Nouvo Testaman 2023
25 Jen. Kisa Ekspyasyon Jezikri a Vle di pou Mwen? Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19


“25 Jen. Kisa Ekspyasyon Jezikri a Vle di pou Mwen? Jenèz 12–17; Abraram 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“25 Jen. Kisa Ekspyasyon Jezikri a Vle di pou Mwen?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
The Savior’s Atonement: Foundation of True Christianity (Ekspyasyon Sovè a: Fondasyon Vrè Kriyanis, pa Kirk Richards

Ekspyasyon Sovè a: Fondasyon Vrè Kriyanis, pa Kirk Richards

25 Jen

Kisa Ekspyasyon Jezikri a Vle Di pou mwen?

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2 Planifye fason pou w fè suivi sou sa ou diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kijan nou vin pi pre Sovè a? Kijan n ap eseye vin pi sanble avèk Li?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki te nan lide nou sèjousi? Kijan nou ka ede moun sa yo?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou ka reponn kesyon zanmi nou sou Legliz la nan yon fason ki ap ranfòse lafwa yo nan Sovè a?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Èske w ka site kèk fason nou kapab konekte avèk manm fanmi elaji nou, tankou granparan ak kouzen nou yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oubyen manm klas la sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

È ldè David A. Bednar te obsève ke kèk nan Sen Dènye Jou yo “sanble yo gen lafwa nan Sovè a, men, yo pa kwè benediksyon Li te pwomèt yo disponib pou yo” (“Si W Te Konnen Mwen,” Lyawona, Nov. 2016, 104). Otreman di, menm lè nou kwè Jezikri te soufri epi L te mouri pou peche mond lan, nou ta kapab mande tèt nou si L te soufri ak mouri presizeman pou peche pa nou. Èske w konn jamè santi w konsa? Kijan moun ki nan klas ou a oubyen nan kowòm ou an ta ka benefisye de konprann ke Ekspyasyon Sovè a aplike pou yo pèsonèlman? Kijan w ka ede yo?

Medite sou kesyon sa yo pandan w ap li osijè Krisifiksyon Sovè a semèn sa a. Pandan w ap prepare pou w anseye sou nati pèsonèl Ekspyasyon Kris la, ou ta ka etidye mesaj Prezidan Dallin H. Oaks la “Kisa Sovè Nou an Fè Pou Nou?” (Lyawona,, Me 2021, 75–77).

Aprann Ansanm

Envite manm klas la oubyen kowòm nan pataje yon bagay yo te aprann konsènan Krisifiksyon Sovè a semèn pase a nan Nouvo Testaman an, ak santiman yo konsènan Sovè a. Pou ede w enfliyanse yo, ou ta ka poze kesyon tankou “Kisa nou aprann konsènan Jezikri nan bagay Li te di ak fè pandan dènye lè L yo?” Pa egzanp, ou ta ka eksplore sityasyon kote Sovè a, pandan L t ap soufri pou tout moun nan, te gade moun ki te bò kote L yo avèk konpasyon (gade nan, pa egzanp, Lik 23:34, 39–43; Jan 19:25–27). Sa ta ka mennen nan yon diskisyon sou fason Ekspyasyon Jezikri a inivèsèl ak pèsonèl. Aktivite tankou sa yo ka ede w diskite plis sou Ekspyasyon Sovè a.

  • Nan premye paragraf mesaj li a “Kisa Sovè Nou An Fè Pou Nou?” an, Prezidan Dallin H. Oaks te dekri yon konvèsasyon avèk yon fi ki pat konvenki ke Jezikri te fè anyen pou li. Petèt, manm klas oubyen kowòm nan ta ka li paragraf sa a, pandan y ap mete tèt yo nan plas Prezidan Oaks. Kisa nou t ap di fi sa a? Ou ta ka bay chak manm klas la oubyen kowòm nan youn nan seksyon nimewote ki nan mesaj Prezidan Oaks la. Pandan y ap itilize sa yo aprann yo, ansanm ak pwòp eksperyans pa yo, yo ta ka pataje repons pa yo apresa pou kesyon “Kisa Jezikri Fè Pou Mwen?” an.

  • Pou enspire yon diskisyon sou fason Ekspyasyon Sovè a afekte nou pèsonèlman, ou ta ka ekri yon ekspresyon sou tablo a tankou Paske Jezikri te soufri ak mouri pou tout moun … . Manm klas la oubyen kowòm nan ta ka sijere fason pou konplete fraz la. Apre sa, ou ta ka chanje ekspresyon an pou fè l di Paske Jezikri te soufri ak mouri pou mwen … epi envite sigjesyon adisyonèl. Pandan manm klas la oubyen kowòm nan ap diskite sou deklarasyon sa yo, ankouraje yo pou yo li ekriti ki nan “Resous pou Sipòyo.” Kisa ekriti sa yo anseye nou sou enfliyans Ekspyasyon Sovè a nan lavi endividyèl nou?

  • Yon lòt fason pou etidye ekriti ki nan “Resous pou Sipò” a se ta envite jèn yo pou yo ranplase pawòl ki nan vèsè yo pou vèsè yo pou vèsè yo ka adrese dirèkteman a yomenm. Kijan sa ap afekte santiman nou konsènan verite ki nan vèsè yo? Kijan nou ka montre gratitid nou pou sa Sovè a fè pou nou?

  • Mizik sakre ka temwaye konsènan Jezikri avèk puisans. Anvizaje pou w envite manm klas la oubyen kowòm nan vini prepare pou yo pataje kantik ki ede yo santi pouvwa Ekspyasyon Sovè a nan lavi pa yo. (Yo ta ka gade kantik sentsèn oubyen tit “Jezikri—Sovè” nan endèks pa sijè Kantikyo.) Mande manm klas oubyen kowòm nan pou yo idantifye fraz nan kantik yo ki ede yo santi lanmou Sovè a pou yo pèsonèlman. Ou ta ka pale de fason sakrifis Sovè a afekte lavi kotidyèn nou tou. Pa egzanp, kijan l afekte chwa nou fè?

Imaj
Kris la nan Jetsemani

Kris la nan Jetsemani, pa Dan Burr

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm kowòm oswa klas ou yo pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò

Anseye nan Fason Sovè a

Ekspresyon sensè lanmou kretyen gen gwo pouvwa pou adousi kè manm nan klas la ki ap lite avèk levanjil la. Souvan, moun sa yo senpleman bezwen konnen ke yo itil epi gen moun ki renmen yo.