Ekriti yo
1 Nefi 11


Chapit 11

Nefi wè Lespri Senyè a e yo montre l pyebwa lavi a nan vizyon—Li wè manman Pitit Gason Bondye a e li aprann konpasyon Bondye—Li wè batèm, ministè ak krisifiksyon Ti Mouton Bondye a—Li wè apèl ak ministè Douz Apot Ti Mouton an. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Paske, se te konsa, apre m te vle konnen bagay papa m te wè yo, e m te kwè Senyè a te kapab fè m konnen yo, pandan m te chita ap amedite nan kè m, Lespri Senyè a te banpòte m, wi sou yon cmòn ki wo anpil, yon mòn m pa janm wè anvan, e m pa janm mete pye m sou li anvan sa.

2 Epi Lespri a te di m: Kisa w vle?

3 Epi m te di: M vle wè bagay papa m te a yo.

4 Epi Lespri a te di m: Èske w kwè papa w te wè apyebwa sa a li t ap pale a?

5 Epi m te di: Wi, ou konnen m akwè tout pawòl papa m yo.

6 Epi lè m te fin pale pawòl sa yo, Lespri a te rele byen fò, li di: Ozana pou Senyè a, Bondye Ki Pi Wo a; paske li se Bondye tout a a, wi, li menm sou tèt tout bagay. Epi, ou beni, Nefi, paske ou bkwè nan Pitit Gason Bondye Ki Pi Wo a; se poutèt sa, w ap wè bagay ou vle wè yo.

7 Epi, gade bagay sa a pral sèvi w kòm yon asiy: Lè w fin wè pyebwa ki gen fwi papa w te goute a, ou pral wè yon nonm desann sòti nan syèl la, epi ou pral gen temwayaj konsènan li; e lè w fin gen temwayaj konsènan li, ou pral brann temwayaj li se Pitit Gason Bondye a.

8 Epi, se te konsa, Lespri a te di m: Gade! E lè m te gade, m te wè yon pyebwa; li te tankou apyebwa papa m te wè a; e li te bèl anpil, wi, pa gen banyen ki te pi bèl pase l. E li te pi blan pase nèj k ap tonbe.

9 Epi, se te konsa, lè m te fin wè pyebwa a, m te di Lespri a: M wè, ou te montre m yon pyebwa ki pi abon pase tout lòt.

10 Epi, li te di m: Kisa w vle?

11 Epi m te di l: M vle konnen aentèpretasyon l—m te pale avèk li, tankou yon nonm t ap pale; paske m te wè l gen menm bfòm avèk yon nonm; men m te konnen se te Lespri Senyè a; e li te pale avèk mwen menm jan yon nonm t ap pale avèk yon lòt.

12 Epi, se te konsa, li te di m: Gade! E m te gade tankou se li m t ap gade, men m pa wè l, paske li te sòti nan prezans mwen.

13 Epi, se te konsa, m te gade, m te wè gwo vil Jerizalèm nan, ak kèk lòt vil. Epi m te wè vil Nazarèt la; e m te wè yon avyèj nan vil bNazarèt la, li te bèl anpil e li te blan.

14 Epi, se te konsa, m te wè asyèl yo louvri; e m te wè yon zanj desann vini kanpe devan m. Epi li te di m: Nefi, kisa w wè?

15 Epi m te di l: Yon vyèj ki pi bèl pase tout lòt vyèj.

16 Epi, li te di m: Èske w konprann konpasyon Bondye?

17 Epi, m te di l: M konnen li renmen pitit li yo; men, m pa konnen siyifikasyon tout bagay.

18 Epi, li te di m: gade avyèj ou te wè a se bmanman Pitit Gason Bondye a, daprè kò fizik la.

19 Epi, se te konsa, m te wè Lespri a te pote l ale; e apre aLespri a te fin pote l ale pou yon ti moman, zanj la te pale avèk mwen, li di: Gade!

20 Epi, lè m te gade, m te wè vyèj la ankò k ap pote yon atimoun nan bra l.

21 Epi, zanj la te di m; Men Ti aMouton Bondye a, wi, Pitit bGason cPapa Etènèl la menm! Èske w konnen siyifikasyon dpyebwa papa w te wè a?

22 Epi, m te reponn li, m di: Wi, se alanmou Bondye ki antre nèt nan kè pitit lèzòm; se poutèt sa, li pi dezirab pase tout bagay.

23 Epi, li te pale avèk mwen, li di: Wi, pa gen anyen ki kapab fè yon moun pi akontan pase sa.

24 Lè l te fin di pawòl sa yo, li di m: Gade! Epi m te gade, e m te wè Pitit Gason Bondye a ki aprale nan pami pitit lèzòm. Epi, m te wè anpil moun tonbe nan pye l pou yo adore l.

25 Epi, se te konsa, m te wè abafè papa m te wè a, te siyifi pawòl Bondye ki mennen moun nan fontèn dlo bvivan yo oubyen nan cpyebwa lavi a. Dlo sa yo se reprezantasyon lamou Bondye; e m te wè pyebwa lavi a se te yon reprezantasyon lamou Bondye tou.

26 Epi, zanj la te di m ankò: Gade, e wè akonpasyon Bondye!

27 M te gade, e m te a Redanmtè mond lan papa m t ap pale a; e m te wè bpwofèt ki t ap vin prepare chemen an anvan li a. E, Ti Mouton Bondye a t al fè l cbatize l. Apre li te fin batize, m te wè syèl la louvri, e Sentespri a te desann, sòti anlè nan syèl, pou l poze sou li, tankou yon dpijon.

28 Epi, m te wè l t al preche pèp la, avèk apouvwa epi avèk anpil glwa. Epi, anpil moun te reyini pou tande l; e m te wè yo te chase l nan pami yo.

29 Epi tou m te wè adouz lòt ki t ap suiv li. Epi se te konsa, Lespri a te transpòte yo sòti devan fas mwen, e m pa wè yo.

30 Epi, se te konsa, zanj la te pale avèk mwen, li di: Gade! E lè m te gade, m te wè syèl yo louvri ankò, e m te wè azanj yo desann nan pami pitit lèzòm pou sèvi yo.

31 Epi, li te pale avèk mwen ankò, li di: Gade! M te gade, e m te wè Ti Mouton Bondye a ankò ki te ale nan pami pitit lèzòm. Epi, m te wè anpil moun ki te malad, ki te aflije avèk tout kalite maladi, ak adyab ak bmove lespri; zanj la te pale e li te montre m tout bagay sa yo. Epi, yo te cgeri avèk pouvwa Ti Mouton Bondye a; e li te chase dyab yo ak move lespri yo.

32 Epi, se te konsa, zanj la te pale avèk mwen ankò, li di: Gade! E, m te gade, m te wè Ti Mouton Bondye a, moun yo te pran l; wi, mond lan te ajije Pitit Gason Bondye etènèl la; m te wè sa, e m rann temwayaj.

33 Epi, mwen menm Nefi, m te wè yo te mete l anlè sou yon akwa, yo te btouye l pou peche mond lan.

34 Epi, lè yo te fin touye l, m te wè anpil moun sou tè a rasanble ansanm pou goumen kont apot Ti Mouton an; paske se konsa zanj Senyè a te rele douz mesye yo.

35 Anpil moun sou tè a te rasanble ansanm; e m te wè yo andedan yon gwo akay byenlaj tankou gwo kay papa m te wè a. Epi zanj Senyè a te pale avèk mwen ankò, li di: Men mond lan avèk sajès li; wi, gade kay Izrayèl la ki te rasanble ansanm pou goumen kont douz apot Ti Mouton an yo.

36 Epi, se te konsa, m te wè, e m rann temwayaj, gwo kay byenlaj la sete alògèy mond lan; e li te tonbe, li te tonbe byen fò. E, zanj Senyè a te pale avèk mwen ankò, li di: Se konsa destriksyon tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp ki goumen kont douz apot Ti Mouton an yo pral ye.