2010–2019
Yon eritaj lespwa trè presye
Avril 2014


Yon eritaj lespwa trè presye

Lè nou chwazi pou nou fè ak kenbe alyans avèk Bondye, nou chwazi pou n kite yon eritaj lespwa pou moun ki ka suiv egzanp nou yo.

Chè frè m ak sè m yo, gen kèk nan nou se misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki te envite nou nan reyinyon sa a. Misyonè sa yo dwe petèt deja envite nou pou nou chwazi pou n fè alyans avèk Bondye nan batèm.

Gen lòt nan nou k ap koute la a paske nou te aksepte envitasyon yon paran, yon madanm, ou petèt yon pitit, ki te envite nou nan espwa ke n apral chwazi pou nou remete alyans nou te fè deja avèk Bondye yo nan lavi nou ankò. Gen nan nou k ap koute la a ki deja fè chwa pou retounen vin jwenn Sovè a e jodia n ap santi lajwa akèy li.

Kèlkeswa kiyès ou ye e kèlkeswa kote ou ye, ou kenbe nan men w bonè plis moun pase w ta ka imajine kounyeya. Chak jou e chak èdtan, ou ka chwazi pou fè oswa kenbe yon alyans avèk Bondye.

Kèlkeswa kote ou ta ye sou chemen pou eritye kado lavi etènèl la, ou gen posiblite pou montre anpil moun chemen ki mennen nan yon pi gwo bonè a. Lè nou chwazi pou n fè oubyen kenbe yon alyans avèk Bondye, nou chwazi pou n kite yon eritaj lespwa pou moun ki gen ka vin suiv egzanp nou yo.

Ou menm avèk mwen gen benediksyon pou n jwenn pwomès yon eritaj konsa. Tout bonè m gen nan lavi mwen, se yon mesye m pa t janm rankontre nan lavi mòtèl la mwen dwe sa. Li sete yon òfelen ki te vin youn nan gran gran paran mwen. Li te kite yon eritaj lespwa inestimab pou mwen. Kite m rakonte nou kèk nan pati l te jwe nan kreye eritaj sa a pou mwen an.

Li te rele Heinrich Eyring. Li te fèt nan yo fanmi rich. Papa li, Edward, te posede yon gwo pwopriyete nan Coburg, nan sa ki se Almay kounyeya. Manman l sete Vikontès Charlotte Von Blomberg. Papa l sete gadyen tè Wa Prusse la te posede yo.

Heinrich sete premye pitit gason Charlotte ak Edward. Charlotte te mouri nan laj 31 an, apre nesans twazyèm pitit li. Edward te mouri tousuit apre, paske li te pèdi tout byen li ak richès li nan yon move envestisman. Li te gen sèlman 40 tan. Li te kite twa pitit òfelen.

Heinrich, gran gran papa m, te pèdi toulède paran l yo ak yon gwo eritaj materyèl. Li te san resous. Li te ekri nan jounal li ke l te santi tout espwa li sete ale an Amerik. Malgre li pa t gen okenn fanmi ni zanmi nan kote sa a, lide pou ale an Amerik la te ba l yon santiman lespwa. Li te ale New York City toudabò. Nan apre, li te demenaje ale St. Louis, nan Missouri.

Nan St. Louis, youn nan kòlèg travay li yo sete yon Sen Dènye Jou. Nan men li, li te jwenn kopi yon bwochi ekri pa Èldè Parley P. Pratt. Li te li l epi apresa li te editye tout sa l te ka jwenn sou Sen Dènye Jou yo. Li te priye pou konnen si reyèlman te gen zanj ki te parèt devan lèzòm, si te gen yon pwofèt vivan, e si l te jwenn yon vrè relijyon revele.

Apre de mwa etid apwofondi ak priyè, Heinrich te fè yon rèv kote yo te di l pou l te batize. Yon mesye mwen onore memwa li ak prètriz li anpil, Èldè William Brown, te akonpli òdonans la. Heinrich te batize nan yon basen dlo lapli jou 11 Mas 1855 la, a 7:30 nan maten.

Mwen kwè Heinrich Eyring te konnen lè sa a ke sa m ap anseye nou yo jodia se verite. Li te konnen bonè lavi etènèl la vini atravè lyen familyal ki kontinye pou tout tan. Byenke sa pa t fè lontan l te dekouvri plan bonè Senyè a, li te konnen lespwa li pou lajwa etènèl la te depann sou chwa lib lòt moun ta pral fè pou suiv egzanp li. Lespwa bonè etènèl li te depann sou moun ki potko menm fèt.

Kòm pati eritaj lespwa li kite pou fanmi nou, li te kite yon istwa pou desandan l yo.

Nan istwa sa a mwen ka santi amou li te genyen pou moun ki t apral vin suiv li yo. Nan pawòl li yo, mwen santi espwa li pou desandan l yo ta chwazi pou suiv chemen ki mennen retounen nan fwaye selès nou an. Li te konnen sa pa t ap rezilta yon sèl gwo chwa pou yo te fè men anpil ti chwa piti. M ap site:

“Depi premye fwa m te tande Èldè Andrus pale a … mwen te toujou ale nan reyinyon Sen Dènye Jou yo e sa te ra anpil pou m pa t al nan reyinyon yo, paske sete devwa m pou m te fè sa.

“Mwen mansyone sa nan jounal mwen pou pitit mwen yo ka imite egzanp mwen e pa janm neglije devwa enpòtan sa a pou [reyini] avèk Sen yo.”1

Heinrich Heinrich te konnen nan reyinyon Sentsèn yo nou ka renouvle pwomès pou toujou sonje Sovè a pou nou ka gen Lespri li avèk nou an.

Sete Lespri sa a ki te soutni li nan misyon yo te aple l jis kèk mwa apre l te fin aksepte alyans batèm nan. Kòm eritaj, li kite egzanp fidelite konstan li nan misyon sizan l te fè nan sa ki te rele Teritwa Endyen yo lè sa a. Pou l t al pran relèv li apre misyon an, li te mache soti Oklahoma pou al Salt Lake City, yon distans ki apeprè 1.770 kilomèt.

Tousuit apresa, pwofèt Bondye a te aple l pou l t al abite nan Sid Uta. Pandan l te la a, li te resevwa yon apèl pou sèvi yon misyon nan peyi natif natal li, Almay. Apresa, li te aksepte envitasyon yon Apot Senyè Jezikri pou te ede edifye koloni Sen Dènye Jou nan Nò Meksik. Pandan l te la yo te aple l pou l t al nan vil Meksiko kòm misyonè aplentan. Li te ranpli apèl sa yo onorableman. Li antere nan yon ti simityè nan Colonia Juarez, nan Chihuahua, nan Meksik.

M pale de bagay sa yo non pa pou m afime grandè pou li ni grandè sa l te fè pou desandan l yo. Mwen pale yo pou rann ni omaj pou egzanp lafwa ak lespwa ki te ranpli kè l la.

Li te aksepte apèl sa yo akoz lafwa li ke Kris resisite a ak Papa nou ki nan Syèl la te parèt devan Joseph Smith nan yon boskè nan eta Nouyòk la. Li te aksepte yo akoz lafwa li nan lefèt ke kle prètriz yo te retabli nan Legliz Senyè a avèk pouvwa pou sele fanmi yo pou tout tan, si sèlman yo gen ase lafwa pou kenbe alyans yo.

Tankou Heinrich Eyring, zansèt mwen an, ou gen dwa se premye moun nan fanmi ou pou louvri chemen ki mennen nan lavi etènèl la sou wout alyans sakre ou te fè ak kenbe avèk dilijans ak lafwa. Chak alyans mache avèk devwa ak pwomès. Pou nou tout, jan sa te ye pou Heinrich la, devwa sa yo pafwa senp e souvan difisil. Men sonje, devwa dwe toujou difisil paske objektif yo se pou fè nou avanse sou chemen an pou nou ka viv pou tout tan an avèk Pè Selès la ak Pitit Gason Byeneme l la, Jezikri, an fanmi.

Na sonje pawòl sa yo nan liv Abraham nan:

“Epi te gen youn nan pami yo ki te tankou Bondye, epi l te di sa ki te avèk li yo: n ap desann, paske gen espas anba a, epi nou pral pran nan materyo sa yo, epi nou pral fè yon tè pou sila yo abite;

“Senyè a di: “Epi nou pral pase yo anba eprèv, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”

“Epi sa ki ka kenbe premye eta yo a, m ap ajoute sou yo; epi sa ki pa kenbe premye eta yo a, yo p ap gen laglwa nan menm wayòm avèk sa ki kenbe premye eta yo a; epi sa ki kenbe dezyèm eta yo a, yo pral gen laglwa ki ajoute sou tèt yo pou tout tan gen tan.”2

Kenbe dezyèm eta nou an depann sou alyans nou fè avèk Bondye ak fidèlman akonpli devwa yo mande nou yo. Sa mande lafwa nan Jezikri antanke Sovè nou pou n kenbe alyans sakre sa yo pandan tout lavi nou.

Akoz Chit Adan ak Èv la, nou gen tantasyon, eprèv, ak lanmò kòm eritaj inivèsèl nou. Sepandan, Papa eman nou an ki nan Syèl la ba nou don Pitit Gason Byeneme l la, Jezikri, kòm Sovè nou. Gwo kado ak benediksyon Ekspyasyon Jezikri a pote yon eritaj inivèsèl: pwomès Rezirèksyon an ak posiblite lavi etènèl pou tout moun ki fèt.

Pi gwo nan tout benediksyon Bondye yo, lavi etènèl, n ap resevwa li sèlman si nou fè alyans yo ofri nan vrè Legliz Jezikri a pa sèvitè otorize l yo. Akoz Chit la, nou tout bezwen efè pirifikatè batèm nan ak enpozisyon dè men pou nou resevwa don Sentespri a. Òdonans sa yo dwe akonpli pa moun ki posede bonjan otorite prètriz la. Apresa, avèk èd Lespri Kris la ak Sentespri a, nou ka respekte tout alyans nou fè avèk Bondye yo, espesyalman sa ki fèt nan tanp yo. Se sèlman nan fason sa a, e avèk èd sa a, yon moun ka jwenn eritaj lejitim ni kòm yon pitit Bondye nan yon fanmi etènèl.

Pou kèk moun k ap koute m, sa ka sanble yon rèv prèske enposib.

Nou konn wè chagren kèk paran fidèl poutèt pitit ki rejte oubyen chwazi pou kraze alyans yo te fè avèk Bondye yo. Men paran sa yo ka pran kouraj e jwenn espwa nan eksperyans lòt paran.

Alma Alma ak pitit gason Wa Mozya yo te repanti pou gwo rebelyon yo kont alyans ak kòmandman Bondye yo. Alma pi jèn nan te wè pitit gason li Koryanton repanti soti nan komèt gwo peche pou vin tounen sèvitè fidèl. Liv Mòmon an pale sou mirak Lamanit yo tou ki te rejte tradisyon pou rayi fidelite a pou yo te vin fè alyans pou yo mouri pou ka prezève lapè.

Yo te voye yon zanj devan jèn Alma ak pitit gason Mozya yo. Zanj lan te vini akoz lafwa ak priyè papa yo ak pèp Bondye a. Nan egzanp sa yo sou jan pouvwa Ekspyasyon an travay nan kè lèzòm nan, nou ka jwenn kouraj ak rekonfò.

Senyè a ba nou tout sous lespwa lè n ap lite pou ede moun nou renmen yo aksepte eritaj etènèl yo a. Li fè nou pwomès lè n ap kontinye eseye rasanble moun pou li, menm si yo reziste anba envitasyon li pou fè sa a. Rezistans yo atriste li, men li pa abandone, ni nou pa dwe abandone nonplis. Li ba nou egzanp pafè a avèk amou pèsistan li: “Epi ankò, konbyen fwa pou m ta rasanble nou menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, wi, O, nou menm pèp kay Izrayèl la ki te tonbe a; wi, O nou menm pèp kay Izrayèl la, nou menm ki rete nan Jerizalèm tankou moun sa yo ki te tonbe a; wi, konbyen fwa pou m ta rasanble w menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo, epi nou pa vle.”3

Nou ka konte sou dezi enfayib sa a Sovè a genyen pou mennen tout pitit lespri Papa nou ki nan Syèl la retounen al lakay yo avèk li a. Chak paran, gran paran, ak gran gran paran fidèl pataje dezi sa a. Pè Selès la ak Sovè a se egzanp pafè sou sa nou ka fè ak sa nou dwe fè. Yo pa janm fòse nou fè chwa ki jis paske se nou menm ki dwe chwazi pou nou fè sa poukont nou. Yo fè nou ka disène sa ki dwat, epi yo kite nou pou nou wè ke fwi sa pote yo gou anpil.

Tout moun ki fèt nan mond lan resevwa Limyè Kris la, ki ede nou wè ak santi sa ki bon ak sa k pa bon. Bondye voye sèvitè nan mòtalite a ki, pa pouvwa Sentespri a, kapab ede nou rekonèt sa li ta renmen nou fè ak sa li entèdi. Bondye rann ni atiran pou nou chwazi bon bagay paske li kite nou santi efè bon chwa nou yo. Si nou chwazi bon bagay, n ap jwenn bonè—alafen. Si nou chwazi move bagay, n ap jwenn chagren ak regrè—alafen. Rezilta sa yo sèten. Men yo souvan retade yo nan yon bi byen detèmine. Si benediksyon yo imedyat, chwazi bon bagay la pap bati lafwa. E paske chagren pafwa grandman retade, sa mande lafwa pou n santi bezwen pou chèche padon pou peche a tousuit olye pou nou santi efè chagren ak doulè l pote yo nan apre.

Pè Leyi te chagren pou chwa kèk nan pitit gason l yo ak fanmi yo te fè. Li sete yon trè bon moun fidèl—yon pwofèt Bondye. Li te souvan temwaye konsènan Sovè nou an, Jezikri, pou yo. Li sete yon egzanp obeyisans ak sèvis lè Senyè a te mande li pou l te kite tout byen materyèl li te posede pou l te epaye fanmi l destriksyon. Jiskalafen lavi li, li te toujou ap temwaye bay pitit li yo. Menmjan ak Sovè a—e malgre pouvwa li pou te disène kè yo ak wè fiti tris ak mèveye k t ap tann yo—Leyi te kontinye ede fanmi li pou mennen yo jwenn sali.

Jodia, dè milyon desandan Pè Leyi ap jistifye espwa li te gen pou yo a.

Kisa ou menm avèk mwen ka fè pou nou tire leson nan egzanp Leyi a? Nou ka fè sa nan li ekriti yo nan espri lapriyè ak nan obsève yo.

Mwen sigjere pou nou panse alafwa sou tan kout la ak tan long lan lè n ap eseye kite yon eritaj lespwa pou fanmi nou. Nan tan kout la, ap gen pwoblèm epi Satan ap gwonde. Epi gen bagay pou nou tann pou ke avèk pasyans, nan lafwa, nou konnen Senyè ap aji nan pwòp tan pa li e selon pwòp fason pa li.

Gen bagay nou ka fè bonè, lè moun nou renmen yo ankò jèn. Sonje priyè familyal, etid ekriti an fanmi, ak pataje temwayaj nou nan reyinyon Sentsèn pi fasil ak pi efikas lè timoun yo jèn. Jèn timoun yo souvan pi sansib a Lespri a pase nou panse.

Lè yo pi gran, ya va sonje kantik yo te konn chante avèk nou yo. Menm plis pase mizik la, y ap sonje pawòl ekriti yo ak temwayaj yo. Sentespri a kapab fè yo sonje tout bagay sa yo, men pawòl ekriti yo ak kantik yo ap dire pi lontan nan yo. Souvni sa yo va tounen yon pouch ki ka mennen yo tounen lè yo ere pandan yon tan, posibman pandan dèzane, lwen chemen ki mennen nan lavi etènèl la.

N ap bezwen tan long nan lè pitit nou yo santi enfliyans mond lan epi nyaj dout sanble ap anvayi lafwa yo. Nou gen lafwa, esperans, ak charite pou gide nou ak fòtifye yo.

Mwen te obsève sa pandan m te konseye de pwofèt vivan Bondye. Yo chak se moun avèk pèsonalite pa yo. Men, yo sanble yo pataje menm kalite optimis la. Lè yon moun panike osijè yon bagay nan Legliz la, repons yo souvan bay se “O, tout bagay ap oke.” Yo jeneralman konnen plis sou pwoblèm nan pase moun yo ki soulve l la.

Yo konn fason Senyè a aji tou, epi konsa yo toujou plen optimis osijè wayòm ni an. Yo konnen se Li menm ki alatèt li. Li toupuisan e li sousye pou nou. Si nou kite l dirije fanmi nou, bagay yo ap mache byen.

Gen kèk nan desansan Heinrich Eyring yo ki pa suiv chemen l kite a. Men anpil nan gran gran pitit pitit li yo ale nan tanp Bondye yo a 6:00 nan maten pou fè òdonans pou zansèt yo pa janm rankontre. Yo ale akoz eritaj lespwa li te kite a. Li te kite yon eritaj anpil nan desandan l yo reklame.

Apre tout sa nou ka fè pa lafwa, Senyè a ap jistifye espwa nou pou pi gwo benediksyon pou fanmi nou pase nou ka imajine. Li vle sa k pi bon pou yo ak pou nou menm, antanke pitit li.

Nou tout se pitit yon Bondye vivan. Jezi Nazarèt se Pitit Gason Byeneme li ak Sovè resisite nou. Sa a se legliz li. Nan li gen kle prètriz yo, epi konsa fanmi yo kapab sele pou tout tan. Sa se eritaj lespwa trè presye nou. Mwen temwaye ke se vre, nan non Jezikri, amèn.