Nouvo Testaman 2023
13 Out. Kijan Jezikri Ka Ede M Chanje? Women 1–6


“13 Out. Kijan Jezikri Ka Ede M Chanje? Etè 6-11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“13 Out. Kijan Jezikri Ka Ede M Chanje?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
batèm

13 Out

Kijan Jezikri Ka Ede M Chanje?

Women 1–6

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou nou aji sou sa w diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan n ap jwenn jwa nan suiv Jezikri?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Ki moun nan pawas nou an oswa nan kominote nou an ki bezwen èd nou? Kijan nou ka ede yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou youn ka ede lòt prepare nou pou sèvis misyonè?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou kapab kontribiye nan efò pawas nou an pou l fè istwa familyal ak travay tanp?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la oubyen kowòm lan sonje plan ak envitasyon yo te fè pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Levanjil Jezikri a seyon levanjil chanjman!” Prezidan Russell M. Nelson te di (“Desizyon pou Letènite,” Lyawona, Nov. 2013, 108). Menm jan tou, Apot Pòl te eksplike ke lè nou batize, nou “mache nan nouvote lavi” (Women 6:4). Akozde Jezikri, chak jou—se pa sèlman jou nou batize a—ka pote “nouvote lavi” oubyen yon chans pou nou mache pi lwen peche ak pi pre Bondye. Viv levanjil Jezikri a vle di pou nou repanti epi pou nou vin pi pre Bondye—konstamman, pafwa gradyèlman—paske nou konnen ke efò nou yo ap mennen nou nan lajwa total.

Medite sou fason Sovè a chanje oumenm ak moun w ap anseye yo. Kijan w ka resevwa pouvwa Sovè a pou w chanje pi konplètman? Reflechi sou sa pandan w ap li Women 1–6 epi pandan w ap prepare w pou anseye. Ou ta kapab revize tou mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Nou Ka Fè Pibyen epi Vin Pi Bon” (Lyawona, Me 2019, 67–69) oubyen mesaj Sè Becky Craven nan “Kenbe Chanjman an” (Lyawona, Nov. 2020, 58–60).

Aprann Ansann

Pou kèk nan nou, “nouvote lavi” Kris la ofri a (Women 6:4) difisil pou moun disène paske li vini gradyèlman, tandiske pou lòt moun, chanjman sa a fèt pi rapidman. Ou ta kapab envite manm klas la oubyen kowòm lan pou yo pateje kisa “mache nan lavi nouvèl” vle di. Site kèk mo ak ekspresyon nan Women 6 ki dekri lavi nou avèk oubyen san enfliyans Sovè a? (Si jèn yo bezwen èd, yo ta ka gade nan vèsè 6, 11, 22–23.) A ki lòt mo ak fraz nou ka panse? Kijan Sovè a ofri pou L ede nou chanje? Aktivite tankou sa yo ka mennen nan yon diskisyon ki pi pwofon sou sijè sa a.

  • Pou ede klas la oubyen kowòm lan reflechi sou chanjman Sovè a ta kapab ede yo fè, envite yo li definisyon ki anba “Repanti, Repantans” nan gid pou ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Yo ta kapab diskite tou definisyon Prezidan Russell M. Nelson an sou repantans nan set premye paragraf mesaj li a “Nou Ka Fè Pi Byen ak Vin Pibon.” Ki verite enpòtan nou aprann sou repantans nan definisyon sa yo? Ou ta kapab bay klas la oubyen kowòm lan tan tou pou yo medite sou lis bagay Jezi mande nou pou nou chanje yo (nan senkyèm paragraf mesaj li a). Ankouraje yo ekri yon bagay espesifik yo santi yo gen enspirasyon pou yo chanje. Rann temwayaj ou konsènan pouvwa Sovè a pou L ede nou repanti ak chanje.

  • Sè Becky Craven te di ansyen zanmi l yo di l kèkfwa, “Ou pa chanje ditoul!” Ou ta kapab pataje kòmantè Sè Craven yo sou sa (gade nan “Kenbe Chanjman an,” 59–60). Mande manm klas la oubyen kowòm lan pou yo imajine ke nan senk oubyen diz an, yo rankontre yon ansyen zanmi. Ki chanjman ki ta kapab remakab pou zanmi w lan? Nan ki fason nou ta ka espere pou nou ta chanje? Kin lafwa nan Jezikri ka ede nou chanje? (gade nan Mozya 5:2–5, 7; Alma 5:11–13; Etè 12:27, oubyen “modèl ki ap kontinye pou chanjman” Sè Craven te dekri nan katriyèm paragraf mesaj li a ki kòmanse avèk “Lè m te pi jèn”)nan. Ou ta ka mande jèn yo pou yo pataje nenpòt eksperyans kote Jezikri te ede yo chanje.

  • Kèkfwa, nou ka panse ke nou sipoze fè chanjman oubyen amelyorasyon nan lavi nou pou kont nou. Ki diferans ki genyen ant sa evrè repantans? Pou ede manm klas la oubyen kowòm lan diskite kesyon sa a, ou ta ka revize deklarasyon nan “Resous pou Sipò” yo. Kisa nou ka fè kounyeya pou chèche èd ak pouvwa Sovè a pou chanjman nou yo ka vin pèmanan ak plen lajwa? Sa ta ka yon bon opòtinite pou jèn yo konsidere objektif devlòpman pèsonèl yo. Kijan nou ka enkli Sovè a nan objektif nou yo?

Imaj
jènfi ki ap mache

Lafwa nan Jezikri de nou repanti ak vin pi sanble avèk Li chak jou.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswakowòm lan pou yo medite epi ekri a y ap fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

  • Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nou ka chanje konpòtman nou. Dezi nou yo ka chanje. Kijan? Gen yon sèl fason. Vrè chanjman —chanjman pèmanan—ka vini sèlman gras a pouvwa gerisè, pirifikatè, ak pouvwa abilitan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Li renmen nou—nou chak! Li pèmèt ou gen aksè a pouvwa L lè w respekte kòmandman L yo seryezman, onètman, epi egzatteman” (“Desizyon pou Letènite,” 108).

  • Li pa byen idantifye pouvwa ki rann repantans posib la, sakrifis ekspyatwa Sovè nou an. Vrè repantans dwe enplike lafwa nan Senyè Jezikri, lafwa ke Li ka transfòme nou, lafwa ke L ka padone nou, ak lafwa ke L ap ede nou evite plis erè. Kalite lafwa sa a rann Ekspyasyon L lan efikas nan lavi nou. Lè nou … ‘f’è demi tou’ [repant] avèk èd Sovè a, nou ka santi esperans nan pwomès Li yo ak lajwa padon. San Redanmtè a, esperans ak lajwa a disparèt, epi repantans lan vin tounen senpleman yon chanjman konpòtman mizerab. Men lè nou egzèse lafwa nan Li, nou vin konvèti nan kapasite e L ak dispozisyon L pou padone peche” (Dale G. Renlund, “Repantans: Yon Chwa ak Kè Kontan,” Lyawona, Nov. 2016, 122).

Anseye nan Fason Sovè a

Aktivite ki nan apèsi sa a sijere fason posib pou ede manm klas ou a oubyen kowòm ou an aprann ansanm bagay ki konsène Sovè a ak pouvwa L pou ede nou chanje. Ka gen lòt apwòch ki ap mache pi byen pou jmoun w ap anseye yo. Chèche direksyon Lespri a nan lapriyè pandan w ap planifye fason pou bati lafwa w nan Jezikri.