Nouvo Testaman 2023
12 Novanm. Kijan M Ka Vin Pi Pre Jezikri Atravè Òdonans ak Alyans Sakre yo? Ebre 7–13


“12 Novanm. Kijan M Ka Vin Pi Pre Jezikri Atravè Òdonans ak Alyans Sakre yo? Ebre 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023 (2022)

“12 Novanm. Kijan M Ka Vin Pi Pre Jezikri Atravè Òdonans ak Alyans Sakre yo?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023

Imaj
yon jènjan ki ap distribiye sentsèn

12 Novanm

Kijan M Ka Vin Pi Pre Jezikri Atravè Òdonans ak Alyans Sakre yo?

Ebre 7–13

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2ChurchofJesusChrist.org Planifye fason pou n aji sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou te vin pi pre Sovè a? Kijan n ap eseye vin pi sanble avèk Li?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki nan lide nou sèjousi? Kijan nou ka ede moun sa yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka reponn kesyon zanmi nou yo konsènan Legliz la nan yon fason ki ap ranfòse lafwa yo nan Sovè a?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki meyè fason nou kapab konekte avèk manm fanmi elaji nou yo, tankou granparan ak kouzen yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas oswa kowòm yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Pandan plizyè syèk, timoun Izrayèl yo, ke yo te rele Ebre yo, te ap patisipe dilijaman nan òdonans yo ki konekte avèk tabènak la ak lwa Moyiz la. E malgre sa anpil nan yo pa t rann yo kont ke bagay sa yo se te “kopi bagay ki nan syèl yo”—“yon lonbraj bon bagay ki gen pou vini yo” (Ebre 9:23; 10:1). Tout òdonans yo te gen objektif pou anseye yon konsènan Jezikri. Se sa Pòl te eksplike nan Epit li pou Ebre yo. Mesaj li a enpòtan pou nou jodia tou paske noumwenm tou nou gen òdonans sakre ki gen menm objektif la. Donk sa vo lapèn pou nou poze tèt nou kesyon sa a: Èske òdonans sa yo ap ede nou sonje Jezikri? Èske gen plis nou ta ka fè pou n ka fè ekspeyans pouvwa Jezikri atrav òdonans levanjil yo? Oubyen èske, tankou ansyen Ebre yo, nou pa rive sezi siyifikasyon pi pwofon yo?

Medite sou kesyon sa yo pandan w ap li Ebre 7–13 epi pandan w ap prepare pou w anseye sou fason òdonans yo mennen nou pi pre Jezikri. Ou gen dwa etidye kèk nan mesaj konferans jeneral yo site nan plan leson sa a tou.

Aprann Ansanm

Pou ede moun w ap anseye yo wè kijan yo ka apwoche pi pre Jezikri atravè alyans ak òdonans yo nan levanjil li a, ou ta ka envite yo drese yon lis sou kèk òdonans levanjil ak alyans ki gen rapò avèk yo sou tablo a (gade Sijè Levanjil, “Òdonans,” “Alyans,” topics.ChurchofJesusChrist.org). Kisa òdonans ak alyans sa yo anseye nou osijè Kris la ak Ekspyasyon L la? Deklarasyon Èldè David A. Bednar a nan “Resous pou Sipò” yo founi yon definisyon sou òdonans yo ak lòt ide enpòtan. Aktivite tankoju sa yo ka ede tou.

  • Ou gen dwa envite jèn li Doktrin ak Alyans 84:19–22 epi diskite sou kesyon tankou sa yo: Kisa “pouvwa divinite a” vledi? Kijan òdonans ak alyans sa yo ede nou fè eksperyans pouvwa sa a? Ki diferans òdonans ak alyans yo fè nan lavi nou? Kijan yo kapab ede nou rete konekte avèk Sovè a? Pou ede reponn kesyon sa yo, jèn yo ta ka li kat premye paragraf yo nan mesaj Èldè Kent F. Richards la “Pouvwa Dinivite a” (Lyawona, Me 2016, 118) oswa mesaj Èldè Bednar la “Se pou Kay Sa a Konstwi nan Non Mwen” (Lyawona, Me 2020, 84–87), espesyalman seksyon an “Soti anndan rive deyò a”

  • Anvizaje mande moun w ap anseye yo kijan yo t ap eksplike òdonans sentsèn nan pou yon moun ki pa konn anyen konsènan li. Seksyon “Eksperyans ak Temwayaj” la nan mesaj Èldè Taniela B. Wakolo a “Òdonans Sali yo Ap Pote Limyè Mèveye pou nou” nan (Lyawona, Me 2018, 39–41) an founi yon egzanp. Jèn yo gen dwa jwenn ansèyman enpòtan tou nan videyo “Toujou Sonje L” la nan (ChurchofJesusChrist.org). Kijan sentsèn nan mennen nou pi pre Jezikri? Ki opòtinite nou genyen pou nou anseye lòt moun konsènan sa?

  • Revize senk sigjesyon yo nan mesaj Èldè Peter F. Meurs la “Sent Sèn lan ka ede nou vin pi Sen” (Lyawona, Nov. 2016, 85–87) ta ka ede jèn yo konprann kijan pou yo prepare pou sentsèn nan. Oubyen, si w gen jèn ki ap prepare yo pou yo resevwa dotasyon yo, revize ansanm seksyon ki rele “Konsènan Dotasyon Tanp lan” nan temples.ChurchofJesusChrist.org. Diskite kijan òdonans sakre sa yo ak alyans ki gen rapò avèk yo kapab ede mennen nou pi pre Sovè a.

  • Anvizaje ekri mo Sentsèn, Batèm, ak Tanp sou tablo a. Anba yo chak, envite jèn yo drese lis alyans nou fè yo. Referans nou jwenn nan “Resous pou Sipò yo” kapab ede. Diskite ansanm kijan alyans sa yo ede nou vin pi pre Jezikri.

  • Ou ta ka divize klas ou a oswa kowòm ou an an gwoup epi bay chak gwoup responsablite pou yo revize yon seksyon swa nan mesaj Èldè Elder Ronald A. Rasband lan“Kanpe Bò Kote Pwomès ak Alyans Nou yo” (Lyawona, Nov. 2019, 53–56) oswa mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan “Rezon yon Wout Alyans lan” (Lyawona, Me 2021, 116–19). Ankouraje yo pou yo pataje sa yo aprann sou jan pou yo kenbe alyans yo ranfòse relasyon yo avèk Jezikri.

Imaj
jènfi ki ap mache deyò yon tanp

Òdonans sakre levanjil la pote “pouvwa divinite a” nan lavi nou (gade nan Doktrin ak Alyans 84:19–22).

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo ap fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia. Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Mozya 18:8–10 (Alyans batèm)

  • Mowoni 4–5 (Alyans sentsèn)

  • Èldè David A. Bednar te anseye: “Òdonans sakre yo se pati santral nan levanjil Sovè a ak nan pwosesis pou nou vin jwenn Li epi chèche renesans espirityèl la. Òdonans yo se akyson sakre ki gen objektif espirityèl, siyifikasyon etènèl, epi yo anrapò avèk lwa ak règleman Bondye. …

    “Òdonans sali ak egzaltasyon yo administre nan Legliz retabli Senyè a yo reprezante plis pase pèfòmans rityèl ak senbolik. Okontrè, yo se kanal otorize ki pèmèt benediksyon ak pouvwa syèl yo vide nan lavi endividyèl nou. …

    “Òdonans ke moun yo resevwa epi onore avèk entegrite yo esansyèl pou nou jwenn pouvwa divinite a ak tout benediksyon ki disponib atravè Ekspyasyon Sovè a” (“Toujou Konsève yon Remisyon pou Peche nou yo,” Lyawona, Me 2016, 59–60).

Anseye nan Fason Sovè a

Pandan w envite moun w ap anseye yo pou yo aji selon vrè doktrin nan, w ap ede yo pwolonje eksperyans aprantisaj la lakay yo ak nan lavi kotidyèn yo.