 20). Rann temwayaj ou konsènan Jezikri ak sa Li fè pou ou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20

Jezikri te vin sou tè a tankou yon tibebe.

Kijan w ka ede timoun yo konsantre sou Jezikri pou Nwèl?

Aktivite posib

  • Envite youn ladan yo pou li kèk nan evenman ki te antoure nesans Sovè a (gade nan Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20). Mande lòt timoun yo pou yo pran tou pa yo pou desine foto sou tablo a sou sa ekriti yo dekri. Kisa istwa sa yo anseye nou sou Jezikri?

  • Envite yo pou yo ekri sou kèk ti moso papye sa yo ta ka fè pou ede yo konsantre yo sou Sovè a pandan sezon Nwèl la. (Yo ta ka jwenn ide nan video “Good Tidings of Great Joy: The Birth of Jesus Christ” la nan ChurchofJesusChrist.org.) Envite yo pou yo pataje sa yo te ekri yo. Ankouraje timoun yo pote ti moso papye yo lakay yo epi fè sa yo te ekri sou yo a avèk fanmi yo.

  • Chante kantik Nwèl osijè Sovè a (gade Chants pour les enfants, 20–34, 140–142; Cantiques, nos.123–137), epi envite timoun yo pou yo pataje yon vèsè oubyen yon fraz yo renmen nan kantik yo.

Jan 3:16

Jezikri te rann posib pou m viv avèk Papa m ki nan Syèl la ankò yon jou.

Kijan w ka ede timoun yo repase sa yo te aprann ane sa a ak konprann poukisa yo bezwen Jezikri nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Ekri sou yon moso papye Kiyès Jezikri ye? epi sou yon lòt Poukisa l vin sou tè a? epi kole yo sou diferant mi nan klas la. Envite chak timoun pou li youn nan ekriti sa yo: Matye 16:15–16; Jan 3:16; 1 Nefi 10:4; Mozya 3:8; Alma 7:10–13; 3 Nefi 27:14–15. Mande yo pou yo chèche repons, nan ekriti y ap li yo, pou de kesyon yo ki sou mi an. Envite yo pou yo ekri repons yo epi mete yo sou mi an tou pre kesyon apwopriye a. Kijan nou ka montre rekonesans nou pou sa Sovè a fè pou nou?

  • Envite timoun yo pou yo fè lis tout non oubyen tit Jezi yo ka panse sou tablo a (gade Diksyonè Bib la, “Kris, non”). Kisa non sa yo anseye nou sou Jezikri ak misyon l lan? Poukisa nou bezwen Jezikri nan lavi nou? Pou reponn kesyon sa a, pase videyo “Poukisa nou bezwen yon Sovè—Yon mesaj Nwèl sou Sovè nou an, Jezikri” (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo jwenn omwen yon fason pou yo sèvi yon lòt moun oubyen pou yo vin pi pre Jezikri pou sezon Nwèl sa a.

Amelyore ansèyman nou

Envite timoun yo pou yo pataje sa y ap aprann yo. Timoun yo ka gen yon enfliyans puisan pou byen nan fanmi yo. Ankouraje timoun w ap anseye yo pou yo pataje yon bagay nan sa yo te aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a,30.)