Nouvo Testaman 2023
24 Desanm. Kijan Jezikri Montre Lanmou Li pou Mwen? Nwèl


“24 Desanm. Kijan Jezikri Montre Lanmou Li pou Mwen? “Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“24 Desanm. Kijan Jezikri Montre Lanmou Li pou Mwen?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Bebe Moyiz

Delivre, pa Jenedy Paige

24 Desanm

Kijan Jezikri Montre Lanmou Li pou Mwen?

Nwèl

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa apre sa; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2).ChurchofJesusChrist.org Planifye fason pou n aji sou sa ki diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan n ap jwen lajwa nan suiv Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kimoun nan pawas nou an oswa nan kominote nou an ki bezwen èd nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou youn ka ede lòt prepare pou sèvis misyonè?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou kapab kontribiye nan efò pawas nou yo pou yo fè travay istwa familyal ak tanp?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la oubyen kowòm nan sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Menm anvan l te fèt, yo te konnen Jezikri kòm gran Jewova. Li sete “Byenneme ak Chwazi Papa a depi nan kòmansman an” (Moyiz 4:2), ranpli ak laglwa, gras, ak verite (gade Jan 17:5; Doktrin ak Alyans 93:11). Epi menm lè li te fèt, Mari “te mete l kouche nan yon manjwa; paske pa t gen chanm pou yo nan otèl la” (Lik 2:7). Poukisa Jezikri te dispoze pou aksepte wòl Li kòm Sovè malgre sa te vledi vini sou tè a nan sikonstans ki pi enb yo? Repons senp lan sèke Li renmen nou. Lè Nefi te wè nesans Sovè a nan vizyon, li te temwaye de “lanmou Bondye, ki te antre nèt nan kè pitit lèzòm yo; sepousa, li pi dezirab pase sout bagay” (1 Nefi 11:22).

Nwèl se yon moman espesyal pou moun medite sou fason nesans Sovè a ak sakrifis ekspyatwa L la demontre lanmou L pou nou. Pandan w ap prepare w pou ede jèn w ap anseye yo santi lanmou Sovè a, anvizaje pou repase Lik 4:16–21; Jan 3:16–17; 3 Nefi 27:13–16; ak mesaj Eldè D. Todd Christofferson lan “Lanmou Bondye a” (Lyawona, Nov. 2021, 16–19).

Aprann Ansanm

Lè klas la oswa kowòm nan ap apwoche nan fen etid ou a nan Nouvo Testaman an ane sa a, ou gen dwa mande jèn yo pou yo pataje kèk nan istwa favori yo nan Nouvo Testaman an kote Sovè a te montre lanmou Li pou moun ki te antoure L yo. Nou ta kapab menm li kèk nan istwa sa yo ansanm. Kisa istwa sa yo anseye nou konsènan lanmou Sovè a pou nou? Pou ede w diskite plissou lanmou Sovè a, itilize aktivite tankou sa ki pi ba la yo.

  • Envite manm klas ou a oswa kowòm ou an pou yo panse a lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri genyen pou nou kòm yon bèl bouke flè (gade nan Russell M. Nelson, “Lanmou Diven,” Ensign, Fev. 2003, 24). Anvizaje bay chak moun yon flè ki fèt an papye epi mande yo chak li youn nan pasaj ekriti nan “Resous pou Sipòyo.” Mande yo pou yo ekri sou flè yo sa yo aprann konsènan lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri genyen pou nou. Pandan y ap pataje sa yo te aprann nan, ou ta kapab mete flè yo ansanm pou kreye yon boukè. Kijan nou kapab pi byen rekonèt fason Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri montre lanmou yo pou nou?

  • Plizyè kantik dekri fason ke Sovè a montre lanmou Li pou nou (gade, paregzanp, “Je sais qu il vit mon Rédempteur,” Cantiques, no. 73). Manm klas la oswa kowòm nan ta ka seleksyone yon kantik epi pataje eksperyans kote yo te santi lanmou Sovè a nan fason ki sanble avèk fason yo dekri nan kantik la. Site kèk lòt fason Sovè a te montre lanmou Li pou nou? Kòm disip Kris la, kijan nou ka ede lòt moun santi lanmou Li?

  • Gen anpil fo ide nan mond lan konsènan lanmou Bondye pou nou. Pa egzanp, kèk moun gen dwa panse ke lè moun rich oswa pwospere, sa vledi ke Bondye renmen yo plis pase lòt moun yo. Kèk moun gen dwa santi ke si Bondye vrèman renmen nou, Li t ap aksepte nou jan nou ye a epi Li pa t ap mande nou pou nou chanje. Ki fo mesaj konsènan lanmou Bondye nou konn tande? Pou ede kontrekare fo mesaj sa yo, ou gen dwa mande jèn yo pou yo repase mesaj Eldè D. Todd Christofferson nan “Lsnmou Bondye” a oswa mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Lanmou Ak Lalwa” (Lyawona, Nov. 2009, 26–29). Ki verite nou jwenn nan mesaj sa yo ki ede nou konprann lanmou Bondye pou nou?

Imaj
flè

Lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ka konpare avèk yon bèl bouke flè.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo pral ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Tout sa Sovè a te fè pandan ministè terès li yo te motive pa lanmou—lanmou L pou Papa Li ak lanmou L pou nou tout. Avèk lanmou kretyen nan kè nou, nou pral chèche tout mwayen posib pou nou ede lòt moun konnen kiyès Kris la ye ak kijan pou yo vin jwenn Li. Lanmou ap vin rezon ak motivasyon pou ansèyman nou.