Nouvo Testaman 2023
Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo


“Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2023 (2023)

“Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Timoun Primè ki ap chante pandan y ap fè jès avèk men yo

Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo

Chè Prezidans Primè ak Dirijan Mizik,

Chan Primè yo se yon zouti puisan pou ede timoun yo aprann plan bonè Pè Selès la ak verite fondamantal levanjil Jezikri a. Lè timoun yo chante chan konsènan prensip levanjil la, Sentespri a ap rann temwayaj sou verasite yo. Pawòl yo ak mizik la ap rete nan lespri ak nan kè timoun yo pandan tout lavi yo.

Chèche èd Lespri a lè w ap prepare w pou w anseye levanjil la atravè mizik. Pataje temwayaj ou sou verite y ap chante yo. Ede timoun yo wè kijan mizik la gen rapò avèk sa y ap aprann ak sa y ap viv lakay yo ak nan klas Primè yo. Timoun yo ak fanmi yo ap beni avèk efò devwe w pou ede timoun yo chante mizik sakre.

Nou renmen w epi nou eksprime rekonesans nou pou sèvis devwe w ap bay pou fòtifye ak pwoteje timoun presye nou yo.

Prezidans Jeneral Primè a

Enstriksyon pou Peryòd Chante

5 minit (Prezidans Primè): Priyè ouvèti, ekriti oubyen atik lafwa, ak yon diskou

20 minit (dirijan mizik): Peryòd Chante

Prezidans Primè a ak dirijan mizik la chwazi chan pou chak mwa pou ranfòse prensip timoun yo ap aprann nan klas yo ak lakay yo. Gen yon lis chan pou ranfòse prensip sa yo ki vini avèk gid sa a. Chan sa yo te sigjere nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè ak Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Lè w ap aprann timoun yo chan yo, envite yo pou yo pataje sa yo te deja aprann sou istwa ak prensip doktrinal chan yo anseye. Ou gen dwa revize plan leson Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a ke timoun yo ap etidye nan klas yo. Sa ap ede w vin okouran de ki istwa ak ki prensip y ap aprann pou w ka anvizaje kijan pou sipòte yo nan aprantisaj yo a avèk mizik.

Pandan peryòd chante a, ou ka repase tou chan timoun yo te deja aprann ak chan yo renmen chante. Pandan w ap fè sa, envite timoun yo pou yo pataje panse yo ak sa yo santi konsènan verite yo anseye nan chan yo.

Liv Chants pour les enfants an se resous debaz pou mizik nan Primè a. Kantik ki soti nan liv kantik yo ak chan ki soti nan Zanmi an oubyen Lyawona yo apwopriye tou. Okazyonèlman, timoun yo ka chante kèk chan patriyotik oubyen chan jou fèt ki apwporiye pou jou Dimanch ak pou laj timoun yo. Episkopa a dwe apwouve itilizasyon nenpòt lòt mizik nan Primè (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,, 12.3.4, ChurchofJesusChrist.org

Apèsi sou Primè a

Chak semèn, Primè a ap genyen:

Peryòd chante:25 minit

Tranzisyon:5 minit

Klas:20 minit

Dirijan Primè ki gen anpil timoun yo gen dwa divize timoun yo an de gwoup epi fè yon gwoup al nan klas pandan lòt gwoup la nan peryòd chante a. Apre sa de gwoup yo ap chanje plas. Nan ka sa yo, dirijan Primè yo gen dwa oblije ajiste lè yo bay pi wo la yo pou yo ka reponn a sikonstans yo.

Imaj
Timoun Primè ki kenbe yon foto Jezi

Mizik pou Peryòd Chante

Janvye

  • Viens et suis-moi,” Cantiques, no. 61.

  • La prière d’un enfant,” Chants pour les enfants,, 6–7

  • Jésus enfant,“ Chants pour les enfants,, 34

Fevriye

  • Baptême,” Chants pour les enfants, 54–55

  • Je veux suivre le plan de Dieu,” Chants pour les enfants, 86–87

  • l envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20–21

Mas

  • Jésus-Christ est mon modèle,” Chants pour les enfants, 40–41

  • La prière est comme un phare,” Cantiques, no. 75.

  • Raconte-moi les histoires de Jésus,” Chants pour les enfants, 36

Avril

  • La foi”,” Chants pour les enfants, 50

  • Je ressens son amour,” Chants pour les enfants, 42

  • Jésus est ressuscité, Chants pour les enfants, 44

Me

  • Pour trouver la paix,” Chants pour les enfants, 68

  • Ensemble à tout jamais,” Chants pour les enfants, 192

  • I Je suis enfant de Dieu,” Chants pour les enfants,193

Jen

  • }Aimez vos frères,” Chants pour les enfants,, 74

  • Voyez: il meurt le Rédempteur,” Cantiques, no. 115

  • Jésus est-il ressuscité?,” Chants Pour Les Enfants, 45

Jiyè

  • Défends le bien,” Chants pour les enfants,, 81

  • Je viens vers toi,” Chants pour les enfants,, 78

  • Je sais que mon Dieu vit,” Chants pour les enfants, 8

Out

  • Le jour de mon baptême,” Chants pour les enfants, 53

  • Le Saint-Esprit,” Chants pour les enfants,, 56

  • Je demeure dans un temple,” Chants pour les enfants, 73

Septanm

  • Nous aidons tous avec joie,” Chants pour les enfants,108

  • La prière d’un enfant,” Chants pour les enfants,12-13

  • Je sais qu’il vit, mon Rédempteur,” }Cantiques, no. 73

Oktòb

  • Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants,46-47

  • L’Eglise de Jésus-Christ,” Chants pour les enfants, 48

  • Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants, 99

Novanm

  • Quand je lis l’Ecriture Saintey,” Chants pour les enfants, 66

  • Dis-moi, Seigneur,” Chants pour les enfants75

  • Soyons gentils,” Chants pour les enfants, 83

Desanm

  • Mon Père céleste m’aime,” Chants pour les enfants, 16

  • Choisir le bien,” Chants pour les enfants, 82

  • Le jour de mon baptême,” Chants pour les enfants, 53

Itilize Mizik pou Anseye Doktrin

Peryòd chante fèt pou ede timoun yo santi enfliyans Sentespri a pandan y ap aprann verite levanjil la. Ide sa yo kapab ede.

Ranpli espas vid yo. Ekri yon kouplè nan chan an sou tablo a avèk plizyè mo kle ki manke. Epi mande timoun yo pou yo chante chan an, pandan y ap koute ki pawòl pou yo mete nan espas vid yo. Pandan y ap ranpli chak espas vid, diskite sou prensip levanjil yo aprann nan mo ki manke yo.

Itilize sitasyon ki nan diskou dirijan Legliz la. Envite timoun yo pou yo koute yon sitasyon yon dirijan Legliz la ki anseye menm prensip levanjil avèk chan Primè a. Mande yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay ki ede yo konprann verite y ap chante a. Mande yo pou pataje sa yo te tande a.

Temwaye. Rann timoun yo yon temwayaj brèf sou bann verite levanjil la ke nou jwenn nan chan Primè a. Ede timoun yo konprann ke chante se youn nan fason yo ka rann temwayaj ak santi Lespri a.

Itilize foto. Mande timoun yo pou yo ede w jwenn oubyen kreye foto ki matche avèk mo oubyen ekspreson enpòtan yo ki nan chan an. Envite yo pou yo di ki rapò ki genyen ant foto yo e sa chan an anseye. Pa egzanp, si w ap anseye chan “Je veux suivre le plan de Dieu” a (Chants pour les enfants, 86), ou ta kapab mete foto ki dekri mo enpòtan yo ki nan chan an nan tout sal la (tankou don, syèl, fwaye, , ak nesans. Mande timoun yo pou yo rasanble foto yo epi kenbe yo nan lòd kòrèk pandan n ap chante chan an ansanm.

Fè demonstrasyon yon leson. Ou ta ka itilize yon bagay ki gen rapò avèk yon chan. Pa egzanp, chan “La foi” (Chants pour les enfants, 50) an mansyone yon ti grenn semans. Ou ta ka montre timoun yo yon semans pou ede yo konprann ke yon ti kras lafwa nan Jezikri ka grandi avèk letan.

Konekte chan yo ak eksperyans pèsonèl. Ede timoun yo konekte prensip yo anseye nan chan an avèk eksperyans yo fè avèk prensip sa yo. Pa egzanp, anvan w chante “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 95), ou ta kapab mande timoun yo pou yo leve men yo si yo konn wè yon tanp. Envite yo reflechi pandan y ap chante a sou jan yo santi yo lè yo wè yon tanp.

Poze kesyon. Gen anpil kesyon ou ka poze yo pandan y ap chante chan yo. Pa egzanp, ou ka mande timoun yo kisa yo aprann nan chak kouplè nan chan an. Ou gen dwa mande yo tou pou yo panse a kesyon chan an reponn.

Koute repons yo. Mande timoun yo pou yo koute pou yo ka jwenn repons pou kesyon tankou “kiyès?” “kisa?” “ki kote?” “kilè?” oswa “poukisa?” Pa egzanp, nan chan “Baptême” (}Chants pour les enfants, 54), yo ta kapab koute pou yo tande kiyès ki te batize Jezi, ak ki kote, kilè, kijan, ak poukisa Jezi te batize. Ou ta kapab mande timoun yo tou pou yo koute mo kle yo oubyen konte sou dwèt yo konbyen fwa yo repete yon sèten mo nan chan an.

Imaj
timoun ki ap chante nan reyinyon sentsèn

Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan Primè yo ak Kantik yo.

Timoun yo aprann yon chan nan tande l ak chante l pandan plizyè fwa. Toujou chante pawòl yon nouvo chan pou timoun yo—pa sèlman li yo oubyen resite yo. Sa ap ede yo konekte melodi a avèk pawòl yo. Lè w fin anseye yon chan, fè repetisyon sou li nan plizyè fason amizan pandan tout ane a. Anba la a gen kèk ide pou ede timoun yo aprann chan ak fè repetisyon sou yo.

Kreye afich. Montre afich ki gen mo chak kouplè oubyen foto ki reprezante mo yo. Pandan timoun yo ap chante, kouvri kèk nan mo yo oubyen foto yo jiskaske yo ka chante tout kouplè a san afich la. Ou kapab envite timoun yo tou pou yo ede w kreye afich yo.

Fè demonstrasyon ton chan an. Pou ede timoun yo aprann melodi yon chan, leve men w nan yon pozisyon orizontal, epi, pandan w ap chante mo yo, monte men w pou w ka endike ton ki pi wo yo epi desann li pou endike ton ki pi ba yo.

Eko. Envite timoun yo pou yo fè eko pou ou nan repete sa w ap chante a. Chante yon ti gwoup mo oubyen yon ling pou timoun yo, epi apre sa, fè yo chante l pou ou.

Itilize varyasyon. Chante chan yo plizyè fason diferan, tankou, chichote, fredone, bat men, varye rit la, oubyen chante pandan yo chita oubyen kanpe.

Chante an gwoup. Bay chak klas oubyen chak moun yon gwoup mo pou yo chante pandan yo kanpe, epi fè yo fè echanj gwoup mo yo jiskaske tou pa chak klas oubyen chak moun te rive pou yo chante chak gwoup mo.

Fè jès. Envite timoun yo pou yo panse a kèk jès senp pou ede yo sonje pawòl ak mesaj ki nan yon chan. Pa egzanp, lè w ap chante “Humblement, calmement” (Chants pour les enfants, 11), ou ta kapab envite timoun yo pou yo kwaze bra yo, bese tèt yo, epi touche kè yo lè y ap chante pati ki pale de bagay sa yo nan chan an.

Tifi chante, ti gason chante. Fè foto yon tigason ak foto yon tifi, epi kole yo oubyen tepe yo sou tibwa diferan. Lè w ap repase yon chan, kenbe youn nan foto yo pou endike kiyès ki dwe chante pati sa a nan chan an.

Fè chak foto koresponn avèk yon gwoup mo. Ekri chak ling ki nan yon chan sou yon moso papye diferan, epi chèche yon foto ki reprezante chak ling. Mete foto yo sou yon bò sal la epi mete papye yo sou lòtbò a. Chante chan an, epi mande timoun yo pou yo fè foto yo koresponn avèk pawòl yo.

Direktiv pou Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo

Sou direksyon evèk la oswa prezidan branch lan, prezantasyon reyinyon Sentsèn timoun yo nòmalman fèt nan katriyèm trimès ane a. Antanke prezidans Primè ak direktè mizik, fè aranjman pou w rankontre byen bonè nan ane a avèk konseye nan episkopa a ki responsab Primè a pou nou ka kòmanse planifye prezantasyon an. Lè w fin prepare plan yo, chèche jwenn apwobasyon l pou yo.

Prezantasyon an dwe pèmèt timoun yo prezante sa yo menm ak fanmi yo aprann nan Nouvo Testaman an lakay yo ak nan Primè a, enkli chan Primè yo te chante pandan tout ane a. Reflechi nan yon espri lapriyè sou ki prensip levanjil ak chan ki sipòte sa yo aprann yo. Pandan tout ane a, pran nòt sou diskou timoun yo ak eksperyans pèsonèl yo ke w ta ka petèt itilize nan prezantasyon an. Envite timoun yo pou yo pataje ekriti, istwa, ak temwayaj yo nan prezantasyon an. Lè w ap planifye prezantasyon an, reflechi sou fason l ka ede kongregasyon an konsantre sou Papa Nou ki nan Syèl la ak Sovè a ak ansèyman Yo.

Inite ki pa gen anpil timoun piti yo ka reflechi sou fason manm fanmi yo ka patisipe avèk timoun yo. Yon manm episkopa a kapab fini reyinyon an avèk kèk remak.

Lè w ap prepare prezantasyon an, sonje direksyon sa yo:

  • Pratik yo pa ta dwe pran nan tan klas Primè yo oubyen nan tan fanmi yo san nesesite.

  • Imaj, kostim, ak prezantasyon nan medya pa apwopriye pou reyinyon Sentsèn nan.

Gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.2.1.2, ChurchofJesusChrist.org.