Nouvo Testaman 2023
Itilize “Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo”


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo,,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo,,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023

Imaj
jènjan ki ap li ekriti

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo

Ki bi Reyinyon Kowòm ak Reyinyon Klas nou yo?

Senyè a konfye w yon responsablite sakre: Li aple w pou w sèvi nan yon prezidans klas Jènfi oswa yon prezidans kowòm nan Prètriz Aawon an. Yon pati nan responsablite w se dirije ak kondui reyinyon klas oswa kowòm yo lè Dimanch. Pou fè sa, li ta bon pou w konprann poukisa nou gen reyinyon sa yo.

Reyinyon klas Jènfi ak kowòm Prètriz Aawon yo diferan de klas Legliz tankou Lekòldididmanch oswa seminè. Nan reyinyon klas oswa kowòm, nou aprann konsènan travay Bondye konfye nou an, epi nou òganize manm klas oswa kowòm nou yo pou yo ka fè travay sa a nan fwaye nou, nan Legliz la, ak nan kominote nou yo. Nan reyinyon sa yo, se pa sèl pale nou pale de travay la—nou fè plan pou nou ranpli wòl nou kòm yon pati nan batayon jèn Senyè a, ki enkli ede L rasanble Izrayèl.

Imaj
jènfi ki nan klas

Nan reyinyon klas ak kowòm yo, nou fè plan pou nou ranpli wòl nou kòm yon pati nan batayon jèn Senyè a.

Men, aksan sa a nou mete sou travay la pa vle di ke nou kite diskisyon sou doktrin yo sèlman pou Lekòldidimanch. An reyalite, aprann doktrin nan reyinyon klas Jènfi yo ak nan reyinyon kowòm Prètriz Aawon yo endispansab—sa ede nou fòtifye relasyon nou avèk Jezikri, konprann plan Papa nou ki nan Syèl la, ak patisipe nan travay Yo a. Pandan n ap etidye levanjil la ansanm, verite nou aprann yo ka chanje kè nou epi ede nou konnen kijan pou nou aji nan fason ki pi kretyen. Nou ka resevwa enspirasyon sou fason pou nou pwogrese “nan sajès ak wotè, epi an favè devan Bondye ak devan lèzòm” (Lik 2:52). Pandan n ap vin konvèti pi plis nan Jezikri ak nan Levanjil Li a, n ap jwenn lajwa e n ap santi dezi pou nou ede lòt moun sou chemen alyans lan.

Kimoun ki Dirije Reyinyon sa yo?

Bondye aple ou kòm prezidans klas ak kowòm epi Li ba ou otorite pou w dirije. Se poutèt sa yon manm prezidans klas oswa kowòm nan ta dwe dirije chak reyinyon klas oswa kowòm. Dirijan adilt yo ta dwe ofri konsèy ak sipò, men yo pa dwe pran plas ou. Gade seksyon ki rele “Fè Konsèy ” la nan kòmansman chak plan leson nan manyèl sa a pou w ka jwenn ide pou ede w konn kijan pou w dirije yon reyinyon ak akonpli vrè objektif li yo. Itilize reyinyon prezidans yo pou planifye kijan w pral dirije reyinyon jou Dimanch sa yo.

Kiyès Ki Ta Dwe Anseye Leson an?

Dirijan adilt yo, yon manm prezidans klas la oswa kowòm nan, oubyen nenpòt manm nan klas oswa kowòm nan ka anseye leson yo. Antanke prezidans klas la oswa prezidans kowòm, konsilte dirijan adilt yo pou w ka konn kiyès ou ta dwe bay tach pou anseye leson yo. Sonje ke dirijan adilt ou yo gen anpil pou yo ofri. Chèche aprann nan eksperyans yo ak temwayaj yo. Gen anpil avantaj ou ka jwenn tou si w s mande jèn yo pou yo anseye—anseye ka ede apwofondi konvèsyon yo ak ede yo bati relasyon ki pi solid avèk lòt manm klas la oswa kowòm nan. Konsa, ba yo opòtinite apwopriye pou yo anseye tout leson an oubyen yon pati ladan l, men pa janm bliye bezwen ak kapasite moun yo ki nan klas oswa kowòm ou an. Pa egzanp, dirijan adilt yo gen dwa anseye pi souvan nan klas oswa kowòm yo avèk jèn ki pi piti yo oubyen avèk jèn ki gen mwens eksperyans nan anseye levanjil la. Lè w envite jèn yo pou yo anseye, yon paran oubyen yon konsiltan adilt ta dwe ede yo prepare si yo ta bezwen sa.

Moun ki gen tach pou anseye yo ka itilize seksyon ki rele “Anseye Doktrin nan” ki nan chak plan leson nan manyèl sa a pou ede yo prepare yo. Seksyon sa a gen sigjesyon pou ansèyman ak diskisyon sou doktrin pou semèn nan, men enstriktè yo pa ta dwe santi yo limite a sigjesyon sa yo sèlman. Selon jan Lespri a dirije yo, enstriktè yo ka adapte ide sa yo oubyen itilize pwòp ide pa yo pou yo anseye nan yon fason ki ka satisfè bezwen manm klas oswa kowòm lan pi byen epi ede yo konprann doktrin nan.

Ki Sijè Doktrinal Nou Pral Diskite nan Reyinyon Nou yo?

Sijè ki nan plan leson pou chak semèn nan se yon prensip doktrinal ke yo chwazi pou l ka koresponn avèk lekti yo rekòmande pou menm semèn sa a, ke nou jwenn nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo Nan fason sa a, diskisyon doktrinal yo nan reyinyon klas oswa kowòm yo pral sipòte sa jèn yo ap aprann nan fwaye yo.

Menmsi nou dwe suiv plan leson pou nou anseye nan jou Dimanch espesifik, w ap toujou gen opsyon pou w pale de lòt sijè doktrinal baze sou bezwen klas oswa kowòm ou an.

Resous sa yo enkli plan leson pou chak semèn lè gen klas Jènfi ak reyinyon kowòm Prètriz Aawon yo. Pa okazyon, ou ka petèt oblije sote yon leson akoz konferans pieu oubyen pou lòt rezon.

Ki Wòl Dirijan Adilt Nou yo?

Dirijan adilt yo jwe yo wòl enpòtan nan klas Jènfi ak kowòm Prètriz Aawon yo. Y ap gide ou ak konseye ou nan apèl ou kòm dirijan an. Y ap sipòte w ak ankouraje w pandan w ap fè travay klas ou a oswa kowòm ou an. Y ap anseye w doktrin nan, epi y ap beni w atravè egzanp yo, eksperyans yo, ak temwayaj yo.