Nouvo Testaman 2023
11 Jen. Kijan M Ka Vin Pi Pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri? Jan 14–17


“11 Jen. Kijan M Ka Vin Pi Pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri Jan 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal yo 2023 (2022)

“11 Jen. Kijan M Ka Vin pi Pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
yon jèn fi k ap priye

11 Jen

Kijan M Ka Vin pi Pre Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Jan 14–17

Imaj
senbòl fè konsèy

Fè Konsèy

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm lan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak egzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade nan Manyèl Jeneral,, 10.2, 11.2ChurchofJesusChrist.org Planifye fason pou w aji sou sa ki te diskite yo.

  • Viv levanjil la. Ki eksperyans resan ki te ranfòse temwayaj nou?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kiyès ki bezwen èd ak priyè nou? Kisa nou santi nou dwe fè pou nou ede?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Kijan nou kapab vin yon limyè pou manm fanmi oubyen zanmi ki pa pataje kwayans nou?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Kijan nou kapab montre lanmou ak sipò nou pou fanmi nou epi fè yon diferans pozitif nan fwaye nou?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye sou prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm klas oswa kowòm nan sonje plan ak envitasyon yo te fikse pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare Tèt ou Espirityèlman

Fwi pa ka grandi sou yon branch ki separe de pyebwa li. Nan menm fason an, nou pa kapab grandi espirityèlman si nou separe de Bondye (gade Jan 15:4–6). Men gen sitèlman fòs ki ap chèche separe nou de Li—pafwa pwòp ògèy oswa move chwa pa nou men souvan, se jis kondisyon lavi mòtèl yo. Lè Jezi te reyini avèk disip Li yo pou dènye fwa nan mòtalite a, Li te konnen ke L t apral separe avèk yo nan byento. Konsa, Li te anseye yo kikan l enpòtan pou nou kenbe yon koneksyon sere avèk Limenm ak Papa Li—pou nou rete ini avèk yo menmjan yon branch kole nan yon pyebwa. Li te rele sa “demere” nan Li. Epi Li te anseye disip Li yo kijan pou yo te fè sa. Pi enpòtan nan tout bagay, atravè sakrifis ekspyatwa L la, li te rann koneksyon sa a posib.

Medite sou koneksyon w avèk Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri pandan wap etidye Jan 14–17la. Panse a moun w ap enseye yo ak dezi yo pou yo vin pi pre Bondye tou. Kisa w pral fè pou w ede yo? Ou ta kapab medite sou Doktrin ak Alyans 88:62–68 pandan w ap prepare w pou anseye a.

Aprann Ansanm

Anvizaje kijan ou ta kapab enspire jèn yo pou yo diskite ansèyman Sovè a konsènan pye rezen yo ak branch yo nan Jan 15:1–12la. Petèt ou ta ka itilize yon desen, yon foto, oswa yon branch reyèl pou ede yo vizyalize sa Jezi te anseye a. Ou ta ka mande yo pou yo pale de moman kote yo te santi yo pre Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri—oswa moman yo te santi yo lwen Yo. Kisa vèsè sa yo anseye konsènan fason nou ka rete pre yo? Aktivite tankou sa yo ka ede apwofondi konvèsasyon sa a.

  • Li ta gen dwa bon pou nou pase yon ti tan ap eksplore kesyon “Kisa ki separe nou de Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri?” a. Ou ta kapab ekri kesyon an sou tablo a epi mande repons. Petèt apre sa ou ta ka pale de sa nou fè pou nou bati yon relasyon avèk yon zanmi oswa yon manm fanmi. Ki resanblans ak—ki diferans—ki genyen ant bati relasyon sa a ak fason nou bati yon relasyon avèk Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri? Kijan Jezikri ede nou vini pi pre Limenm ak Papa L? Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo li ekriti ki nan “Resous pou Sipò” yo pou ede yo reponn kesyon sa a. Jèn yo ta kapab tire pwofi de etid vèsè sa yo an gwoup de epi pataje sa yo aprann.

  • Pèsonn pa pi pre Bondye Papa a pase Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri. Kisa nou aprann nan men Sovè a konsènan vin pi pre Bondye? Manm klas la ak kwòm nan ta ka medite sou kesyon sa a pandan y ap li Lik 22:41–43; Jan 6:38; 17:3, 20–23; 3 Nefi 11:11; Doktrin ak Alyans 50:43. Kijan nou kapab vin fè youn avèk Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri?

  • Nan mesaj li a “Sovè Pèsonèl Nou an,” Èldè Michael John U. Teh te sonje yon moman kote l te reyalize ke, “Sa m konnen konsènan Sovè a grandman depase nivo m vrèman konnen Li” (Lyawona, Me 2021, 99). Ou ta gen dwa mande klas ou a oswa kowòm ou an pou yo diskite sou diferans ki genyen ant konnen bagay ki konsène Jezikri ak vrèman konnen Li. Yo ta kapab pale de sa y ap aprann konsènan Li ak sa y ap fè pou yo vrèman konnen Li. Apre sa yo ta ka chèche pòsyon nan mesaj Èldè Teh a pou jwenn konsèy Li te bay konsènan vini konnen Sovè a vrèman. Kijan lavi nou te beni nan chèche konnen Li?

  • Nan videyo “Li konnen Mwen” an, de jèn ki soti Gana te dekri efò yo pou yo te rapwoche yo de Bondye. Petèt manm klas la oswa kowòm nan ta kapab gade videyo a epi, pandan y ap fè sa, drese yon lis sou ide li bay yo konsènan fason pou yo amelyore relasyon yo avèk Papa yo ki nan syèl la. Envite yo pataje yon bagay nan lis yo a. Si sa posib, yo ta gen dwa kontan prepare pwòp ti videyo pa yo ki dekri kijan yo rapwoche yo pi pre Bondye.

Imaj
yon jènfi ki ap li ekriti yo

Lè nou vin konnen Sovè a epi nou respekte kòmandman L yo, n ap demere nan lanmou Li (gade Jan 15:10).

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a. Si yo ta vle, yo ta kapab pataje ide yo. Mande yo pou yo reflechi sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipò yo

Anseye nan Fason Sovè a

Sovè a te prepare L pou ministè tèrès Li a nan priye ak jene pou L te ka rete pre Papa Li (gade Matye 4:1–2; Lik 4:1–2). Pandan w ap prepare w pou anseye a, pran tan pou w chèche gidans Papa nou ki nan syèl la, paske se pitit Li w ap anseye!