Nouvo Testaman 2023
6–12 Novanm. Ebre 7–13: “Yon Sakrifikatè Byen ki Pou Vini yo”


“6–12 Novanm. Ebre 7–13: ‘Yon Sakrifikatè Byen ki Pou Vini yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“6–12 Novanm. Ebre 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Mèlkisedèk k ap bay Abraram yon benediksyon

Mèlkisedèk beni Abraram, tablo Walter Rane Don Lespri yo

6–12 Novanm.

Ebre 7-13

“Yon Sakrifikatè Byen ki Pou Vini yo”

Pandan w ap repase ak medite sou plan leson sa a, pote atanson a enspirasyon w resevwa osijè timoun w ap anseye yo. Lespri a ap ede w jwenn mesaj pou yo nan Ebre 7–13la.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yomenm ak fanmi yo fè pou yo aprann levanjil la nan fwaye a. Envite yo pou yo pataje kèk nan pi bon moman yo te pase nan aprann levanjil la avèk fanmi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Ebre 7:1-6

Prètriz la ka ede nou nan plizyè fason.

Ebre 7:1–6 ka bay yon opòtinite pou w anseye timoun yo benediksyon prètriz yo.

Aktivite posib

  • Brèfman eksplike kiyès Abraram te ye, epi apresa itilize Ebre 7:1–6 pou anseye ke Abraram te peye Mèlkisedèk ladim (gade tou Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:36–40 [nan apendiks Bib la]). Eksplike ke Mèlkisedèk te detni prètriz siperyè a, ki se pouvwa Bondye, epi li te itilize l pou l te beni Abraram. Timoun yo ta ka kontan jwe wòl istwa sa a avèk senp objè tankou yon kouwòn, ak yon anvlòp dim.

  • Envite yon detantè Prètriz Aawon ak yon detantè Mèlkisedèk pou vin vizite klas la epi di timoun yo kijan yo itilize prètriz la pou beni lòt moun. Apresa, montre timoun yo foto diferan òdonans prètriz (paregzanp, gade foto 103–8 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la). Ede yo detèmine ki prètriz ki nesesè pou akonpli chak òdonans yo epi bay detantè prètriz apwopriye a foto a.

Ebre 11:1-32

Lafwa se kwè nan bagay nou pa kapab wè.

Menmsi nou pa ka wè Pè Selès la ak Jezikri, nou ka devlope lafwa nan Yo ak nan pwomès Yo fè yo, pandan n ap suiv egzanp moun fidèl yo dekri nan Ebre 11yo.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezi. Nan tout sal la, mete plizyè bagay ki reprezante “prèv” ke Jezi reyèl menmsi nou pa ka wè Li (tankou ekriti yo, yon foto Premye Vizyon an, ak yon foto tè a). Envite yo pou yo chèche lokalize bagay yo epi apresa di yo kijan chak ladan yo ede nou gen lafwa ke Jezi vivan.

  • Pote yon vantilatè an papye, epi fè timoun yo pran tan pou yo santi van vantilatè a sou figi yo. Anseye yo ke nou pa ka wè lè a, men nou ka santi li. Menmjan tou, nou pa ka wè Pè Selès la ak Jezikri, men nou ka santi amou Yo e gen lafwa ke Yo reyèl.

  • Rakonte istwa youn nan moun yo mansyone nan Ebre 11:4–32yo. Ou ka jwenn istwa sou moun sa yo tou nan Istwa Ansyen Testaman yo. Poukisa moun sa yo te montre yo te gen lafwa nan yon bagay yo pa t ka wè? Di yo kèk benediksyon ou resevwa akoz lafwa ou.

Ebre 13:5-6.

Pè Selès la ak Jezikri ap ede nou e Yo p ap janm kite nou.

Ki eprèv timoun yo ka rankontre? Kijan mesaj Ebre 13:5–6 la ka ede yo?

Aktivite posib

  • Repase kèk nan istwa Nouvo Testaman timoun yo te etidye ane sa a kote Sovè a te ede lòt moun, tankou lè L te geri mesye ki te paralize a (gade Lik 5:18–26) oubyen bay 5.000 moun manje a (gade Matye 14:15–21). Ede yo aprann fraz “Senyè a se èd mwen” an (Ebre 13:6).

  • Envite yo pou yo desine yon foto sou yon lè kote yo te santi yo te pè. Li Ebre 13:5–6 pou yo, epi temwaye ke Pè Selès la ap ede nou epi Li pa p janm kite nou. Ede yo koupe kè an papye ki gran ase pou kouvri desen yo a. Ki kèk bagay ki ede nou santi n pi pre Pè Selès la? Ekri kèk nan bagay sa yo sou kè yo.

  • Anseye yo yon kantik sou fason Pè Selès la ak Jezi renmen nou epi ede nou, tankou “Dis-moi, Seigneur” (Children’s Songbook, 75). Kijan nou ka konnen Pè Selès la ak Jezikri pwòch nou? Pale de yon lè kote w te santi “Senyè a [te] ede ou.”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Ebre 7:1-4

Dirijan Legliz yo suiv Sovè a.

Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou ede timoun yo konprann ke moun ki aple pou yo sèvi nan Legliz Senyè a dwe fidèl epi yo dwe sèvi lòt moun jan Sovè a te fè a?

Aktivite Posib

  • Ede yo fè lis sa yo konnen sou de gran detantè prètriz sa yo: Abraram ak Mèlkisedèk. Yo ka jwenn èd nan Ebre 7:1–4; Abraram 1:1–2; ak Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:25–40 (nan apendiks Bib la). Ki kalite kretyèn mesye sa yo te genyen ki te ede yo onore prètriz la?

  • Mande timoun yo pou yo li Ebre 7:1–2 epi pou yo chèche tit yo itilize pou dekri Mèlkisedèk yo. Kijan tit sa yo raple nou Jezikri? Ede yo panse sou fason kote Jezi sete yon “Wa lapè.” Èske yo konn lòt detantè Prètriz ki se egzanp nan suiv Sovè a tou?

  • Pataje yon eksperyans kote lafwa ou nan Sovè a te fòtifye gras ak sèvis yon detantè prètriz jis. Ede yo panse a fason prètriz la konn beni yo.

Ebre 11

Pè Selès la rekonpanse moun ki gen lafwa yo.

Ebre 11 gen anpil egzanp sou moun ki te jwenn benediksyon lè yo te aji ak lafwa. Kiyès nan istwa sa yo ki ap pi enspiran oubyen pi itil pou timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo fè yon lis sou tablo a sou bagay yo aprann osijè lafwa nan Ebre 11:1–3,6. Bay chak timoun non yon moun yo mansyone nan Ebre 11yo, epi envite yo pou yo li vèsè ki asosye avèk moun sa a. Mande yo pou yo pataje kèk endis sou moun nan pou lòt timoun yo ka devine kiyès li ye. Kijan moun sa yo te montre lafwa, e kijan Pè Selès la te rekonpanse yo? (Pou foto sou moun sa yo, gade seksyon Ansyen Testaman an nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.)

  • Apre yo fin li kèk nan egzanp fidèl ki nan Ebre 11yo, mande timoun yo pou yo ekri osijè yon moun yo konnen ki te demontre lafwa. Envite plizyè timoun pou pataje egzanp yo avèk klas la.

Ebre 12:5-11

Senyè a chatye moun Li renmen.

Vèsè sa yo ka ede timoun yo konprann ke Pè Selès la, paran yo, ak lòt moun korije yo paske yo renmen yo epi yo vle pou yo aprann de erè yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm Ebre 12:5–11, epi mande timoun yo pou yo jwenn ki rezon k fè Pè Selès la chatye nou (korije nou oubyen disipline nou). Kisa sa anseye nou sou rezon k fè paran terès nou yo korije nou tou? Kijan nou dwe reyaji devan yon koreksyon plen lanmou?

  • Pataje egzanp sou kèk moun nan ekriti yo Senyè a te chatye epi ki te repanti (paregzanp, gade 1 Nefi 16:25–27; Etè 2:13–15). Kijan yo se bon egzanp sou prensip ki nan Ebre 12:5–11yo?

  • Lè yo fin li Ebre 12:5–11la, envite timoun yo pou yo ekri kèk bagay yo pral eseye sonje lè yo korije yo pou erè yo fè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo ekri yon nòt oubyen desine foto yon bagay yo te aprann nan klas la jodi a. Ankouraje yo pou pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo lakay yo.

Amelyore ansèyman nou

Itilize paj aktivite yo. Pandan timoun yo ap konplete paj aktivite yo, itilize tan an pou w repase prensip yo ki nan leson an.