Nouvo Testaman 2023
12 Mas. Kijan Sovè a Ka Ede M Simonte Laperèz Mwen yo? Matye 9–10; Mak 5; Lik 9


“12 Mas. Kijan Sovè a Ka Ede M Simonte Laperèz Mwen yo? Matye 9–10; Mak 5; Lie 9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“12 Mas. Kijan Sovè a Ka Ede M Simonte Laperèz Mwen yo? Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023

Imaj
Kris ki resisite pitit fi Jayiris la

Pitit fi m, Leve, pa Simon Dewey

12 Mas

Kijan Sovè a Ka Ede M Simonte Laperèz Mwen yo?

Matye 9–10; Mak 5; Lik 9

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou aji sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou te wè men Senyè a nan lavi nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou youn ka sipòte lòt nan bagay n ap travèse yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka itilize teknoloji pi byen kòm yon zouti pou nou pataje levanjil la?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou vin jwenn Kris la?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la ak kowòm nan sonje plan ak envitasyon yo te fè pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Chapit 5 nan liv Mak la rapòte ke gen twa moun ki te gen tout rezon pou yo te pè li te apwoche Jezi. Yon mesye avèk yon “espri ki pa pwòp” ki te fè fas a yon lazvi izolasyon, t ap viv “nan mòn yo, ak nan kavo yo, t ap kriye, ak blese tèt li avèk wòch” (Mak 5:2, 5). Jayiris, yon dirijan nan sinagòg la, te pè pou l pa t pèdi pitit fi l la, ki te “prèske mouri” (Mak 5:23). Epi yon fi avèk “yon emoraji ki te la depi douzan” ki pa t geri apre l te fin depanse “tout sa l te genyen” lakay “anpil doktè” a (Mak 5:25–26). Chak moun w ap anseye diferan epi yo chak ap fè fas a pwòp laperèz pa yo. Men, menmjan Sovè a ka chase espri ki pa pur yo, resisite mò yo, epi geri yon maladi terib la, Li ka ede nou lè nou gen laperèz tou. Konsèy Li te bay Jayiris la gen gwo pouvwa nan lavi nou jodi a: “Pa pè, sèlman kwè” (Mak 5:36).

Pou prepare w pou w anseye, anvizaje etidye mesaj Èldè Ronald A. Rasband “Pa twouble” a nan (Lyawona, Nov. 2018, 18–21) ak mesaj Sè Lisa L. Harkness “Lapè, Rete Pozel” a nan (Lyawona, Nov. 2020, 80–82).

Aprann Ansanm

Ou gen dwa envite yon manm klas la oswa kowòm nan pou rezime istwa a nan Mak 5 la sou Jezi ki envite Jayiris pou “li pa pè” a (gade vèsè 22–24, 35–43), oswa ou ka revize istwa an an gwoup. Ou gen dwa fè menm jan an pou lòt istwa yo nan chapit sa a—mesye avèk espri ki pa pwòp la ak fi ki gen pwoblèm emoraji a. Ki fason sitiyasyon laperèz sa yo ka konpare avèk sitiyasyon nou ta gen dwa ap fè fas nan lavi nou? Kisa nou ka aprann nan istwa sa yo konsènan Sovè a ak fason pou nou chèche èd Li? Aktivite ki pi ba yo ka ede jèn yo ogmante lafwa yo nan Jezikri epi aprann suiv konsèy Li ki di: “Pa pè, sèlman kwè” a (Mak 5:36).

  • Envitasyon Senyè a pou yo pa pè a, ki repete nan tout ekriti yo, ap beni jèn yo lè yo pè. Envite yo pou yo li ekriti yo nan “Resous pou Sipò” yo epi prepare yon postè yo ka ekspoze lakay yo—oswa yon postè dijital yo ka pataje anling—ki baze sou ekriti yo te li yo. Pandan youn ap pataje sa yo te kreye a avèk lòt, envite yo tou pou yo pataje sa yo te aprann ki ka ede yo lè yo gen laperèz. Kijan Senyè a te ede nou pandan yon moman laperèz?

  • Anvizaje montre yon imaj Sovè a ak ap kalme tanpèt la, tankou sa ki nan vèsyon dijital mesaj Sè Lisa L. Harkness la “Lapè, Rete Trankil” (gade tou Liv Ilistrasyon Levanjil la [2009], no. 40). Apre sa oumenm oswa yon moun ou bay tach la ta ka pataje istwa sou Sovè a k ap kalme tanpèt la ki nan Mak 4:35–41 an oswa nan mesaj Sè Harkness la. Nan ki fason nou pafwa tankou moun yo nan bato a? Kisa nou aprann nan istwa sa a konsènan fason Sovè a ka ede nou lè nou gen laperèz? Envite jèn yo pou yo repase mesaj Sè Harkness la, pou jwenn pfraz oswa pasaj ki ede yo genyen pi gwo lafwa nan Jezikri. Yo ta ka ekri bagay sa yo sou tablo a. Kijan lafwa nou nan Sovè a ede nou lè se pa volonte l pou li kalme tanpèt yo nan lavi nou?

  • Plizyè kantik fè louwanj Sovè a pou rekonfò ak fòs li nan moman difikilte ak ensètitid yo, tankou “Oh, j ai besoin de Toi” or “Reste avec nous, Seigneur!” (Cantiques, nos.53, 92). Petèt ou ka chante oswa li kèk nan sa yo ansanm, pou chèche fason Sovè a ka ede nou.

  • Laperèz ak anksyete se bagay nòmal lè n ap fè fas a difikilte lavi yo. Pou kèk moun, santiman sa yo kapab andikapan. Klas oswa kowòm ou an gen dwa benefisye de yon diskisyon sou fason Sovè a ka ede moun k ap lite anba diferan nivo anksyete. Manm klas la oswa kowòm nan gen dwa revize ansanm mesaj Èldè Ronald A. Rasband nan “Pa Twouble” a oswa mesaj Èldè Erich W. Kopischke a “Adrese Maladi Mantal” (Lyawona, Nov. 2021, 36–38), pou jwenn verite ki siyifikatif pou yo epi pataje sa yo jwenn. Ankouraje jèn yo pou yo pale avèk yon paran oswa yon dirijan yo fè konfyans oubyen ale nan mentalhealth.ChurchofJesusChrist.org si yo bezwen èd.

Imaj
jènjan ki ap etidye

Sovè a pwomèt pou L ede nou lè nou vire gade L nan moman laperèz ak ensètitid yo.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan ou yo pou medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a. Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo panse sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Lè w ap anseye, olye ke w senpleman transmèt enfòmasyon, ede jèn yo dekouvri verite levanjil yo pèsonèlman nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt yo.