Nouvo Testaman 2023
22 Janvye. Kijan Jezikri Se yon Limyè nan Lavi M? Jan 1


“22Janvye. Kijan Jezikri Se yon Limyè nan Lavi M? Jan 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“ 22 Janvye. Kijan Jezikri Se yon Limyè nan Lavi M?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Nou Se Limyè Mond lan, pa Simon Dewey

Nou Se Limyè Mond lan, pa Simon Dewey

22 Janvye

Kijan Jezikri Se yon Limyè nan Lavi M?

Jan 1

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2) Planifye fason pou nou aji sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te ranfòse temwayaj nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki bezwen èd ak priyè nou? Kijan nou santi nou ta dwe fè pou ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou kapab vin yon limyè pou manm fanmi oubyen zanmi ki pa pataje kwayans nou yo?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou kapab montre lanmou ak sipò nou pou fanmi nou yo epi fè yon diferans pozitif nan fwaye nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Apot Jan te ouvri Levanjil li a kote li t ap konpare Jezikri avèk yon limyè ki “briye nan tenèb” (Jan 1:5). Manm yo nan klas oubyen kowòm ou an ap grandi nan yon epòk tenèb espirityèl. Men se yon epòk kote “limyè mèveye” Sovè a disponib pou ede yo wè klè epi jwenn wout yo tou (1 Pyè 2:9).

Pandan w ap li Jan 1 semèn sa a, medite sou rezon ki fè limyè enpoòtan anpil ak kijan Sovè se yon limyè nan lavi w (gade tou nan Tradiksyon Joseph Smith, Jan 1:1–34 [nan Apenndis Bib la]). Kijan limyè L la kapab beni moun w ap anseye yo? Kijan ou ka ankouraje yo pou yo mache nan limyè La? Pou ede w medite sou kesyon sa yo, ou ta gen dwa etidye Doktrin ak Alyans 88:5–13, 67; 93:2–9 ak mesaj Sè Sharon Eubank lan: “Kris: Limyè Ki Klere nan Fènwa” (Lyawona, Me 2019, 73–76).

Aprann Ansanm

Souvan li itil pou kòmanse diskisyon w lan pandan w ap bay klas la oswa kowòm nan yon chans pou yo pale de sa y ap aprann nan etid yo nan ekriti yo. Pa egzanp, semèn sa a ou ta ka mande yo pou pataje yon mo oswa yon fraz nan Jan 1:1–17 la ki anseye yo yon bagay konsènan Sovè a. Kite yo pale de rezon k fè yo te chwazi mo oswa fraz yo a ak kisa li anseye yo konsènan Jezikri. Pataje avèk yo kijan Jezikri se yon limyè nan lavi w. Aktivite pi ba la yo kapab ede w kontinye diskisyon an.

  • Pou ede moun w ap anseye yo apresye limyè Sovè a, petèt yon manm klas la oswa kowòm nan ta ka pataje kijan yon moun santi lè l nan fènwa. Gen yon istwa ki ta ka ede nan kòmansman mesaj Èldè Timothy J. Dyches la: “Limyè Atache a Limyè” a (Lyawona, Me 2021, 112–15). Poukisa pafwa moun pè fènwa? Poukisa nou bezwen limyè? Poukisa yo rele Jezikri Limyè Mond lan? Ou ta gen dwa mande jèn yo pou etidye mesaj Èldè Dyches nan kòmanse avèk “Pèmèt mwen sigjere ke petèt sa se moman pou w kesyone tèt ou.” Yo ta kapab chèche wè kisa nou ka fè pou nou pote limyè Sovè a pi konplètman nan lavi nou.

  • Ekriti ki nan lis ki anba “Resous pou Sipò” yo ka ede klas ou a oswa kowòm ou an konprann limyè ke Jezikri ofri a pi byen. Ou ta gen dwa li ak diskite kèk nan premye gwoup ekriti yo antanke yon klas. Apre sa ekri Kijan nou ka pote limyè Sovè a nan lavi nou? sou tablo a, epi envite jèn yo fè lis repons yo jwenn yo nan dezyèm gwoup ekriti yo. Ou ta kapab mete jèn yo an gwoup de epi mande yo pou youn pataje avèk lòt kijan Jezikri se te yon limyè nan lavi yo.

  • Sè Sharon Eubank te di, “Youn nan bezwen fondamantal nou genyen pou nou ka pwogrese se rete konekte avèk sous limyè nou an—Jezikri” (“Kris la: Limyè Ki Klere nan Fènwa a,” 73). Ou ta gen dwa ilistre sa avèk yon demonstrasyon pratik—petèt nan montre yon flach oswa yon aparèy elektwonik epi diskite poukisa yon sous enèji li enpòtan. Manm klas la oswa kowòm nan ta ka revize mesaj Sè Eubank lan apre sa, pou yo chèche jwenn fason Satan ap eseye “koupe sous enèji [nou] an.” Kijan nou ka kenbe yon koneksyon solid avèk Jezikri? Ki envitasyon nou jwenn nan mesaj li a?

  • Kantik tankou “Christ est Ma Lumière” ak “Brillante ètoile, ètoile du matin” (Cantiques, nimewo 150, 52) yo temwaye ke Jezikri se limyè nou. Anvizaje chante chante sa yo (oswa lòt nou konnen) ansanm epi idantifye pawòl oswa fraz ki anseye nou kijan Jezikri tankou yon limyè. Kijan lòt moun te pote limyè Sovè a nan lavi nou? Kijan nou ka pataje limyè L la avèk lòt moun?

Imaj
Yon Don Limyè, pa Eva Timothy

Yon Don Limyè, pa Eva Timothy

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm ou an oswa klas ou a pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a. Si yo ta vle, yo ta kapab pataje ide yo. Envite yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Si w pote atansyon a sa k ap pase nan lavi manm klas ou a oswa kowòm ou an, w ap jwenn opòtinite ekselan pou w anseye. Kòmantè elèv yo fè oubyen kesyon yo poze kapab mennen nan moman ansèyman tou.