Nouvo Testaman 2023
23 Avril. Kijan M Ka Montre pi Gwo Lanmou pou Moun ki Bò Kote Mwen? Matye 18; Lik 10


“23 Avril. Kijan M Ka Montre pi Gwo Lanmou pou Moun ki Bò Kote Mwen? Matye 18; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“23 Avril. Kijan M Ka Montre pi Gwo Lanmou pou Moun Bò Kote Mwen?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Bon Samariten,pa Annie Henrie Nader

Bon Samariten, pa Annie Henrie Nadar

23 Avril

Kijan M Ka Montre pi Gwo Lanmou pou Moun ki Bò Kote Mwen?

Matye 18; Lik 10

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou nou fè suivi sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te mennen nou pi pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Èske gen yon moun ki fèk vin abite nan pawas nou an oubyen konvèti nan Legliz la? Kijan nou ka ede yo santi yo byenveni?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki aktivite ki gen pou fèt ke nou kapab envite zanmi nou yo vin asiste?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki efò nou kapab fè pou nou ekri istwa pèsonèl nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la oubyen kowòm nan sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Apre Jezi te anseye yon “mèt avoka” enpòtans de gran kòmandman yo—renmen Bondye ak renmen pwochen nou—avoka a te mande: “Kiyès ki pwochen m?” (gade Lik 10:25–29; Matye 22:35–40). Nan repons Li a, Sovè a te pataje yon parabòl konsènan yon Samariten ki te riske lavi l pou l te pran swen yon mesye Juif ki te blese, li te mennen mesye a nan yon abri pou yo te pran swen li, epi li te peye tout frè pou rekiperasyon misye. Samariten an pa t konsantre sou diferans ant limenm ak mesye a, ke pèp li a te konsidere kòm ènmi, ni li pa t jije li ni jwenn rezon pou l pa t ede li. Li te sèvi mesye ki te nan bezwen an, malgre enkonvenyan ak sakrifis pèsonèl sa te pote, epi konsa li te montre lanmou pou mesye a ak pou Bondye. Pandan w ap medite sou ansèyman Sovè a nan Lik 10:25–37la, reflechi sou kisa “renmen … pwochen w menmjan w renmen tèt ou” a vrèman vle di pou (vèsè 27).

Kijan w ka ede moun w ap anseye yo konprann ke lè yo sèvi moun ki bò kote yo, y ap montre lanmou yo pou Bondye? Kisa ki ta kapab enspire yo pou yo renmen ak sèvi lòt moun? Pandan w ap prepare w la, ou ta kapab revize mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Dezyèm pi gran Kòmandman an” (Lyawona, Nov. 2019, 96–100).

Aprann Ansanm

Pou kòmanse yon diskisyon konsènan montre pi gwo lanmou pou moun ki bò kote nou, ou ta ka mande manm klas la oswa kowòm nan pou yo pataje sa yo te aprann konsènan renmen lòt moun nan parabòl Bon Samariten an, ke nou jwenn nan Lik 10:25–37la. Kisa nou aprann konsènan relasyon ant premye ak dezyèm gran kòmandman yo nan Lik 10:27 ak deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la nan “Resous pou Sipò”a? Ide sa yo ka ede nou kontinye yon diskisyon sou montre pi gwo lanmou pou moun ki bò kote nou.

  • Jezikri se pi gwo egzanp nou nan montre lanmou pou Bondye nan sèvi lòt moun, epi manm klas la oswa kowòm nan pral enspire lè y ap etidye egzanp Li. Envite chak moun pou yo reflechi sou lavi mòtèl Jezikri epi chwazi yon eksperyans nan lavi L ki montre gwo lanmou Li pou lòt moun. Mande chak moun pou yo pataje eksperyans yo te chwazi a, ansanm avèk poukisa li siyifikatif pou yo. Envite moun w ap anseye yo pou yo reflechi sou yon fason yo ta renmen suiv egzanp lanmou Sovè a. Yo ta kapab pataje panse yo konsènan yon moun yo konnen ki suiv egzanp sa a tou.

  • Pataje epi diskite avèk manm klas la oswa kowòm nan sou deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson an ke nou jwenn nan “Resous pou Sipòa.” Ou ta kapab envite manm klas la oswa kowòm nan pou yo revize youn oswa plis nan mesaj konferans jeneral yo site nan plan leson sa a, pou yo ka chèche ansèyman ki ka gide nou nan efò nou pou renmen lòt moun. Yo ta gen dwa konsantre sou bagay sa yo: egzanp sou fason nou ka sèvi ki nan “Dezyèm pi Gwo Kòmandman an” pa Prezidan Nelson; seksyon III, ak VI nan mesaj Prezidan Oaks la “Renmen lòt moun epi Viv avèk Diferans yo”; ak istwa konsènan lapen yo ak konsèy pou jèn yo nan “Kè yo Mare Ansanm” pa Èldè Gary E. Stevenson. Nou ka li ansanm tou Mozya 2:17 ak Mowoni 7:45–48. Sa ta bon pou w ta ekri ansèyman jèn yo te diskite yo sou tablo a. Apre sa manm klas la oswa kowòm nan ta ka pale ansanm sou fason espesifik yo ka aplike ansèyman sa yo pi byen nan relasyon yo avèk manm fanmi yo, avèk zanmi yo, epi andedan kominote yo, menm lè li sanble l difisil pou renmen moun yo.

  • Efò manm klas oswa kowòm nan nan travay sali ak egzaltasyon an ap vin pi siyifikatif ak enteresan lè se lanmou ki enspire yo. Pou ede yo wè kijan chak aspè nan travay sali ak egzaltasyon an (gade nan Manyèl Jeneralla, 1.2) se lanmou ki motive yo, ekri kat aspè yo sou tablo a. Apre sa mande jèn yo pou yo diskite kijan genyen yon kè ki ranpli avèk lanmou pou lòt moun ka chanje fason yo patisipe nan chak aspè yo. Yo kapab gen eksperyans ki soti nan pwòp lavi pa yo oswa lavi lòt moun yo ta kapab pataje.

Imaj
Jènjan ak jènfi ki ap dekore yon gato

Prezidan Nelson te anseye: “Lè nou renmen Bondye avèk tout kè nou, Li vire kè nou sou byennèt lòt moun.”

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm lan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodia? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Dallin H. Oaks, “Renmen Lòt moun epi Viv avèk Diferans yo,” Lyawona, Nov. 2014, 25–27

  • Gary E. Stevenson, “Kè yo Makonnen Ansanm,” Lyawona, Me 2021, 19–23

  • Yon Bon Samariten,” “Pi Gran Kòmandman an” (vdeyo) ChurchofJesusChrist.org

  • Prezidan Oaks te anseye, “Zèl nou pou nou respekte dezyèm kòmandman [an] pa dwe lakoz nou bliye premye a, ki se renmen Bondye ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lide nou an. … Nou dwe eseye pou nou respekte toulède gran kòmandman yo. Pou fè sa, nou dwe mache sou yon liy trè fen ant lwa a ak lanmou—respekte kòmandman yo epi mache sou chemen alyans lan, pandan ke n ap renmen pwochen nou sou chemen an. Demach sa a mande pou nou chèche enspirasyon divin pou nou ka konn kisa pou nou sipòte ak kisa pou nou opoze ak ki fason pou nou renmen ak koute avèk respè ak anseye nan pwosesis la. Demach nou an mande pou nou pa konpwomèt kòmandman yo men pou nou klèman montre yon nivo konpreyansyon ak lanmou” (“De Gran Kòmandman yo,” Lyawona, Nov. 2019, 73–75).

  • Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Sen Dènye jou yo … vrèman chèche pou yo viv premye kòmandman an ak dezyèm gran kòmandman an. Lè nou renmen Bondye avèk tout kè nou, Li vire kè nou sou byennèt lòt moun nan yon bèl fason plen vèti. Bay lòt moun èd—fè yon efò konsyan pou nou sousye pou lòt moun otan oubyen plis pase nou sousye pou tèt nou—se jwa nou. M ap ajoute, espesyalman, lè sa deranje nou ak lè l fè nou soti nan zòn konfò nou. Viv gran kòmandman sa a se kle pou nou vin tounen yon vrè disip Jezikri” (“Dezyèm Gran Kòmandman an,” Lyawona, Nov. 2019, 97, 100).

Anseye nan Fason Sovè a

Eksperyans pèsonèl ou avèk levanjil la ap pèmèt ou rann yon temwayaj puisan sou prensip w ap anseye yo. Paske w ap viv yo, Sentespri a ka temwaye ke sa w ap anseye a se verite.