2010–2019
Montre lafwa nou
Avril 2014


Montre lafwa nou

Jou apre jou, sou chemen destine etènèl nou an, ogmante lafwa nou. Pwoklame lafwa nou! Montre lafwa nou!

Frè m sè m yo, mwen eksprime pi pwofon santiman lanmou ak gratitid mwen pou nou. Nou rekonesan pou okazyon nou genyen pou n rankontre avèk nou yo.

Nan yon vòl avyon m te fè pa twò lontan, pilòt la te anonse nou ta pral rankontre sekous pandan aterisaj la e pou pasaje yo te byen tache senti yo. Jan l te prevwa a, te gen sekous vre. Nou te sekwe anpil. Sou lòt bò avyon an nan de ranje dèyè mwen, yon madanm terifye te panike anpil. Nan chak kout desann ak chak sakad, li te rele byen fò. Mari li t ap eseye kalme li san siksè. Kri isterik li yo te kontinye jiskaske nou te fin travèse zòn sekous la epi nou te byen ateri. Pandan peryòd anksyete l la, mwen te santi m dezole pou li. Paske lafwa se remèd pou laperèz, mwen te swete nan kè m pou m ta ka ranfòse lafwa li.

Nan apre, pandan pasaje yo t ap kite avyon an, mari dàm sa a te pale avèk mwen. Li te di: “Mwen dezole madanm mwen te terifye konsa. Sèl mwayen m te jwenn pou m te kalme li se lè m te di l ‘Èldè Nelson nan avyon an, konsa ou pa bezwen pè.”

Mwen pa kwè prezans mwen nan avyon an te ka ba li okenn rekonfò, men m ap di ke youn nan reyalite lavi motèl la sèke lafwa nou ap teste epi mete aleprèv. Pafwa tès sa yo vini lè n ap fè fas ak sa ki sanble sitiyasyon kote se lavi oubyen lanmò. Pou madanm panike sa a, yon avyon ki te balote nan tout sans sete youn nan moman verite sa yo kote nou dwe vin fasafas avèk fòs lafwa nou.

Lè n ap pale de lafwa—lafwa ki ka deplase montay yo—nou pap pale de lafwa anjeneral, men lafwa nan Senyè a, Jezikri. Lafwa nan Senyè Jezikri kapab ranfòse lè nou aprann plis sou Li epi viv relijyon nou. Doktrin Jezikri a te planifye pa Senyè a pou ede nou ogmante lafwa nou. Sepandan, nan langaj mond lan jodia, mo relijyon an ka vle di diferant bagay pou diferant mou.

Mo relijyon an literalman vle di “liye ankò” oubyen “mare ankò” avèk Bondye.1 Kesyon nou ta dwe poze tèt nou se, èske nou mare byen fèm avèk Bondye yon fason pou lafwa nou ka montre sa? Oubyen èske anfèt nou mare ak yon lòt bagay? Paregzanp, jou Lendi maten m konn tande konvèsasyon sou jwèt espò pwofesyonèl ki te fèt nan Dimanch anvan an. Pou kèk nan fanatik sa yo, m t ap mande tèt mwen si “relijyon” yo a te “mare yo” sèlman avèk yon boul k ap mate.

Nou chak dwe mande tèt nou, kote lafwa nou ye? Èske l nan yon ekip? Èske l nan yon mak fabrik? Èske l nan yon vedèt? Menm meyè ekip la ka pèdi. Vedèt ka tonbe. Se sèlman nan yon grenn vedèt lafwa nou ka toujou garanti, e se Senyè a, Jezikri. E nou bezwen montre lafwa nou!

Bondye te deklare nan premye nan Dis Kòmandman l yo, “Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.”2 Li te di tou, “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.”3 Poutan, anpil moun gade sèlman balans kont anbank yo pou yo jwenn lapè oubyen yo gade sou lòt kretyen vivan parèy yo kòm modèl pou yo swiv.

Doktè, akademisyen, ak politisyen yo souvan pase pa yon tès lafwa. Pandan y ap pouswiv objektif yo a, èske yo pral montre relijyon yo a kache li? Èske yo mare avèk Bondye oubyen avèk lòm.

Mwen te pase pa yon tès konsa sa gen dèzane lè youn nan kòlèg mwen yo nan lekòl medsin nan te reprimande m paske m pat separe konesans pwofesyonèl mwen ak kwayans relijye mwen. Li te mande m pou m pat melanje yo. Kòman m te kapab fè sa? Verite se verite! Li paka divize, e nou pa ka mete okenn pati ladan li akote.

Keseswa verite a soti nan yon laboratwa syantifik oubyen atravè revelasyon, tout verite soti nan Bondye. Tout verite fè pati levanjil Jezikri a Christ.4 Sepandan, yo te mande m pou m te kache lafwa mwen. Mwen pa t okipe sa kòlèg mwen an te di a. M te montre lafwa mwen!

Tout metye mande bonjan presizyon byen klè. Akademisyen yo renmen libète pou eksprime yo a. Men pa ka gen libète total si lèzòm dekrete ke yon pati nan konesans la “pa akseptab”.

Nou pa ka inyore verite espirityèl la—espesyalman kòmandman diven yo. Chak fwa nou obeyi kòmandman diven yo, sa pote benediksyon! Chak fwa nou kraze kòmandman diven yo, sa pote yon pèt benediksyon!5

Pwoblèm egiste paske mond lan peple ak moun ki pa pafè. Objektif yo ak dezi yo grandman enfliyanse pa lafwa yo oubyen pa mank lafwa yo. Anpil nan yo mete lòt priyorite anvan Bondye. Gen kèk kap kesyone enpòtans relijyon nan lavi modèn nan. Menmjan ak nan tout epòk, jodia tou gen gen moun k ap moke oubyen kritike libète pou pratike relijyon an. Gen moun ki menm rann relijyon responsab pou anpil move bagay nan mond lan. Se vre ke, gen epòk kote te gen anpil bagay atwòs ki te komèt nan non relijyon. Men, viv relijyon pi Senyè a, ki vle di efòse pou n vin yon vrè disip Jezikri a, se yon mòddevi ak yon angajman chak jou k ap banou gidans divin. Pandan n ap pratike relijyon nou an, n ap egzèse lafwa nou. N ap montre lafwa nou.

Senyè a te konnen pitit Li yo t ap bezwen aprann kijan pou yo jwenn ni. “Paske pòt la etwat, epi wout ki mennen nan egzaltasyon an … , epi se sèlman kèk moun ki jwenn li.”6

Ekriti yo bannou youn nan meyè fason pou nou jwenn chemen an epi rete ladan l. Konesans espirityèl yo bay pwoteksyon tou. Paregzanp, toutolon listwa, enfeksyon tankou “lafyèv apre akouchman” te konn detwi lavi anpil manman ak tibebe inosan. Poutan, Ansyen Testaman an te gen prensip kòrèk sou fason pou trete pasyan enfekte yo, ki te ekri depi plis pase 3.000 ane!7 Anpil moun te peri paske nan rechèch pou konesans la, lèzòm pa t pote atansyon a pawòl Senyè a!

Frè m ak sè m yo, kisa nou manke nan lavi nou, si nou “toujou ap aprann, men nou pa janm ka rive konnen verite a”?8 Nou ka akeri gwo konsesans nan ekriti yo e jwenn enspirasyon atravè priyè lafwa.

Lè nou fè sa, sa ap ede nou nan desizyon chak jou nou yo. Se espesyalman lè lèzòm kreye ak enpoze lwa yo ke nou dwe tojou kenbe lwa Bondye yo. Lè n ap rankontre pwoblèm lopozisyon, nou dwe toudabò chèche gidans nan men Bondye.

Nou ta dwe “konpare tout ekriti yo avèk lavi nou pou nou kapab pwofite ak aprann.”9 Danje a vini lè n ap eseye divize tèt nou avèk ekspresyon tankou “vi prive mwen” oubyen “pi bon konpòtman mwen.” Si yon moun eseye divize lavi li nan ti moso separe konsa, moun sa a pap janm elve nan nivo total entegrite pèsonèl—ni li pap janm rive vin vrè moun li ta ka ye a.

Tantasyon pou popilarite kapab fè opinion piblik vin gen priyorite sou pawòl Bondye a. Kanpay politik ak estrateji piblisite yo grandman itilize sondaj opinyon piblik yo pou drese plan yo. Rezilta sondaj sa yo enstriktif. Men nou pa kapab itilize yo kòm baz pou jistifye dezobeyi kòmandman Bondye yo! Menmsi “tout moun ap fè l,” mal pa janm byen. Mal, erè, ak tenèb pap janm verite, menmsi yo popilè. Gen yon avètisman nan ekriti yo ki deklare sa: “Malè pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa.”10

Apre premyè gè mondyal la, yon chan imoral te vin popilè. Li te favorize imoralite epi l te afime ke 50 milyon moun pa kapab antò. Men anfèt, 50 milyon moun kapab antò—konplètman antò. Imoralite toujou rete imoralite nan je Bondye, ki yon jou, pral jije tout aksyon nou ak tou dezi nou yo.11

Konpare laperèz ak mank lafwa ki si repann nan mond lan jodia avèk lafwa ak kouraj chè pitit fi byenneme m nan, Emily, k ap viv nan lòtbò vwal la kounyeya. Pandan lavi mòtèl t ap kite kò wonje anba kansè l la, li pa t menm te ka pale. Men, avèk yon souri sou vizaj li, li te di m, “Papa, pa bay tèt ou pwoblèm pou mwen. M konnen m ap oke!” Emily te montre lafwa li—byen vizib—nan bèl moman sa a, egzakteman lè nou pi bezwen sa a.

Bèl jèn manman senk timoun sa a te gen lafwa total nan Papa l ki nan Syèl la, nan plan l lan, ak nan byennèt etènèl fanmi li. Li te mare fèm avèk Bondye. Li te totalman fidèl nan alyans li te fè avèk Senyè a e avèk mari li. Li te renmen pitit li yo men li te anpè, malgre l ta pral separe avèk yo. Li te gen lafwa nan demen pa li, ak pa yo tou, paske li te gen lafwa nan Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Li an.

An 1986, Prezidan Thomas S. Monson te di: “Natirèlman, n ap gen pou n afwonte lapèrèz, moun ap ridikilize nou, e n ap rankontre opozisyon. Annou gen kouraj pou nou defye opinyon jeneral la, kouraj pou nou kanpe pou prensip nou yo. Kouraj, non pa konpwomi, pote souri apwobasyon Bondye. … Sonje tout moun gen krent pa yo, men moun ki afwonte krent yo a avèk lafwa yo gen kouraj tou.”12

Konsèy Prezidan Monson nan ap toujou rete verite! Konsa, m ap egzòte nou, chè frè m ak sè m yo: Jou apre jou, sou chemen destine etènèl nou an, ogmante lafwa nou. Pwoklame lafwa nou! Montre lafwa nou!13

Mwen priye pou nou mare byè fèm avèk Bondye, pou verite etènèl li yo kapab grave nan kè nou tout tan. E mwen priye pou ke, toutolon lavi nou, nou montre lafwa nou! Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lè yon tibebe fèt, yo mare kòd lonbrit li de fwa epi yo koupe nan mitan de mare sa yo. Mare sa a se yon ne—yon ne fèm. Mo relijyon an soti nan rasin laten: re, ki vledi “ankò” oubyen “retou,” epi ligati, a vledi “mare” oswa “ligatire.” Konsa, nou konprann ke relijyon “mare kwayan yo avèk Bondye.”

  2. Egzòd 20:3. Epitou, Senyè a te di, “Repanti, epi vire do bay zidòl nou yo; epi sispann … fè bagay derespektan sa yo” (Ezekyèl 14:6).

  3. Doktrin ak Alyans 6:36.

  4. Gade Spencer W. Kimball, The Teachings of Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 391.

  5. Gade Mozya 2:41; Doktrin ak Alyans 58:30–33; 82:10. Prensip sa a vre pou tout moun, paske “Bondye pa rejte pèsonn” (Ak 10:34; gade tou Mowoni 8:12).

  6. Doktrin ak Alyans 132:22.

  7. Gade Levitik 15:13.

  8. 2 Timote 3:7.

  9. 1 Nefi 19:23.

  10. Ezayi 5:20.

  11. Ekriti yo anseye: “Vin jwenn Senyè a, Nonm Sen an. Sonje, wout li yo jis. Gade, chemen an etwat pou lèzòm, men li dwat devan yo e gadyen pòt la se Sen Izrayèl la; li pa anplwaye okenn sèvitè nan pòt la; e pa gen okenn lòt chemen eksepte pòt la; paske moun pa kapab twonpe l, paske non li se Senyè Bondye a” (2 Nefi 9:41).

  12. Thomas S. Monson, “Courage Counts,” Ensign, Nov. 1986, 41. Nan yon lòt okazyon, Prezidan Monson te bay egzòtasyon enspirant sa a: “Pou nou byen viv, nou dwe akeri kapasite pou n afwonte pwoblèm yo avèk kouraj, desepsyon yo avèk bòn imè, e triyonf yo avèk imilite. … Nou se pitit gason ak pitit fi yon Bondye vivan, ki te kreye nou dapre resanblans li. … Nou pa ka sensèman kenbe konviksyon sa a san nou pa gen yon pwofon santiman fòs ak puisans, fòs pou n viv kòmandman Bondye yo, pouvwa pou n reziste anba tantasyon Satan yo” (“Yellow Canaries with Gray on Their Wings,” Ensign, Jiyè 1973, 43).

  13. “Debarase kò nou anba tout endiyite” (Mowoni 10:32). Pa pè lèzòm plis pase Bondye (gade Doktrin ak Alyans 3:7; 59:5).