Nouvo Testaman 2023
27 Out. Kijan M Ka Montre M Konnen Kò M Se yon Kado Sakre ki Soti nan Bondye? 1 Korentyen 1–7


“27 Out. Kijan M Ka Montre M Konnen Kò M Se yon Kado Sakre ki Soti nan Bondye? 1 Korentyen 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“27 Out. Kijan M Ka Montre M Konnen Kò M Se yon Kado Sakre ki Soti nan Bondye?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
tanp

Tanp Indianapolis Indiana

27 Out

Kijan M Ka Montre M Konnen Kò M Se yon Kado Sakre ki Soti nan Bondye?

1 Korentyen 1–7

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans klas la oswa kowòm lan; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou nou aji sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te mennen nou pi pre Pè Selès la ak Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Èske gen yon moun ki fèk vin abite nan pawas nou an oubyen ki fèk antre nan Legliz la? Kijan nou ka ede yo santi yo byenveni?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki aktivite ki pral fèt ke nou kapab envite zanmi nou yo vin asiste?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki efò nou kapab fè pou nou ekri istwa pèsonèl nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Rann temwayaj ou sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la oswa kowòm nan sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Ke se pou byen, ke se pou mal, yo konnen noumenm Sen Dènye Jou yo byen pou sa nou pa fè. Anpil nan “bagay nou pa fè” sa yo gen pou wè avèk fason nou trete kò fizik nou. Dèyè chak nan chwa sa yo konsènan sa pou nou gen kèk verite etènèl—sa nou konnen. Lè verite etènèl yo gide chwa nou, chwa sa yo vin pi fasil pou nou fè, yo ba nou plis jwa, epi yo pi dirab. Verite etènèl yo ede nou eksplike zanmi nou yo chwa nou yo tou. Petèt anplis konnen yo konnen nou pou sa nou pa fè yo, yo te ka konnen nou pi byen pou sa nou konnen yo.

Reflechi sou verite etènèl ou konnen konsènan kò fizik nou—poukisa nou genyen yo, kijan Bondye santi l konsènan yo, ak kijan li vle nou santi nou konsènan yo. Kijan konnen verite sa yo te beni w ak enfliyanse chwa w yo? Kijan konesans sa a ka beni manm yo nan klas ou a oswa kowòm ou an?. Pandan w ap medite sou sa, li Jenèz 1:27; 1 Korentyen 6:19–20; ak atik Prezidan Russell M. Nelson an “Kò W Yon Kado Mayifik pou Cheri” (Lyawona, Out. 2019, 50–55).

Aprann Ansanm

Lè manm yo nan klas ou a oswa kowòm ou an te etidye ekriti yo semèn sa a, yo gen dwa te gen panse sou ansèyman Pòl yo konsènan kò nou nan 1 Korentyen 6. Yon fason pou envite yo pataje panse sa yo se ba yo chak yon moso papye epi mande yo pou yo ekri omwen twa repons posib pou kesyon sa “Kiijan kò nou se tankou tanp?” Ankouraje yo li 1 Korentyen 6:19–20 pandan y ap medite sou kesyon sa a. Apre sa, youn ta kapab pataje repons yo youn ak lòt. Kijan ansèyman Sovè a konsènan kò nou yo enfliyanse chwa nou fè? Men kèk ide pou aktivite adisyonèl sou sijè sa a; chwazi ladan yo, oswa planifye youn pou kont ou.

  • Si w ta renmen gen plis diskisyon sou konparezon Pòl te fè ant kò a ak tanp lan, anvizaje montre imaj plizyè tanp diferan. Ou kapab jwenn kèk nan temples.ChurchofJesusChrist.org. Manm klas la oswa kowòm nan ta kapab diskite diferans yo wè nan tanp sa yo, ansanm avèk bagay yo genyen an komen yo. Yo ta kapab pale tou de jan yo santi yo lè yo nan tanp lan. Kisa ki fè tanp lan se yon kote ki espirityèl, ki sakre konsa? Ou ta ka ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo montre ki rapò ki genyen ant bagay yo te diskite konsènan tanp yo avèk kò nou. Kijan ansèyman konsènan tanp yo nan Doktrin ak Alyans 97:15–16; 109:8, 12 yo gen rapò avèk kò fizik nou?

  • Pwobableman, manm klas ou a oswa kowòm ou an te gen—oswa ap gen—opòtinite pou yo eksplike poukisa yo suiv ansèyman Sovè a sou pran swen kò nou yo tou. Ou ta gen dwa mande kèk nan yo sa yo t ap di si, pa egzanp, yon moun te mande yo poukisa yo pa bwè alkòl, te, oswa kafe oswa poukisa gen kèk kalite rad yo pa mete. Èske ou ka site kèk verite nan levanjil Jezikri a ki afekte fason nou trete kò nou? Manm klas la oswa kowòm nan ta kapab chèche jwenn kèk nan verite sa yo nan seksyon “Resous pou Sipòa.”

  • Pou ede moun w ap anseye yo apwofondi reverans yo pou kò mirak nou yo, ou ta ka pase videyo “Pi gran Kreyasyon Bondye” a (gade tou Russell M. Nelson, “Kò Nou: Yon Kado Mayifik pou Nou Cheri,” 50–55). Kijan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri vle nou santi n konsènan kò nou? Ou ta gen dwa diskite fason Satan eseye pèsyade nou pou nou diminye valè oswa menm rayi kò nou tou. Kisa nou ka fè pou simonte mansonj ak tantasyon l yo? Ki verite ki ap ede nou? Kèk nan resous nan seksyon “Resous pou Sipò” a kapab itil.

Imaj
jèn ki ap fè djoging.

Kò nou se kado Bondye ba nou, epi verite yo ki nan levanjil la ede nou pran swen yo.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Pè Selès la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Jenèz 1:27; 1 Korentyen 6:19–20; Alma 11:42–44; 40:23; Doktrin ak Alyans 89; 130:22

  • Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” espesyalman twa premye paragraf yo

  • Je demeure dans un temple,” Chants pour les enfants,, 73

  • Atik konsènan kò fizik nou nan New Era oswa Lyawona Out 2019 la.

  • Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nan ba nou yon kò kòm kado, Bondye pèmèt nou pran yon etap vital nan etap pou nou vin pi pisanble avèk Li a. Satan konprann sa a. … Konsa, anpil, si se pa tout, tantasyon li mete sou chemen nou yo lakoz nou abize kò nou oswa kò lòt moun. … Kò nou se tanp pèsonèl nou, ki kreye pou abrite espri etènèl nou an [gade nan 1 Korentyen 3:16–17; 6:18–20]. Swen n ap bay tanp sa a enpòtan. Kounyeya, m ap mande nou, … èske nou pi enterese nan abiye ak trete kò nou yon jan pou nou fè mond lan plezi pase pou n fè Bondye plezi? Repons ou pou kesyon sa a voye yon mesaj dirèk ba Li konsènan sa w santi apwopo kado ekstraòdinè Li ba ou a” (“Nou Ka Fè pi Byen epi Vin pi Bon,” Lyawona, Me 2019, 68).

  • Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Moun ki kwè ke kò nou pa lòt bagay pase rezilta yon chans evolisyonè yo p ap santi okenn responsablite devan Bondye ni devan pèsonn pou sa yo fè avèk kò yo. Sepandan, noumenm ki gen yon temwayaj sou etandi reyalite etènite premòtèl, mòtèl, ak apre lanmò a , nou dwe rekonèt ke nou gen yon devwa devan Bondye konsènan chedèv sa a nan kreyasyon fizik Li a. … Kòm kò nou se enstrimam espri nou, li enpòtan pou nou pran swen l pi byen nou kapab. Nou ta dwe konsakre pouvwa l yo pou nou sèvi ak avanse travay Kris la” (“Refleksyon sou yon Lavi Konsakre,” Lyawona, Nov. 2010, 17).

Anseye nan Fason Sovè a

Pote atansyon a bezwen moun nan klas ou oswa kowòm ou an ki andikape oubyen ki gen lòt difikilte fizik yo Ede yo konprann ke kò chak moun presye epi merite respè. Lanmou kretyen w montre pou yo tout la kapab gen yon enfliyans puisan sou fason manm klas la oswa kowòm nan wè chak lòt moun ak tèt pa yo.