Nouvo Testaman 2023
9 Avril. Kijan M Ka Ranfòse Temwayaj Mwen Konsènan Rezirèksyon Jezikri a? Pak


“9 Avril. Kijan M Ka Ranfòse Temwayaj Mwen Konsènan Rezirèksyon Jezikri a? Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“9 Avril. Kijan M Ka Ranfòse Temwayaj Mwen Konsènan Rezirèksyon Jezikri a?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Jezi ki parèt devan Mari Madlèn

9 Avril

Kijan M Ka Ranfòse Temwayaj Mwen Konsènan Rezirèksyon Jezikri a?

Pak

Imaj
senbòl fè konsèy ansanm

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yooswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa, anplis de fè konsèy sou afè espesifik kowòm lan oswa klas la, ou kapab diskite sou empresyon ak tèm ki soti nan konferans jeneral la. Kesyon sa yo ka ede.

  • Ki tèm oubyen mesaj ki te enpresyone nou? Kisa ki ranfòse lafwa nou nan Jezikri?

  • Kisa ki ranfòse temwayaj nou de pwofèt vivan yo? Kisa nou te santi nou pouse pou nou fè akoz de sa nou te aprann oswa santi yo.

  • Kisa nou bezwen fè antanke kowòm oswa klas pou nou sonje ak aplike konsèy nou te tande nan konferans jeneral yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm lan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon yo te fè pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Apot tan lontantankou apot tan modèn yo temwaye ke Jezikri vivan! Li te soufri ak mouri sou lakwa, Li te antere nan yon tonb,epi nan twazyèm jou a Li te leve ankò. Paske li te gen viktwa sou lanmò, nou tout ap resisite. Rezirèksyon Sovè a te pote pwomès imòtalite ak esperans lavi etènèl. Pwomès sa a nan kè Pak.

Kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou gen rezon espesyal pou nou kwè ke Jezikri te resisite. Anplis temwayaj moun epòk Nouvo Testaman an, nou gen temwayaj moun ki te viv nan epòk Liv Mòmon an, Pwofèt Joseph Smith, ak pwofèt ak apot vivan yo. Nou ka resevwa tou yon temwayaj pèsonèl konsènan Rezirèksyon an, atravè Sentespri a. Kijan w ka ede jèn yo ranfòse temwayaj yo ke Jezikri te resisite? Pandan w ap prepare w la, anvizaje etidye mesaj Sè Reyna I. Aburto a “Tonbo a Pa Gen Viktwa” a nan (Lyawona, Me 2021, 85–86) ak mesaj Èldè S. Mark Palmer a “Tristès Nou ap Vin Tounen Lajwa” a nan (Lyawona, Me 2021, 88–89).

Aprann Ansanm

Ou ta kapab kòmanse yon diskisyon sou Rezirèksyon Jezikri a, nan envite jèn yo pataje sa yo te fè semèn sa a pou yo selebre Pak la. Ou ta kapab mande yo kisa yo te etidye oubyen fè endividyèlman oubyen avèk fanmi yo pou yo te ranfòse temwayaj yo konsènan Rezirèksyon Sovè a. Pi ba la a, gen aktivite pou ede manm klas ou a oubyen kowòm ou an ranfòse temwayaj yo.

  • Diskite ansanm poukisa temwayaj enpòtan nan lavi kotidyen. Apre sa, fè lis tout temwayaj konsènan Rezirèksyon Jezikri a klas ou a oubyen kowòm ou an ka panse. Apre sa, chak moun ta kapab seleksyone yon ekriti nan sa ki sou lis ki mansyone nan “Resous pou Sipò” a pou aprann bagay ki konsène kèk nan temwayaj sa yo. Envite manm klas la oubyen kowòm nan pou yo pataje sa yo te aprann. Ankouraje yo pou yo pataje fason temwayaj sa yo ranfòse temwayaj pa yo sou Rezirèksyon Jezikri a.

  • Èske w ka site kèk sityasyon kote nou ta kapab pataje temwayaj nou konsènan Rezirèksyon Sovè a? Si yon moun nan klas la oswa nan kowòm nan te fè yon eksperyans kote l t ap pale avèk yon moun konsènan Rezirèksyon Sovè a, anvizaje envite l pataje eksperyans sa a. Ankouraje manm klas la oubyen kowòm nan pou yo reflechi sou fason yo ta kapab ede yon moun konprann Rezirèksyon Jezikri a epi gen temwayaj ke akozde Li nou tout ka resisite. Ki verite enpòtan konsènan Rezirèksyon tout moun ki t ap enpòtan pou yo anseye lòt moun? Manm klas la oubyen kowòm nan ta ka jwenn repons nan ekriti ki nan “Resous pou Sipò” a.

  • Lè Apot yo te di Toma yo te wè Sovè resisite a, Toma te di li pa t ap kwè san l pa t wè pou tèt pa l. Nan apre, Jezi te di Toma,: “Benediksyon pou moun ki pa wè, men ki kwè.” Revize ansanm eksperyans Toma a ke nou jwenn nan Jan 20:24–29. Kijan nou beni lè nou kwè nan Sovè a san nou pa wè L? Kijan nou ka ogmante kwayans nou nan Jezikri? Envite manm klas la oubyen kowòm nan pou yo chèche youn oubyen plis nan mesaj dirijan Legliz yo bay nan “Resous pou Sipò” a epi pou yo pataje rezon k fè yo gen rekonesans pou Rezirèksyon Sovè a. Kòman konesans ke nou ap resisite a afekte fason nou panse sou kò nou ak desizyon n ap pran?

Imaj
Pou Nou Ka Konnen, pa Gary L. Kapp

Pou Nou Ka Konnen, pa Gary L. Kapp

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm nan oswa klas la pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Yon moun ki konn kijan pou l jwenn sans nan ekriti yo epi ki konsilte yo chak jou ap kapab gen aksè nan direksyon divin pou simonte nenpòt pwoblèm. Lè w ap anseye, poze kesyon ki oblije manm klas la al chèche repons nan ekriti yo.