Nouvo Testaman 2023
23 Jiyè. Kisa sa vle di pou m se yon disip Jezikri? Travay 10–15


“23 Jiyè. Kisa sa vle di pou m se yon disip Jezikri? Travay 10–15,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“23 Jiyè. Kisa sa vle di pou m se yon disip Jezikri?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Jezi ak patizan

Jezi ak Disip Li yo, © Balage Balogh/Art Resource, NY

23 Jiyè.

Kisa sa Vle Di pou m se yon disip Jezikri?

Travay 10–15

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans klas la oswa kowòm nan; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2). Planifye fason pou nou aji sou sa nou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou wè men Senyè a nan lavi nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou youn ka sipòte lòt nan bagay n ap simonte yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka tilize teknoloji pi byen kòm yon zouti pou pataje levanjil la?

  • Ini fanmi pou letènite. Kisa n ap fè pou nou ede fanmi nou yo vin jwenn Kris?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas la oswa kowòm lan sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Chapit 11 nan Travay yo note ke pou premye fwa “yo te rele disip yo Kretyen” (vèsè 26). Se yon privilèj ak responsablite sakre pou yo konenn yon moun kòm youn nan disip Kris epi pou yo rele l pa non L. Jan Prezidan M. Russell Ballard te di a: “Èske nou rann nou kont kijan nou beni poutèt nou pran sou nou non Pitit Gason Byeneme ak Literal Bondye? Èske nou konprann kijan sa siyifikatif? Non Sovè a se sèl non anba syèl ki ka pote sali pou lòm” (“Enpòtans yon Non,” Lyawona, Nov. 2011, 79).

Kisa sa vle di pou ou ke ou se yon Kretyen—yon disip Jezikri? Kisa sa vle di pou manm yo nan klas ou a oswa kowòm ou an?. Kijan pran non L sou ou enfliyanse w? Ou ta gen dwa panse tou a moman kote egzanp yon moun ki te aji kòm yon vrè disip Kris te enspire w.

Pandan w ap prepare w pou w anseye a, apre w fin li Travay 10–15, anvizaje li youn oswa plis nan mesaj konferans jeneral yo ke nou jwenn nan “Resous pou Sipòyo.”

Aprann Ansanm

Pou ede manm yo nan klas ou oswa kowòm ou an konprann kisa sa vle di pou se yon disip Jezikri, ou ta ka envite yo fini deklarasyon sa a: “Yon disip Jezikri se yon moun ki …” Yo ta ka revize Travay 11:19–26, pou jwenn ide nan vèsè 21, 23–24, 26 sou fason manm sa yo te montre ke yo se te disip. Kijan sèvis nou kòm disip Jezikri enfliyanse panse nou ak konpòtman nou? Aktivite tankou sa yo ka ajoute sou diskisyon sa a.

  • Li ta ka itil pou diskite kisa yon disip Jezikri ye (gade deklarasyon Eldè Robert D. Hales la nan “Resous pou Sipò” yo). Ou gen dwa mande jèn yo pou yo pataje kèk nan ansèyman Jezikri yo ki enspire yo epi kèk nan bagay yo te aprann apati de egzanp Li. Yo ta ka chèche kèk ekriti nan “Resous pou Sipò” yo oswa lòt yo konnen, pou jwenn ide. Yo ta kapab drese sou tablo a yon lis sa yo te aprann konsènan Sovè a nan pasaj yo. Apre sa yo ta kapab pale de fason yo ka suiv sensèman ansèyman ak egzanp ki nan lis ki sou tablo a.

  • Mande manm klas la oswa kowòm lan pou yo reflechi sou kisa sa vle di pou se yon Kretyen. Yo ta ka fè yon lis kalite yo tap atann pou yo jwenn nan lavi yon moun ki ap suiv Jezikri (gade, pa egzanp, nan Jan 13:34–35). Ou ta ka pataje jèn yo an de gwoup epi mande chak gwoup pou yo li mesaj sa a yo pou yo chèche jwenn kalite adisyonèl yo tap ajoute nan lis yo a: Eldè Terence M. Vinson, “Vrè Disip Sovè a” (Lyawona, Nov. 2019, 9–11) ak Eldè Massimo De Feo, “Lanmou San Melanj: Vrè Siy nan Chak Vrè Disip Jezikri ” (Lyawona, Me 2018, 81–83). Envite jèn yo pou yo medite sou yon bagay nan lis la yo vle amelyore ladan.

  • Ou ta gen dwa mande manm klas la oswa kowòm lan kisa sa vle di pou yo pou yo rele yo pa non Jezikri. Petèt yo ta ka pataje eksperyans yo te fè lè yon moun te aprann yo se manm Legliz Jezikri pou Sen dènye jou yo. Kijan nou santi nou lè yo konnen nou kòm disip Jezikri ak manm nan legliz Li a? Jèn yo ta ka eksplore tou plizyè ekriti oswa youn nan mesaj yo ki nan “Resous pou Sipò yo,” pou chèche jwenn ide ki enspire yo pou yo viv nan respè pou non Jezikri, ke yo te pran sou tèt yo a. Kijan lè yo rele nou pa non Jezikri sa afekte chwa nou fè yo?

Imaj
jènfi ki ap mache

Antanke manm Legliz Kris la, nou se disip Li epi nou pote non Li.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm lan pou yo medite epi anrejistre sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Envite yo pou yo reflechi sou kijan aji sou enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Antanke yon enstriktè, ou ka ankouraje diskisyon edifyan ki anrichi pa eksperyans ak temwayaj elèv yo.