Nouvo Testaman 2023
26 Novanm. Kijan M Ka Ede Zansèt Mwen yo Vin pi Pre Jezikri? 1 ak 2 Pyè


“26 Novanm. Kijan M Ka Ede Zansèt Mwen yo Vin pi Pre Jezikri? 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023 (2022)

“26 Novanm. Kijan M Ka Ede Zansèt Mwen yo Vin pi Pre Jezikri?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023

Imaj
Fon batismo

26 Novanm

Kijan M Ka Ede Zansèt Mwen yo Vin pi Pre Jezikri?

1 ak 2 Pyè

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou n aji sou sa n ap diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki sijè episkopa a te diskite nan reyinyon konsèy pawas jèn nou an? Kisa nou kapab fè kòm yon klas oubyen kowòm baze sou diskisyon sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou ka lonje lamen bay moun menmjan ak Kris la lè nou wè yon moun nan nesesite e nou pa konnen sa pou nou di?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kisa nou jwenn nan levanjil Jezikri a ki ba nou lajwa? Kijan nou ka pataje lajwa sa a avèk lòt moun?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou jwenn non zansèt nou yo ki bezwen òdonans tanp yo? Kisa nou ka fè pou ede lòt moun jwenn non zansèt pa yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas oswa kowòm yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Kisa ki rive ak plizyè milya moun ki mouri san yon opòtinite reyèl pou tande levanjil Jezikri a oswa resevwa òdonans sali yo? Nou ka jwenn endis pou yon repons nan 1 Pyè 3:18–20; 4:6, kote Pyè te pale sou levanjil la k ap preche pou mò yo. Apresa Doktrin ak Alyans 138 devwale verite konplè a—zansèy nou yo ka vin jwenn Kris konplètman si yo gen lafwa nan li epi aksepte levanjil lli a epi nou rann òdonans yo disponib pou yo nan tanp lan. Benediksyon sa a fè obligasyon pou nou—desandan yo ki gen levanjil la—chèche non yo, slr nan tanp lan, epi resevwa òdonans sali yo nan plas yo.

Ki eksperyans ou te fè pou ede zansèt ou yo vin pi pre Kris? Kijan nou ka ede moun n ap ansenye yo vin pi eksite konsènan istwa familyal ak travay tanp epi gen plis konfyans nan abilite yo pou fè sa? Pandan w ap prepare, ou ta ka li mesaj Eldè Dale G. Renlund nan “Travay Tanp ak Istwa Familyal: Sèlman ak Gerizon” (Lyawona, Me 2018, 46–49).

Aprann Ansanm

Kijan manm yo nan klas oswa kowòm ou an t ap reponn yon moun k ap mande kijan bon moun ki pa t gen chans pou yo resevwa levanjil la ka jwenn sali? Kisa yo jwenn nan 1 Pyè 3:18–20; 4:6 pou ede reponn kesyon sa a? Nan videyo “Eske M Pral Fè Pati Pa m nan?,” Eldè Enrique R. Falabella bay ide adisyonèl. Ou ka kontinye diskisyon w lan avèk youn oswa plis nan aktivite ki pi ba yo.

  • Doktrin sou redanmsyon mò yo disp[onib sèlman nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Envite manm kals oswa kowòm yo etidye Doktrin ak Alyans 138:25–39 endividyèlman oswa an gwoup epi pataje sa yo aprann (gade “Resous pou Sipò ” pou ekriti adisyonèl sou sijè sa a). Kisa vèsè sa yo sigjere konsènan fason Papa nou ki nan Syèl la santi l konsènan tout pitit li yo? Kijan batèm pou mò yo ede zansèt nou yo vin pi pre Kris? Kijan sa ka ede nou vin pi pre Kris la ak ogmante lafwa nou nan Li?

  • Kisa ki ka enspire jèn yo pou yo plis enplike nan travay tanp ak istwa familyal? Petèt yo ta ka gade youn oswa toude videyo nou jwenn nan “Resous pou Sipò ” epi chèche jwenn fason travay tanp ak istwa familyal ka beni yo. Yo ta ka chèche jwenn tou pwomès benediksyon yo nan gran pwen yo nan mesaj Eldè Dale G. Renlund la “Travay Tanp ak Istwa Familyal: Sèlman ak Gerizon.” Apresa, envite yo pou yo pataje ki benediksyon ki gen plis enpòtans pou yo ak poukisa. Ou gendwa diskite tou kèk nan obstak yo ki gendwa anpeche nou patisipe nan travay tanp ak istwa familayl. Kijan Sovè a kapab ede nou simonte obstak sa yo?

  • Si manm yo nan klas oswa kowòm ou an gen aksè ak ekipman dijital, ou gendwa pran yon ti tan pou montre yo kijan Senyè a te rann li pi fasil pase nenpòt lè avan pou jwenn zansèt yo ki bezwen òdonans sali yo (gade “Resous pou Sipò”). Ou ta ka envite konsiltan tanp ak istwa familyal pawas la pou ede jèn yo konprann resous sa yo. Ou ta ka ankouraje jèn yo pou yo fè plan pou eksplore resous sa yo lakay yo epi vini avèk yon rapò nan yon reyinyon alavni.

Imaj
jènfi ka p pale

Lè nou akonpli òdonans sakre yo nan tanp lan, nou ede nan rann benediksyon levanjil yo disponib pou moun ki mouri yo.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan medite epi anrejistre sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia. Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo panse sou kijan aplike enpresyon yo pral ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Lè w envite jèn yo pou yo anseye, pran tan pou w ede yo prepare yo konvenableman. Eksplike kisa w fè pou w prepare w pou w anseye? Nan fason sa a, w ap ede yo non sèlman pou yon leson men pou tout yon lavi ansèyman levanjil nan fason Sovè a.