Nouvo Testaman 2023
10 Septanm. Kijan M Ka Jwenn Rekonfò nan Jezikri Lè yon Moun Mwen Renmen Mouri? 1 Korentyen 14–16


“10 Septanm. Kijan M Ka Jwenn Rekonfò nan Jezikri Lè yon Moun Mwen Renmen Mouri? 1 Korentyen 14–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023 (2022)

“10 Septanm. Kijan M Ka Jwenn Rekonfò nan Jezikri Lè yon Moun Mwen Renmen Mouri?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023

Imaj
fi k ap pale

10 Septanm

Kijan M Ka Jwenn Rekonfò nan Jezikri Lè yon Moun Mwen Renmen Mouri?

1 Korentyen 14–16

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an Apresa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2ChurchofJesusChrist.org Planifye fason pou n aji sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kian vire al jwenn Senyè a ede nou fè fas a difikilte ak eprèv nou yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès nou konnen ki bezwen priyè ak amitye nou?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki plan pou pataje levanjil la ki te diskite nan reyinyon konsèy jèn pawas yo? Kijan klas nou an oubyen kowòm nou an kapab enplike?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan travay istwa familyal ka fòtifye relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la oswa kowòm nan sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Lè yon moun nou gen anpil konsiderasyon pou li mouri, sa ka devaste nou. Separasyon de moun nou renmen pote santiman chagren pwofon ak tristès. Men Pòl te anseye ke finalman “lanmò pral anglouti nan viktwa” (1 Korentyen 15:54) akòz Rezireksyon Jezikri a. Otremandi, “egiyon lanmò a”—lapenn ak dezespwa nou santi nan mòtalite a—“anglouti nan Kris la” (Mozya 16:7–8; gade tou 1 Korentyen 15:54–57).

Rive yon moman, tout moun pral fè eksperyans lanmò. Kijan w pral ede moun w ap anseye yo jwenn konsolasyon pandan moman difisil yo atravè lafwa yo nan Jezikri? Reflechi sou kesyon sa a pandan w ap prepare w pou w anseye a nan li 1 Korentyen 15, Mozya 16:7–9, ak Doktrin ak Alyans 42:44–46.

Aprann Ansanm

Ou gen dwa envite manm klas oswa kowòm nan pou yo pataje yon lè kote yo te santi yon bagay pike yo. Ou ta ka mande yo poukisa yo panse Pòl te itilzie mo “egiyon” an pou dekri lanmò (gade 1 Korentyen 15:54–56). Ba yo kèk minit pou yo repase 1 Korentyen 15 epi pataje verite yo jwenn konsènan fason pou nou simonte egiyon lanmò a. Apresa anvizaje aktivite tankou sila yo ki pi ba a pou ede jèn yo pi byen konprann fason Sovè a ka rekonfòte nou lè yon moun nou konsidere anpil mouri.

  • Ou gen dwa divize manm klas oswa kowòm nan an gwoup de moun epi mande chak gwoup pou repase ansanm kèk nan pasaj ekriti yo ki nan “Resous pou Sipòa.” Yo ta ka ekri repons yo pou yon kesyon tankou “Ki verite enpòtan mwen espere sonje lè m pèdi yon moun mwen konsidere anpil?” Mande yo pou enkli enfòmasyon yo pran nan pasaj ekriti yo nan repons yo. Apresa, envite yo pou yo pataje avèk klas la verite ki gen plis enpòtans pou yo ak poukisa.

  • Panse pou nou repase ansanm yon istwa nan yon mesaj konferans jeneral ki montre kijan yon moun te jwenn espwa nan Jezikri lè yon moun li te konsidere anpil te mouri. Egzanp yo enkli mesaj Sè Reyna I. Aburto a “Tonbo a pa gen okenn viktwa” a (Lyawona, Me 2021, 85–86) oswa mesaj Èldè S. Mark Palmer “Tristès nou yo pral chanje an jwa” (Lyawona, Me 2021, 88–89). Ou gen dwa santi enpresyon pou pataje pwòp eksperyans pa w oswa envite jèn yo pataje kijan yo te jwenn konsolasyon ak espwa nan Jezikri apre yon moun yon te konsidere anpil te mouri.

  • Apre konsiderasyon bezwen manm klas ou a oswa kowòm ou an, pase youn oswa plis nan videyo ki nan seksyon “Resous pou Sipòyo.” Envite timoun yo pou pataje enpresyon yo. Kijan konesans ke Jezikri te resisite afekte fason nou gade lanmò. Envite manm klas ou a oswa kowòm ou an pou yo pataje temwayaj yo konsènan Sovè a ak Rezirèksyon L lan epi kijan konesans sa a pote espwa pou yo.

  • Jan 11 dekri eksperyans Sovè a avèk lanmò yon moun li te konsidere anpil—zanmi L Laza. Petèt klas la oswa kowòm nan ta ka li vèsè 1–45 ansanm, epi pandan y ap li, yo ta ka pataje bagay yo aprann nan egzanp Sovè a. Kisa nou ka aprann nan istwa sa a ki ka ba nou rekonfò lè yon moun nou konsidere anpil mouri? Kijan nou ka suiv egzanp Sovè a nan “pataje souf[rans] moun ki ap soufri yo … epi ofri konsolas[yon] pou moun yo ki gen nesesite pou konsolayon”? (Mozya 18:9). Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 42:45–46 ki ka ede nou fè sa? Ou gen dwa vle pase videyo “Youn pa youn (Sèvi avèk lanmou)” an nan (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
yon jèn gason k ap medite

Temwayaj nou de rezirèksyon Jezikri a ba nou espwa lè yon moun nou konsidere anpil mouri.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou fason aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye enplike sèvi avèk lanmou epi ede lòt moun resevwa benediksyon levanjil yo, epi èd sa a se souvan egzakteman sa yon manm ki inaktif kapab bezwen. Nou tout bezwen travay ansanm pou lonje lamen bay moun ki ap lite yo, epi antanke enstriktè, ou gen dwa nan yon pozisyon privilejye pou w ede.