Nouvo Testaman 2023
8 Janvye. Kijan M Ka Beni Lòt Moun avèk Temwayaj Mwen Konsènan Jezikri? Matye 1; Lik 1


8 Janvye. Kijan M Ka Beni Lòt Moun avèk Temwayaj Mwen Konsènan Jezikri? Matye 1; Lik 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“ 8 Janvye. Kijan M Ka Beni Lòt Moun avèk Temwayaj Mwen Konsènan Jezikri?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Selon Pawòl Ou, pa Elspeth Young

Mari te rann yon yon temwayaj puisan sou misyon Sovè a (gade nan Lik 1:46–55). Selon Pawòl Ou, pa Elspeth Young

8 Janvye

Kijan M Ka Beni Lòt Moun avèk Temwayaj Mwen Konsènan Jezikri?

Matye 1; Lik 1

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans klas la oswa kowòm lan; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oubyen Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa, itilize youn oubyen plizyè nan kesyon anba la a yo oubyen pwòp kesyon pa w pou w mennen yon diskisyon konsènan travay sali ak egzaltasyon an (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo,, 10.2, 11.2, ChurchofJesusChrist.org). Planifye fason pou w aji sou sa w diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kisa nou te diskite dènye fwa a, epi ki envitasyon oubyen tach ki te fèt? Kisa nou te fè pou nou reponn a envitasyon oubyen tach sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kisa nou kapab fè oswa di pou nou lonje lamen bay moun ki ta kapab santi yo sèl oubyen lwen Papa nou ki nan Syèl la?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki fason nou kapab ede lòt moun santi lanmou Jezikri?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki ide nou youn ka pataje avèk lòt pou ede ranfòse fanmi nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm lan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon ki te fèt pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Menm jan avèk pifò Juif fidèl nan epòk li a, Mari te reyèlman ap tann vini Mesi a. Apre yon zanj te fin aprann li ke rete ap tann nan te prèske fini—epi se li ki t ap vin manman Redanmtè Bondye te pwomèt la—Mari te rann yon bèl temwayaj konsènan “Bondye Sovè m nan.” Temwayaj sa a ekri nan Lik 1:46–55, epi Kretyen tout kote nan mond lan renmen l. Pandan w ap li vèsé sa yo, panse a moun ki nan klas ou yo oubyen kowòm ou an. Yomenm tou, menm jan avèk Mari, ap prepare pou vini Jezikri a—fwa sa a, pou Dezyèm Vini gloriye L la. Epi tou, menm jan avèk Mari, temwayaj yo ka gen enfliyans puisan sou lafwa moun ki bòkote yo.

Kijan moun w ap anseye yo santi yo konsènan Jezikri? Kijan temwayaj yo konsènan Li ta ka beni lòt moun? Panda w ap prepare w pou anseye a, ou ta ka etidye tou 2 Nefi 25:23–26 ak mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Nou Pale konsènan Kris la” (Lyawona, Nov. 2020, 88–91).

Aprann Ansanm

Yon bon fason pou ede jèn yo reflechi sou temwayaj yo konsènan Jezikri se egzamine temwayaj Mari a ki nan Lik 1:46–55la ansanm avèk yo. Petèt youn ta kapab pataje avèk lòt kèk ekspresyon ki dekri sa Mari te kwè ak santi konsènan Sovè a. Kiyès nan fraz sa yo ki dekri kijan nou santi nou konsènan Li? Pa egzanp, kisa ki lakoz lespri nou “[rejwi nan Bondye”? (vèsè 47). Ki “gran bagay” Li fè pou nou? (vèsè 49). Kijan L montre fòs Li nan lavi nou? (gade nan vèsè 51). Ide pou aktivite ki pi ba la a yo ta kapab mennen nan konvèsasyon sou jan temwayaj nou konsènan Kris la ka beni lòt moun.

  • Mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Nou Pale de Kris la” ede nou eksplike poukisa nou ta dwe pale pi ouvètman de Sovè a—ak kijan nou ka fè sa. Nou ta ka li kèk seksyon nan mesaj Èldè Andersen nan ansanm. Manm klas la oubyen kowòm nan ta ka diskite sou rezon li te bay pou nou pataje temwayaj nou konsènan Jezikri a ak konsèy li sou jan pou nou fè sa. Ki bagay espesyal nou ka fè pou nou pale de Kris la pi ouvètman?

  • Kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou konnen verite enpòtan konsènan Jezikri ke nou ka pataje. Kijan w ta ka ede jèn yo reflechi sou verite sa yo? Ou ta ka mande yo pou yo etidye “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” endividyèlman oubyen an gwoup, pandan y ap chèche repons pou kesyon “Ki verite konsènan Sovè a ki gen siyifikasyon espesyal pou ou?” Mande yo pou yo pataje verite yo jwenn yo epi pou yo eksplike poukisa verite sa yo gen siyifikasyon pou yo. Yo ta ka pataje ekriti sa yo ak pwòp eksperyans pa yo pandan y ap fè sa. Apresa, yo ta kapab diskite sou ki verite konsènan Sovè a yo ta ka pataje sou rezo sosyal, avèk yon zanmi ki ap lite avèk temwayaj li, oubyen yon moun ki pa manm Legliz la.

  • An plis de Lik 1:46–55la, ekriti yo gen anpil lòt pasaj ki ta ka enspire nou pou nou pataje sa nou konnen konsènan Jezikri. Gen kèk egzanp nan seksyon “Resous pou Sipò” a. Anvizaje li ekriti sa yo ansanm. Kisa yo anseye nou sou jan pou nou pataje temwayaj nou konsènan Jezikri avèk lòt moun? Ki lòt bagay nou aprann nan vèsè sa yo? Manm klas la oubyen kowòm nan ta ka pataje bagay yo aprann nan men moun yo konnen ki pataje lafwa yo nan Jezikri ouvètman tou.

Imaj
jènfi ki ap etidye ekriti yo

Pandan n ap aprann konnen ak renmen Sovè a, n ap jwenn fason pou pataje temwayaj nou konsènan Li.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm lan oswa klas la pou yo medite epi pou yo ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aji selon enpresyon yo resevwa yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Poze kesyon ki ankouraje elèv yo pou yo rann temwayaj kapab yon mwayen puisan pou envite Lespri a. Ou ta ka poze kesyon tankou “Kijan ou te fè vin konnen ke Jezikri te rachte peche w yo?” oubyen “Kijan nou te fè vin apresye sa Sovè a te fè pou nou nan Jetsemani an?”