Nouvo Testaman 2023
26 Fevriye. Kian Ansèyman Sovè a Ede M Fè Jijman ki Jis? Matye 6–7


“26 Fevriye. Kijan Ansèyman Sovè a Ede M Fè Jijman ki Jis? Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“26 Fevriye. Kijan Ansèyman Sovè a Ede M Fè Jijman ki Jis?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Jezi ak fi yo te kenbe nan adiltè a

26 Fevriye

Kijan Ansèyman Sovè a Ede M Fè Jijman ki Jis?

Matye 6–7

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou w fè suivi sou sa w diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki sijè episkopa a te diskite nan reyinyon konsèy jèn pawas nou an? Kisa nou kapab fè kòm yon klas oubyen yon kowòm ki baze sou diskisyon sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou ka lonje lamen bay moun nan fason Kris la lè nou wè yon bezwen e nou pa konnen sa pou nou di?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kisa nou jwenn nan levanjil Jezikri a ki pote kè kontan pou nou? Kijan nou ka pataje kè kontan sa a avèk lòt moun?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou jwenn non zansèt nou yo ki bezwen òdonans tanp yo? Kisa nou ka fè pou ede lòt moun jwenn non zansèt pa yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oubyen klas la sonje plan ak envitasyon yo te fè pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Gen yon tandans nan nou chak—kòm rezilta nati dechi nou an—pou nou jije lòt moun, kèkfwa enjisteman oubyen avèk siperyorite. Men, Sovè a te anseye: “Pa fè move jijman, pou yo pa jije w; men, fè jijman ki jis ” (Tradiksyon Joseph Smith, Matye 7:1 [nan Matye 7:1, referans a]). Medite sou kijan suiv konsèy sa a kapab beni oumenm ak moun w ap anseye yo. Senyè a montre, atravè egzan, kisa Li vle di avèk “jijman ji jis.” Pa egzanp, konsidere kijan L te trete fi ki te komèt adiltè a. Li pa t kondane l, men, Li pa t apwouve peche l la nonplis. Li te envite l pou l te “ale, epi pa peche ankò” (Jan 8:11). Kisa w aprann konsènan jije avèk jistis nan men Sovè a?

Pandan w ap medite sou jan ou pral ede jèn yo konprann jisman ji jis, ou ta ka etidye Matye 7:1–2 ak mesaj Èldè Lynn G. Robbins lan “Jij ki Jis la” nan (Lyawona, Nov. 2016, 96–98).

Aprann Ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon sou jije avèk jistis, ou ta ka mande klas la oubyen manm kowòm nan pou yo reflechi sou yon lè kote yo te santi lòt moun te maljije yo. Kijan yo te santi yo? Kisa nou aprann sou jije nan ansèyman Sovè a nan Matye 7:1–5? (gade nan Tradiksyon Joseph Smith nan referans 1a). Kisa ekspresyon “jijman ki jis la” la ta kapab vle di? Pou diskite vèsè sa yo, ou ta ka envite manm klas la oubyen kowòm nan pou yo repete chak vèsè yo nan pwòp mo pa yo. Aktivite tankou sa sa yo ka ede moun w ap anseye yo tou pou yo jije avèk jistis.

  • Ansèyman Sovè a nan Matye 6–7 yo ka ede nou “jije avèk jistis.” Pou ede manm klas la oubyen kowòm nan dekouvri ansèyman sa yo, ou ta kapab bay yo chak youn nan pasaj sa yo, pou yo medite: Matye 6:14–15; 7:3–5; 7:12; 7:15–20. Kisa pawòl sa yo Sovè a te di nan vèsè sa yo sigjere sou kisa jije avèk jistis vle di? Kisa nou ka aprann nan egzanp Sovè a nan Jan 8:1–11 ak Matye 9:10–13? Ki diferans nou remake ant fason Sovè a jije ak fason nou youn souvan jije lòt?

  • Paske nou tout gen libète pou nou chwazi, nou dwe konstamman fè jijman sou sa n ap fè ak sa nou pa p fè. Men kòm disip Sovè a, nou fè efò pou nou pa jije oubyen kritike lòt noun. Pou ede jèn yo konprann diferans lan, pataje avèk yo deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la ki nan seksyon “Resous pou Sipòa.” Kòm yon klas oubyen kowòm, travay ansanm pou w reflechi sou egzanp jije yon sitiyasyon—tankou yon aktivite, yon evènman, oubyen yon konvèsasyon—olye de jije yon moun ki enplike nan sitiyasyon an. Poukisa li pi bon pou nou jije yon sitiyasyon pase yon moun? Jèn yo ka gen lòt kesyon sou jije avèk jistis (gade nan egzanp ki nan seksyon “Resous pou Sipò”)a. Diskite kesyon yo ansanm pandan w ap Itilize enfòmasyon ki nan seksyon “Resous pou Sipò”a pou nou jwenn repons. Envite jèn yo pataje sa yo santi yo enspire pou yo fè gras a sa y ap aprann yo.

  • Nan mesaj konferans jeneral li a “Devlope Bon Jijman epi Pa Jije Lòt Moun” nan nan (Lyawona, Me 2010, 103–5)a, Èldè Gregory A. Schwitzer te rakonte de istwa—konsènan zanmi Jezi a, Mat ak yon mesye Èldè Schwitzer te ede. Kisa vèsè sa yo anseye sou fason nou ta dwe konsidere lòt moun ak trete lòt moun? Ki prensip ki ka ede nou vin pi sanble avèk Kris la epi jije avèk jistis? Video “Gade nan Fenèt” ak “Jije Lòt Moun? Sispann!” (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ban nou ide adisyonèl.

Imaj
jèn adilt ki ap pale

Pandan n ap aprann vin pi bon kretyen, nou ka jije avèk plis jistis.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oubyen kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa j jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Kòm egzanp sou kesyon jije lòt moun: “M te resevwa ansèyman pou m fè atansyon lè m ap chwazi zanmi. Men èske m ka fè sa san jije moun?” “Lè m eseye viv levanjil la, moun akize m, yo di m jije yo. Kijan m ka vrè nan kwayans mwen epi an menm tan montre amou m pou moun ki pa dakò avèk mwen?”

  • 1 Samyèl 16:7; Mowoni 7:12–19; Doktrin ak Alyans 11:12

  • Sijè Levanjil, “Jije Lòt Moun,” topics.ChurchofJesusChrist.org

  • Prezidan Dallin H. Oaks te anseye “Nenpòt lè sa posib, nou dwe evite jije moun, men nou dwe jije sitiyasyon sèlman. Sa endispansab nenpòt lè nou eseye aplike prensip ki diferan de lòt avèk moun nou dwe kolabore yo—lakay nou, nan travay, oubyen nan kominote nou. Nou ka tabli aplike prensip ki elve pou tèt pa nou oubyen fwaye nou san nou pa kondane moun ki fè lòt fason” (“‘Pa Jije’ ak Jije,” Ensign, Out 1999, 11).

Anseye nan Fason Sovè a

Efò w yo dwe sipòte efò paran yo. Pataje sa w ap anseye yo avèk paran jèn yo Konsilte yo pou w ka aprann bezwen jèn yo nan klas ou a ak pi bon fason pou ede yo reponn a bezwen sa yo.