Nouvo Testaman 2023
22 Oktòb. Kijan M Ka Rete Solid nan Angajman M Devan Jezikri? 1 ak 2 Tesalonisyen


“22 Oktòb. Kijan M Ka Rete Solid nan Angajman M Devan Jezikri? 1 ak 2 Tesalonisyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“22 Oktòb. Kijan M Ka Rete Solid nan Angajman M avèk Jezikri?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
jèn k ap mache

22 Oktòb

Kijan M Ka Rete Solid nan Angajman M Devan Jezikri?

1 and 2 Tesalonisyen

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,10.211.2). Planifye fason pou n aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te ranfòse temwayaj nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki bezwen èd nou ak priyè nou? Kisa nou santi nou pouse pou nou fè pou ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou kapab vin yon limyè pou manm fanmi nou oubyen zanmi nou ki pa pataje kwayans nou yo?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou kapab montre lanmou ak sipò nou pou fanmi nou epi fè yon diferans pozitif nan fwaye nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon yo te fè pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Pifò nan nou konnen yon moun ki sanble l te konplètman angaje a Jezikri a yon sèten moman, men ki te vin tonbe lwen lafwa. Li natirèI pou nou mande, “Èske sa ta ka janm rive m?” Pòl te fè lwanj Sen Tesalonisyen yo pou fidelite yo, men, li te santi l enspire pou avèti yo konsènan fo ansèyman ak lòt enfliyans ki te kapab afebli lafwa yo. Kèlkeswa fòs angajman nou devan Sovè a kounyeya, toujou gen anpil bagay nou ka fè pou “pèfeksyone sa ki manke nan lafwa [nou]” (1 Tesalonisyen 3:10).

Pandan w ap priye konsènan moun nan klas ou a oubyen kowòm ou an, koute enspirasyon Seyè a voye ba ou. Kisa w santi ki ta kapab ede yo rete fidèl a Sovè a kèlkeswa opozisyon yo rankontre? Kisa ki ede w? Pandan w ap prepare w pou anseye, ou ta kapab revize mesaj Elder Dale G. Renlund nan “Angajman fèm avèk Jezikri” (Liyawona, Nov. 2019, 22–25) ajoute sou 1 ak 2 Tesalonisyen.

Aprann Ansanm

Pou ede jèn yo revize sa yo li nan 1 ak 2 Tesalonisyen yo epi entwodui sijè pou rete djanm nan angajman nou devan Sovè a, ou ta kapab li ansanm avèk yo 2 Tesalonisyen 2:1–3. Diskite kisa ekspresyon “tonbe lwen an” ta kapab vle di. An patikilye, kisa sa vle di pou yon moun tonbe lwen Jezikri? Ou ta kapab konpare tèm sa a avèk lòt fraz Pòl itilize yo, tankou “kanpe fèm nan Senyè a” (1 Tesalonisyen 3:8) ak “pa fatige fè byen” (2 Tesalonisyen 3:13). Apre sa, ou ta kapab revize 1 Tesalonisyen 5:15–23. Kijan konsèy Paul bay nan vèsè sa yo ka ede nou pou nou pa tonbe lwen lafwa nou nan Jezikri—menm lè nou rankontre opozisyon? Itilize aktivite tankou sa yo pou ede manm klas la oubyen manm kowòm nan rete djanm nan angajman yo devan Sovè a.

  • Sa ka enspire nou lè nou aprann nan egzanp lòt moun ki te vin inebranlab nan angajman yo avèk Kris la. Pa egzanp ou ta kapab etidye ansanm egzanp Anti-Nefi-Leyi yo, ki te “yon pèp sovaj, ki gen kè di, epi ki fewòs” men “tonbe lwen” apre yo te “konvèti nan Seyè a” (Alma 17:14; 23:6–8). Kisa Alma 24:8–18 sijere sou rezon ki fè yo te rete fidèl la? Ki chwa kle yo te fè? Kijan Senyè a te ede yo? Nou ka jwenn lòt egzanp ankò nan mesaj Èldè Dale G. Renlund nan “Angajman Fèm avèk Jezikri.” Petèt, kèk jèn ta kapab li kèk nan egzanp sa yo epi pataje sa yo aprann konsènan rete fidèl anvè Kris la. Kòman nou rete angaje anvè Senyè a malgre erè nou yo?

  • Nan efò nou pou ranfòse lafwa nou yo, li nesesè pou nou konsyan de fòs ki ap chèche febli nou yo. Vizyon Leyi a konsènan pyebwa lavi a dekri kè nan fòs sa yo. Petèt, ou ta kapab montre yon foto vizyon an (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la [2009], no. 69) epi revize ansanm detay ki nan 1 Nefi 8:10–34yo. Nan vizyon an, kisa ki te anpeche moun yo jwi fwi pyebwa a? Kisa ki te ede moun yo rive nan pyebwa a pou yo rete la? Kisa bagay sa yo senbolize nan lavi nou?

  • Nan mesaj li a “Pouvwa pou simonte Advèsè a” (Lyawona, Nov. 2019, 110–12), Èldè Peter M. Johnson te fè lis twa fason Satan eseye febli nou. Ou ta kapab asiyen chak jèn pou yo li konsènan youn nan sa yo, epi pataje ekzanp yo avèk klas oubyen kowòm nan sou fason Satan itilize zouti sa a kont jèn moun yo jodia. Apre sa, yo chak ta ka li yonn nan kat sijesyon Èldè Johnson yo pou simonte taktik advèsè a epi pataje sa yo aprann.

Imaj
Jezikri

Pa pè, pa Michael Malm

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Nan anpil ka, li ka apwopriye pou w envite elèv yo pou youn ede lòt jwenn repons pou kesyon yo. Si w santi Lespri a enspire w, ou gen dwa deside pou w fè sa menmsi w santi ke w konn repons lan.