Nouvo Testaman 2023
12 Fevriye. Kijan M Ka Amelyore Adorasyon M pou Bondye? Jan 2–4


“12 Fevriye. Kijan M Ka Amelyore Adorasyon M pou Bondye? Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“12 Fevriye. Kijan M Ka Amelyore Adorasyon M pou Bondye?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023.

Imaj
Nan pui a, pa Crystal Suzanne

Nan Pi a), pa Crystal Suzanne

12 Fevriye

Kijan M Ka Amelyore Adorasyon M pou Bondye?

Jan 2–4

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou nou aji sou sa k te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou vin pi pre Sovè a? Kijan n ap eseye vin pi sanble avèk Li?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki te nan lide nou sèjousi? Kijan nou ka ede moun sa yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka reponn kesyon zanmi nou yo sou Legliz la nan yon fason ki ap ranfòse lafwa yo nan Sovè a?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki meyè fason nou kapab konekte avèk manm fanmi elaji nou yo, tankou granparan ak kouzen nou yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm yo oubyen manm klas yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Pwobableman fi Samaria a ke yo te dekri nan Jan 4 la te konn ale nan pi a pou l pran dlo souvan. Men fwa sa a te diferan. Li te rankontre yon mesye Juif ki te mande l yon ti dlo. Sa poukont li te inabityèl paske an jeneral Juif yo pa t mele avèk Samariten yo. Men te gen yon lòt bagay ki te inabityèl konsènan mesye sa a. Kòm li te sispèk misye dwe te yon pwofèt, li te poze l kesyon sou adore Bondye. Èske sa te akseptab pou moun adore Bondye nan Samari? Oubyen èske pèp la dwe adore nan Jerizalèm, jan Juif yo te pretann nan? (gade nan Jan 4:19–20). Mesye a te eksplike ke kote nou adore a pa enpòtan men se fason nou adore a ki enpòtan: “Vrè adoratè ap adore Papa a an espri ak an verite: paske Papa ap chèche moun konsa pou adore li” (Jan 4:23). Apre sa mesye a te di l kiyès li te ye—Li se te Kris la, Sovè mond lan (gade nan Jan 4:25–26).

Èske jèn w ap anseye yo konprann kisa adore Pè Selès la vle di? Anplis adore nan legliz (gade nan Doktrin ak Alyans 59:9–10), ki lòt opòtimite yo genyen pou adore Li, enkli opòtinite yo gen dwa pa rekonèt kòm adorasyon yo? Resous sa yo kapab ede w prepare pou w anseye sou fason pou yo amelyore adorasyon yo pou Bondye: Sòm 95:1–7; Matye 4:8–10; Alma 32:4–11; Doktrin ak Alyans 20:17–19; 93:19–20, ak mesaj Evèk Dean M. Davies la “Benediksyon yo nan Adorasyon” (Lyawona, Nov. 2016, 93–95).

Aprann Ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou amelyore adorasyon, ou ta ka envite manm klas la oswa kowòm nan pou yo revize Jan 4:19–26 pèsonèlman epi ekri repons yo pou kesyon tankou sila yo: Poukisa mwen adore Bondye? Kisa adore Bondye vle di pou mwen? Li ta kapab itil tou pou nou revize ansanm definisyon ki nan seksyon “Adore” a nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Apre yo fin pran tan pou medite sou kesyon sa yo, envite yo pataje panse yo. Aktivite sa yo ka ede jèn yo resevwa enspirasyon Sentespri a.

  • Manm klas ou a oswa manm kowòm ou an ap gen ide valab konsènan sa adore Bondye vle di. Ou ta gen dwa mande yo pou yo pataje yon eksperyans kote yo te santi yo t ap adore Bondye. Pasaj ekriti tankou sa yo ka ajoute sou konpreyansyon yo epi ba yo ide sou kijan pou yo fè adorasyon yo pou Bondye pi siyifikatif: Sòm 95:1–7; Matye 4:8–10; Alma 32:4–11; Doktrin ak Alyans 20:17–19; 93:19–20. Yo ta gen dwa diskite tou deklarasyon Èldè Bruce R. McConkie a ki nan “Resous pou Sipò ” a.

  • Pou ede jèn yo amelyore adorasyon yo pou Bondye, anvizaje ekri gran tit sa yo sou tablo a : Kiyès, Poukisa, Ki kote, ak Kijan. Mande yo pou yo revize ekriti ki nan lis ki nan “Adore” nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org), pou yo chèche jwenn vèsè ki ka ede yo konprann kiyès, poukisa, ki kote, ak kijan nou ta dwe adore. Lè yo jwenn yon vèsè ki gen rapò avèk sa, envite yo pou yo diskite l avèk klas la oswa kowòm nan epi ekri referans la anba gran tit ki apwopriye a. Ankouraje yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi yo pi pre Bondye atravè adorasyon.

  • Mesaj Evèk Dean M. Davies la “Bendediksyon nan Adorasyon” gen egzanp sou moun k ap adore Bondye. Petèt nou ta kapab li ansanm seksyon ki di“Kisa Adore ye?a” Apre sa chak moun ta kapab revize youn nan egzanp moun ki ap adore yo jwenn nan twa seksyon apre yo nan mesaj la. Kisa chak egzanp yo anseye nou konsènan adore Bondye? Kisa dènye seksyon an nan mesaj la anseye konsènan benediksyon ki soti nan adore L avèk devosyon? Kisa nou santi nou enspire pou nou fè pou nou ka amelyore jan nou adore Bondye?

Imaj
jènjan ki ap li

Adore enkli etidye ekriti ak lòt pratik ki montre devosyon ak lanmou pou Bondye.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm lan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo ap fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou jan aplike enpresyon y ap ranfòse relasyon yo avèk Pè Sèlès la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Eleman ki nan Adorasyon,” Enseignements des Présidents de l’Eglise: David O. McKay (2003), 29–37

  • Donald L. Hallstrom, “Konvèsyon Pitit Bondye yo” (retransmisyon Seminè ak Enstiti Reliyon, 13 Jen, 2017), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org

  • Èldè Bruce R. McConkie te anseye: “Vrè adorasyon ki pafè a se suiv egzanp Piti Gason Bondye a; se respekte kòmandman yo epi obeyi volonte Papa a nan pwenn pou nou avanse gras an gras jiskaske nou glorifye nan Kris la menm jan Li glorifye nan Papa a. Li ale pi lwen lontan pase priyè ak diskou ak kantik. Li se viv ak aji ak obeyi. Se imite lavi gran Egzanp lan” (“Kijan pou Nou Adore,” Ensign, Des. 1971, 130; lèt majiskil modènize).

Anseye nan Fason Sovè a

Doktrin nou jwenn nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt dènye jou yo gen pouvwa pou l chanje kè ak ogmante lafwa. Amezi oumenm ak moun w ap anseye yo ap “eseye vèti pawòl Bondye a,” nou ap vin wè ke li gen “yon gwo tandans pou mennen pèp la fè sa ki jis” (Alma 31:5