Nouvo Testaman 2023
9 Jiyè. Kijan Jezikri dirije Legliz Li a? Travay 1–5


“9 Jiyè. Kijan Jezikri dirije Legliz Li a? Ezayi 1-12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“9 Jiyè. Kijan Jezikri dirije Legliz Li a?,” Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Apot Pyè k ap pale avèk yon gwoup

Apre Rezirèksyon L lan, Sovè a te dirije Legliz Li a atravè Apot Li yo, pami yo Pyè.

9 Jiyè.

Kijan Jezikri dirije Legliz Li a?

Travay 1–5

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yooswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral, 10.2, 11.2). Planifye fason pou w aji sou sa ki diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki sijè episkopa a diskite nan reyinyon konsèy pawas jèn nou yo? Kisa nou kapab fè kòm yon klas oubyen yon kowòm baze sou diskisyon sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kijan nou ka lonje lamen bay moun menm jan ak Kris la lè nou wè yon moun nan nesesite e nou pa konnen sa pou nou di?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kisa nou jwenn nan levanjil Jezikri a ki ba nou kè kontan? Kijan nou ka pataje kè kontan sa a avèk lòt moun?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kisa n ap fè pou nou jwenn non zansèt nou ki bezwen òdonans tanp yo? Kisa nou ka fè pou ede lòt moun jwenn non zansèt yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm lan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Konnen ke Legliz la bon, ke Legliz la anseye vrè prensip, oubyen Legliz la ka ede w vin yon pi bon moun, se youn Men konnen ke Legliz la jodi a se literalman Legliz Jezikri a, ke L etabli epi L ap dirije pèsonèlman e kontinyèlman atravè pwofèt vivan, se yon lòt. Liv Travay la bay anpil prèv ke Sovè a enplike serekole nan dirije Legliz Li a. Pandan w ap etidye chapit 1–5yo, chèche prèv, epi medite sou fason ou konnen ke Li kontinye dirije Legliz Li a jodi a. Kijan konesans sa a beni ou?

Èske jèn w ap anseye yo gen yon temwayaj ke Legliz yo a se Sovè a Limenm k ap dirije l? Kijan yon yon temwayaj konsa ka beni yo? Kijan w ka ede yo jwenn oubyen fòtifye temwayaj yo? Anplis de etidye Travay 1–5la, ou ta ka li mesaj Èldè Quentin L. Cook la tou “Benediksyon Revelasyon Kontinyèl pou Pwofèt yo ak Revelasyon Pèsonèl pou Gide Lavi Nou” (Liyawona, Me 2020, 96–100).

Aprann Ansanm

Pou kòmanse diskisyon w lan, ou ta ka ekri sou tablo a Jezikri te dirije Legliz Li a atravè revelasyon Li bay Apot yo. Manm klas la oubyen kowòm nan ta ka pataje yon bagay yo te jwenn nan etid yo nan Travay 1–5 ki sipòte deklarasyon sa a. (Si sa nesesè, ou ta ka dirije yo nan Travay 1:1–8; 2:36–39; 4:1–13, 31–33.) Ki prèv nou wè ki montre ke Jezikri dirije Legliz Li a menm jodi a? Aktivite tankou sa yo ka ede moun w ap anseye yo ranfòse fwa yo nan verite enpòtan sa a.

  • Ou ta ka prepare plizyè kesyon tankou sa yo: Kijan Jezikri dijire Legliz Li a? Kijan nou ka ogmante fwa nou ke Jezikri ap dirije Legliz Li a? Poukisa ou fè pwofèt ak apot Senyè yo konfyans? Bay chak manm klas la oubyen kowòm nan youn nan kesyon yo, epi envite yo pou yo medite sou kesyon an, epi panse a ekriti ki ta ka ede yo reponn ni (si yo bezwen, gade nan “Resous pou Sipòte yo” pou kèk ide). Apre sa, bay tan pou chak moun pataje ak diskite sa yo aprann.

  • Pou ede manm klas la oubyen kowòm yo wè kijan Senyè a dirije Legliz Li a, ou ta ka envite yo revize premye seksyon nan mesaj Èldè Quentin L. Cook la “Benediksyon Revelasyon pou Pwofèt yo ak Revelasyon Pèsonèl pou Gide Lavi Nou.” Petèt, chak manm klas la oubyen kowòm nan ta ka pataje yon bagay nan mesaj la ki ede yo konnen ke Jezikri ap dirije Legliz Li a aktifman ak pèsonèlman. Ki lòt inspirasyon nou wè nan ekriti ki nan seksyon “Resous pou Sipòa”?

  • Sa ta ka itil tou pou jèn yo ta aprann plis sou fason Senyè a ap dirije pawas ou a. Ou ta ka mande jèn yo pou yo pataje egzanp sou fason Senyè a gide chak dirijan endividyèlman nan pawas la, enkli prezidan klas oubyen prezidan kowòm nan. Pandan semèn nan, anvan klas la, ou ta kapab mande kèk dirijan pawas la pou yo pataje—an pèsòn oubyen elektwonikman—eksperyans ki montre kijan Senyè a gide yo. Manm klas oubyen kowòm yo ta ka jwenn egzanp adisyonèl nan mesaj Prezidan Henry B. Eyring nan “Senyè a ap Dirije Legliz Li a” (Liyawona, Nov. 2017, 81–84). Poukisa li enpòtan pou nou gen lafwa ke Senyè a enspire dirijan pawas nou yo?

  • Kèk moun santi ke si nou se bon moun epi nou fè bon bagay, nou pa bezwen yon legliz. Ou ta ka mande jèn yo sa yo yo t ap reponn pou kesyon sa a. Nan mesaj li a “Nesesite pou yon Legliz” la nan (Liyawona, Nov. 2021, 24–26), Prezidan Dallin H. Oaks te bay plizyè rezon k fè legliz, enkli Legliz retabli Senyè a enpòtan. Jèn yo gen dwa chèche mesaj sa de pa de, an ti gwoup, oubyen kòm yon klas oubyen yon kowòm epi pataje sa yo jwenn.

Imaj
reyinyon jènjan

Senyè a gide Legliz Li a atravè revelasyon, enkli prezidans klas yo ak prezidans kowòm yo.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Pou envite Lespri a nan ansèyman ou, ankouraje lòt moun pou yo pataje temwayaj pèsonèl yo sou verite w ap diskite a.