Nouvo Testaman 2023
26 Mas. Kijan jènfi ak jènjan yo kapab travay ansanm pou ede bati wayòm Bondye a? Matye 13; Lik 8; 13


“26 Mas. Kijan jènfi ak jènjan yo kapab travay ansanm pou yo ede bati wayòm Bondye a? Matye 13; Lik 8; 13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“26 Mas. Kijan jènfi ak jènjan yo kapab travay ansanm pou ede bati wayòm Bondye a?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023

Imaj
reyinyon konsèy pawas

26 Mas

Kijan jènfi ak jènjan yo kapab travay ansanm pou yo ede bati wayòm Bondye a?

Matye 13; Lik 813

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2) Planifye fason pou nou aji sou sa ki diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan n ap jwenn lajwa nan suiv Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Ki moun nan pawas nou an oswa kominote nou an ki bezwen èd nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou youn ka ede lòt prepare pou sèvis misyonè?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kòman nou kapab kontribiye nan efò pawas nou an pou l fè istwa familyal ak travay tanp?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas oubyen kowòm yo sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Avèk yonm seri parabòl mou jwenn nan Matye 13, Sovè a te anseye verite enpòtan konsènan wayòm Bondye a ak kwasans remakab li nan epòk nou an. Nan de nan parabòl sa yo, yonm ti bagay senp te bay yon gwo bagay kòm rezillta. Epi sete aksyon yon pitit gason oswa pitit fi Bondye ki te ede mirak la rive. Yon ti grenn moutad te grandi tounen yon pyebwa ki gwo ase pou zwazo “abite nan branch yo” lè “yon moun te pran l, epi plante [li] nan jaden li” (Matye 13:31–32). Epi yon ti kantite ledven te lakòz yon gwo kantite pat leve lè “yon fi te pran l, epi kache [li] nan twa mezi yon repa” (Matye 13:33). Wayòm Bondye a nan epòk nou an grandi epi gaye akòz Sen li yo—ki enkli jènfi ak jènjan yo—travay ansanm avèk li pou bati l.

An plis de li Matye 13 ak Lik 813 semèn sa a, anvizaje pou li mesaj Prezidan M. Russell Ballard la “Gason ak Fi yo nan Travay Senyè a” (New Era, Avr. 2014, 2–5) ak mesaj Prezidan Jean B. Bingham “Ini nan Akonplisman Travay Bondye a” (Lyawona, Me 2020, 60–63).

Aprann Ansanm

Pou ede jèn wap anseye yo vizyalize parabòl yo nan Matye 13, anvizaje montre foto yon grenn moutad, ledven (tankou poud elevasyon), yon pèl, ak yon nas pou lapèch. Jèn yo ta ka revize Matye 13:31–33, 45–48 epi pataje kisa chak nan parabòl sa yo anseye yo konsènan wayòm syèl la. Kijan nou ka aplike mesaj parabòl sa yo nan pwòp lavi nou? Kisa n ap fè pou nou ede Senyè a bati wayòm Li an? Men kèk aktivite ki ka ede nan diskisyon an.

  • Avan reyinyon an, envite manm klas la oswa kowòm nan aprann bagay ki konsène fi ak gason ki ste egzanp oubyen ki te bay bon egzanp nan ede bati wayòm Bondye a. Moun sa yo ta kapab soti nan ekriti yo (gade nan “Resous pou Sipò” a), nan istwa Legliz la, oswa nan pwòp lavi nou. Envite jèn yo pataje sa yo te aprann yo. Nan ki fason moun sa yo te ede Senyè a bati wayòm Li an? Kijan nou ka suiv egzanp yo?

  • Si w ap anseye jènjan, envite yo revize mesaj Prezidant Bonnie L. Oscarson nan “Jènjan yo nan Travay la” (Lyawona, Me 2018, 36–38) epi chèche ak pataje fason jènfi yo kontribye nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Jènfi yo ta ka fè yon rechèch menm jan an nan mesaj Frè Douglas D. Holmes lan “Sa chak detantè Prètriz Arawon bezwen konprann” (Lyawona, Me 2018, 50–53). Kijan resanblans ki genyen ant responsablite jènfi ak responsablite jènjan yo sanble? Kijan nou ka pi byen travay ansanm pandan n ap fè travay Bondye a?

  • Pou ede jèn yo konprann kijan fi ak gason yo travay ansanm pou bati wayòm Bondye a, ou ta ka ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a: Poukisa Bondye bezwen fi ak gason yo travay ansanm pou ede bati wayòm Li an? Kijan prezidans klas ak kowòm yo ka pi byen travay ansanm? Jèn yo ta ka revizekèk pati nan mesaj Prezidan M. Russell Ballard la “Gason ak Fi yo nan travay Senyè a” oswa mesaj Prezidan Jean B. Bingham nan “Ini nan Akonpli travay Bondye a,” espesyalman pati ki kòmanse avèk “Konsa, kisa sa vledi pou oumenm avèk mwen?” Jèn yo ta ka pataje repons yo jwenn pou kesyon yo.

  • Pou ede jèn yo konprann kijan yo ka ede bati wayòm Bondye a, anvizaje montre youn oswa plis nan videyo “Ansanm nou fò,” “Yon pwomès pou Batayon Senyè a,” ak “Responsablite Jèn yo nan Travay Sali a” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa n ap fè nan fwaye nou yo, pawas nou, ak kominite nou pou ede avèk travay Bondye a? Anvizaje mande prezidan klas la oswa kowòm lan pou l pale de pwoblèm ki te diskite nan reyinyon konsèy pawas jèn yo ki apwopriye pou pataje. Envite manm klas la oswa kowòm lan pou yo chèche ide konsènan fason yo ta ka ede avèk pwoblèm yo.

Imaj
yon jènfi k ap fouye

Bondye bezwen jènfi yo ak jènjan yo travay ansanm nan bati wayòm Li an.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas oswa kowòm yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia. Si yo ta vle, yo ta kapab pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Lè w lanse yon envitasyon pou viv yon sèten prensip, ede elèv yo dekouvri benediksyon Bondye pwomèt pou moun ki viv prensip sa a.