Nouvo Testaman 2023
10 Desanm. Kijan Jezikri Rann Plan Pè Selès la Posib? Revelasyon 1-5


“10 Desanm. Kijan Jezikri Rann Plan Pè Selès la Posib? Ezayi 1-12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“10 Desanm. Kijan Jezikri Rann Plan Pè Selès la Posib?,” }Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Stati Kris la

10 Desanm

Kijan Jezikri Rann Plan Pè Selès la Posib?

Revelasyon 1-5

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2. Planifye fason pou nou aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou wè men Senyè a nan lavi nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou youn ka sipòte lòt nan bagay n ap travèse yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka pi byen itilize teknoloji kòm yon zouti pou noub pataje levanjil la?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou vin jwenn Kris la?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Nan yon vizyon, Jan, Revelatè a te wè yon liv “okenn moun nan syèl la, ni anba tè a, ni sou latè a” pa t diy pou yo ouvri, epi sa te fè l kriye (see Revelasyon 5:3–4). Liv la reprezante “travay Bondye,” ansanm avèk plan L lan pou imòtalite ak lavi etènèl nou (gade nan Doktrin ak Alyans 77:6; Moyiz 1:39). Men nan vizyon Jan an, yo te jwenn yon ti mouton “ki te diy pou pran liv la, epi pou ouvri kote l te sele yo” (Revelasyon 5:9). Nouvèl gloriye sa a te lakoz “di mil fwa di mil, ak anpil anpil milye” zanj chante ak rele avèk lajwa (Revelasyon 5:11). Jezikri, Mouton Bondye a, “te rachte nou pou Bondye atravè san [Li]” (Revelasyon 5:9) epi L te rann benediksyon plan Papa nou ki nan Syèl la posib.

Medite sou sa Jezikri te fè pou nou. Èske ou janm santi w tankou moun nan vizyon Jan an ki “te tonbe epi adore L” yo? Revelasyon 12:11. Konsidere fason ou ka ede manm klas ou a oubyen kowòm ou an konprann wòl santral Jezikri nan plan Pè Selès la pi byen . Anplis de Revelasyon 1–5 la, ou ta ka li tou 2 Nefi 9; “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” (ChurchofJesusChrist.org); ak mesaj Elder Ulisses la “Jezikri: Ki Pran Swen Nanm Nou an” (Lyawona, Me 2021, 82–84).

Aprann Ansanm

Manm klas ou a oubyen kowòm ou an ta kapab kontan pou yo pretann ke yo se pwodiktè fim ke yo mande pou fè yon fim avèk vizyon Jan an nan Revelasyon 5la. Ba yo kèk minit pou yo revize chapit la ak detèmine ki sèn yo ta renmen filme. Kisa yo santi ki ta kapab moman ki pi puisan yo? Kijan fim sa a ta ka ede bati lafwa nan Sovè a? Pou kontinye ede klas ou a oubyen kowòm ou an aprann bagay ki konsène wòl Jezikri nan plan sali Pè Selès la, men kèk sijesyon:

  • Ou ta kapab ekri antèt sa yo sou tablo a: Lavi Premòtèl, Lavi Mòtèl, ak Lavi apre Lanmò. Envite jèn yo pou yo revize pasaj ekriti ki ki anba “Resous pou Sipò” yo pou yo apran kijan misyon Sovè a, pandan lavi premòtèl Li, ak lavi mòtèl Li, ak Rezirèksyon L lan rann plan Papa a posib. Yo gen dwa rezime sa yo aprann yo anba tit yo ki sou tablo a. Bay manm klas ou a oubyen kowòm ou an yon opòtinite pou yo pataje santiman yo konsènan sa Sovè a fè pou yo.

  • Pou ede jèn moun w ap anseye yo pi byen konprann sa Jezikri te fè pou rann plan Pè Selès la posib, desine yon santye sou tablo a ki reprezante vyayaj nou pou n retounen al jwenn Papa ki nan Syèl la. Desine obstak ki sou santye ki rele lamò fizik ak lamò espirityèl yo. Si l nesesè, jèn yo ta kapab li definisyon yo anba “Lamò Fizik” ak “LKamò Espirityèl” yo nan Gid Ekriti yo [scriptures.ChurchofJesusChrist.org]). Kijan Sovè a rann sa posib pou nou simonte obstak sa yo? (gade nan 2 Nefi 9:7–10). Jèn moun yo ta ka revize mesaj Elder Ulisses Soares la “Jezikri: Ki pran Swen Nanm Moun” epi ekri fraz nan mesaj la akote santye a ki montre fason Jezi ede nou retounen al jwenn Bondye.

  • Lè lòt moun poze nou kesyon sou kwayans nou ak chwa nou fè, nou ka pran opòtinite a pou pataje rezon ki fè Jezikri enpòtan pou nou. Yon fason pou prepare jèn yo pou opòtinite konsa, se envite yo revize mesaj Elder Dieter F. Uchtdorf la “Men Òm nan!” (Lyawona, Me 2018, 107–10) pandan w ap chèche verite pou pataje konsènan Jezikri. Ou ta ka fè lis kèk nan verite sa yo sou tablo a. Apre sa, ou ta ka bay jèn yo tan pou yo pratike pou yonn eksplike lòt rezon k fè nou bezwen Jezikri ak fason lavi yo beni paske yo konnen Sovè a.

Imaj
Krisifiksyon Kris la, pa Louise Parker

Krisifiksyon Kris la, pa Louise Parker

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm la kowòm oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Chak moun nan klas ou a se yon sous rich nan temwayaj, ide, ak eksperyans nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje avèk lòt ak pou youn edifye lòt.