Nouvo Testaman 2023
20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè: “Rejwi avèk yon Lajwa Ineksplikab ak yon Laglwa Total”


“20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi avèk yon Lajwa Inesplikab ak yon Laglwa Total’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“20–26 Novanm. 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri ki ap preche levanjil la nan mond espri yo

Kris la ki ap preche nan mond espri yo, pa Robert T. Barrett

20–26 Novanm

1 ak 2 Pyè

‘Rejwi nou avèk yon Lajwa Ineksplikab ak yon Lagwa Total”

Kòmanse etid ou sou 1ak 2 Pyè nan lapriyè. Sonje ke pi bon preparasyon w pou anseye ap vini atravè eksperyans etid pèsonèl ak familyal ou.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto Pyè a ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo di w yon bagay yo konnen osijè Pyè. Raple yo ke Pyè set e dirijan Legliz la apre Jezi te fin resisite, epi eksplike ke 1 Pyè ak 2 Pyè se lèt li te voye bay manm Legliz yo nan epòk li a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

1 Pyè 1:6–7; 3:14

M ka gen kè kontan menm nan moman difisil.

Reflechi sou jan w ka anseye vèsè sa yo nan yon fason ki ap ede timoun yo tounen vè Sovè a lè yo rankontre advèsite.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo panse a egzanp bagay difisil ke Jezi te soufri, tankou lè yo te moke L oubyen yo te pase L nan tenten. Eksplike ke n ap gen pou nou travèse moman difisil nan lavi nou. Li 1 Pyè 1:6–7; 3:14 ansanm, epi pataje yon eksperyans ou te fè lè w t ap travèse yon “eprèv lafwa” e Sovè a te ede w jwenn lajwa. Oubyen ou ta ka pataje priyè Pwofèt Joseph Smith lan nan prizon Libète a ak rekonfò Bondye te ba li (gade Doktrin ak Alyans 121:1–8; 123:17).

Imaj
Joseph Smith nan Liberty Jail [Prizon Libète] a

Joseph Smith nan prizon Libète a, pa Greg K. Olsen

1 Pyè 2:9–12

Pè Selès la vle m yon egzanp pou lòt moun.

Pyè te anseye ke nou se “pèp Bondye” epi bon zèv nou yo ka “glorifye Bondye.”

Aktivite posib

  • Dekri kèk bagay moun ka remake nan anviwonman yo, oubyen montre foto bagay sa yo. Pa egzanp, yon tanp trè remakab parapò a lòt konstriksyon ki antoure li oubyen yon montay pi wo pase yon vale. Eksplike ke lè nou obeyi kòmandman yo, moun remake sa epi lòt moun ka wè egzanp nou. Pale de kèk “bon zèv” ou wè timoun yo fè. Eksplike yo ke bon zèv konsa “glorifye Bondye”—yo ede lòt moun santi amou Bondye pi plis epi yo anvi sèvi li.

  • Konplete paj aktivite pou semèn sa a avèk timoun yo. Kijan moun nou te wè nan foto a a ki ap glorifye Bondye?

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Yo anseye espri nan mond espri yo levanjil la.

Lè Jezi te mouri, li te ale nan mond espri yo epi l te voye espri jis yo al anseye espri ki pot ko aksepte levanjil la.

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de yon moun ou konnen ki mouri. Eksplike lè moun mouri, espri yo kite kò yo epi li ale nan mond espri yo. Li 1 Pyè 3:19 epi eksplike ke lè Jezi te mouri, li t al vizite mond espri yo. Nan kote sa a, li te mande espri jis yo pou yo anseye lòt espri ki pot ko aksepte levanjil la (gade nan Doktrin ak Alyans 138:30).

  • Montre foto yon tanp. Eksplike timoun yo ke lè yo gran ase, yo ka al nan tanp lan e batize pou zansèt yo ki pa t batize lè yo te sou tè a. Ede yo ranpli yon ab jeneyalojik senp (gade yon egzanp nan “Family History Coloring Pages,” ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Pyè 3:12–17; 4:13–14,1 6

M ka jwenn lajwa ak lapè nan moman difisil yo.

Timoun w ap anseye yo gen dwa konn sibi mokri poutèt kwayans yo. Vèsè sa yo ka ede yo pandan moman sa yo.

Aktivite posib

  • Fè rezime kèk istwa sou Jezi y ap pèsekite, oubyen envite timoun yo pou yo li yo—gade, pa egzanp, Matye 12:9–14 oswa Lik 22:47–54. Mande timoun yo si yo konn jwenn moun takinen yo oubyen moke yo paske yo kwè nan ansèyman Jezikri yo. Kijan eksperyans sa yo te fè yo santi yo? Apresa, li ansanm 1 Pyè 3:12–14; 4:13–14, 16epi mande yo pou yo chèche kisa Pyè te di osijè soufri “pou lajistis.’” Poukisa nou ka gen lajwa kanmèm lè moun ap moke nou paske nou fè bon bagay.

  • Pataje yon eksperyans kote w te jwenn lajwa oubyen lapè pandan yon eprèv, oubyen di kijan Pwofèt Joseph Smith te jwenn lapè lè l te nan prizon Libète a (gade Doktrin ak Alyans 121:1–8; 123:17). Nan ki fason nou ka jwenn lajwa ak lapè nan Jezikri pandan eprèv nou yo?

1 Pyè 3:15

M ka toujou pare pou m pataje levanjil la.

Timoun w ap anseye yo ap gen anpil opòtinite pandan tout lavi yo pou yo reponn kesyon lòt moun genyen osijè lafwa yo. Panse sou ki fason w ka ede yo po yo “toujou pare pou yo bay yon repons.”

Aktivite posib

  • Pale yo de yon okazyon kote yon moun te poze w yon kesyon sou Legliz la, epi di yo si w te santi w prepare pou w te reponn. Mande yo pou yo pale de okazyon kote moun konn poze yo kesyon sou Legliz la. Li 1 Pyè 3:15ansam. Kijan nou ka suiv konsèy Pyè bay nan vèsè sa a?

  • Ede timoun yo reflechi ak kèk kesyon moun ka poze konsènan Jezikri oubyen Legliz li an. Fè timoun yo pran tan pou eksplike kijan yo t ap reponn kesyon sa yo pou yo ka m “toujou pare.” Atik Lafwa yo bay verite senp ke timoun yo ka itilize pou reponn kesyon konsènan Legliz la.

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Espri ki nan mond espri yo aprann levanjil la.

Lè moun jis yo mouri, yo ale nan mond espri yo pou anseye levanjil la bay moun ki pa t resevwa l pandan yo te sou tè a.

Aktivite posib

  • Desine yon sèk sou tablo a avèk yon ling ki separe l nan mitan. Ekri Paradi sou yon mwatye ak Prizon sou lòt mwatye a. Envite youn nan timoun yo pou l li 1 Pyè 3:18–20; 4:6 (gade nan 1 Pyè 4:6, referansa, pou revizyon ki soti nan Tradiksyon Joseph Smith la). Eksplike lè Jezi te mouri, li te al nan paradi a. Li te anseye lespri jis yo nan kote sa a pou y al preche espri ki te nan prizon yo levanjil la.

  • Envite yon paran oubyen yon gran frè oswa yon gran sè youn nan timoun yo pou vin pale de tanp ak travay yo akonpli nan tanp pou youn nan zansèt yo.

  • Envite timoun yo pou yo ranpli yon senp ab jeneyalojik (gade yon egzanp nan “Family History Coloring Pages,” ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo montre manm fanmi yo ab jeneyalojik yo a epi mande yo pou ede yo ajoute non sou li.

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche konprann timoun w ap anseye yo. Ou konn timoun w ap anseye yo, konsa, modifye ide yo bay nan plan leson sa yo si nesesè pou w ka reponn bezwen yo. Ou gen dwa itilize nenpòt nan aktivite yo pwopoze nan plan leson sa a, e pa sèlman sa yo prevwa pou gwoup laj w ap anseye yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a7.)