Nouvo Testaman 2023
28 Me. Kisa M Ka Fè pou M Prepare Dezyèm Vini Sovè a? Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21


“28 Me. Kisa M Ka Fè pou M Prepare Dezyèm Vini Sovè a? Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023 (2022)

“28 Me. Kisa M Ka Fè pou M Prepare Dezyèm Vini Sovè a?,” Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2023

Imaj
Li Retounen pou L Dirije ak Reye), Mary R. Sauer

Li Retounen Pou L Gouvène ak Reye, Mary R. Mary R. Sauer

28 Me

Kisa M Ka Fè pou M Prepare Dezyèm Vini Sovè a?

Joseph Smith—Matye 1; Matye 24–25; Mak 12–13; Lik 21

Imaj
senbòl fè konsèy ansanm

Fè Konsèy ansanm

Sou direksyon yon manm prezidans kowòm nan oswa klas la; apeprè 10–20 minit

Nan kòmansman reyinyon an, repete ansanm Tèm Jènfi yo oswa Tèm Kowòm Prètriz Aawon an. Apre sa dirije yon diskisyon sou travay sali ak ekzaltasyon an avèk youn oubyen plis nan kesyon sa yo oubyen pwòp kesyon pa w (gade Manyèl Jeneral,10.211.2). Planifye fason pou w aji sou sa ki diskite yo.

  • Viv levanjil la. Kisa nou te diskite dènye fwa a, epi ki envitasyon oswa tach ki te fèt? Kisa nou te fè pou n reponn a envitasyon oswa angajman sa yo?

  • Pran swen moun ki nan nesesite yo. Kisa nou kapab fè oswa di pou nou lonje lamen bay moun ki ka santi yo sèl oswa lwen Papa nou ki nan Syèl la?

  • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la. Ki fason nou kapab ede lòt moun santi lanmou Jezikri?

  • Ini fanmi yo pou letènite. Ki ide nou youn ka pataje avèk lòt pou nou ede ranfòse fanmi nou yo?

Nan fen leson an, si sa apwopriye, fè bagay sa yo:

  • Temwaye konsènan prensip ki te anseye yo.

  • Fè manm kowòm nan oubyen klas la sonje plan ak envitasyon yo te fè pandan reyinyon an.

Imaj
senbòl anseye doktrin nan

Anseye Doktrin nan

Sou direksyon yon dirijan adilt oubyen yon jèn; apeprè 25–35 minit

Prepare W Espirityèlman

Kijan jèn w ap anseye yo santi yo konsènan viv nan dènye jou yo anvan Dezyèm Vini Jezikri a? Se vre, tan sa yo se tan ki plen danje, yo make pa advèsite, mechanste, ak destriksyon. Men, lè Sovè a te dekri epòk nou an bay disip Li yo nan fen lavi mòtèl Li a, Li te ban nou espwa. Pandan L te rekonèt tenèb ki t ap vini an, Li te pwomèt ke Limyè L t ap “[kouvri] tout lè a” lè L retounen (gade nan Joseph Smith—Matye 1:22–26; gade tou nan Doktrin ak Alyans 45:34–38).

Kijan w ka ede jèn yo pi byen konprann benediksyon ak opòtinite ki genyen nan viv nan dènye jou yo? Kisa w ka fè pou enspire yo pou yo prepare tèt yo ak mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a? Anplis de etidye pasaj ekriti semèn sa a, anvizaje revize kèk resous ki mansyone nan “Dezyèm Vini Jezikri a” nan Sijè Levanjil yo nan (topics.ChurchofJesusChrist.org).

Aprann Ansann

Pou ede jèn yo revize sa yo te li nan ekriti yo semèn sa a, ou ta ka ekri tit sa yo sou tablo a: Pwofesi Tris ak Deklarasyon Gloriye (gade nan Russell M. Nelson, “Anbrase Demen ak Lafwa,” Lyawona, Nov. 2020, 73–76). Apre sa, chak moun ta ka revize Joseph Smith—Matye 1:22–37 epi fè lis bagay “tris” ak bagay “gloriye” ki pral rive anvan retou Sovè a. Poukisa li enpòtan pou nou okouran de evènman sa yo? Pou ede jèn yo aprann plis sou fason pou yo prepare pou vini Sovè a, konsidere aktivite sa yo oubyen yon aktivite pa w.

  • Ekriti ki nan “Resous pou Sipò” a ka ede jèn yo konprann fason Pè Selès la ap prepare chemen pou Dezyèm Vini Pitit Gason L lan. Panse pou w ekri evènman yo dekri nan ekriti yo sou tablo a epi mande chak moun pou yo li youn nan pasaj ekriti yo. Chak moun ta ka konpare pasaj yo a avèk yon evènman sou tablo a epi diskite sou pasaj la avèk klas la. Kisa evènman sa yo sigjere sou wòl nou nan prepare nou pou Dezyèm Vini Jezikri a? Kisa nou enspire pou nou fè kòm yon klas oubyen yon kowòm?

  • Prezidan Russell M. Nelson te konseye: “Kijan noudwe jere pwofesi ki tris yo ak deklarasyon gloriye yo osijè epòk nou an? Senyè a te di nou kijan pou nou fè sa avèk reyasirans senp men etonan sa a: ‘Si nou prepare, nou p ap pè’ [Doktrin ak Alyans 38:30]” (“Anbrase Demen ak Lafwa,” 74). Pou ede jèn yo pi byen prepare pou retou Sovè a, panse pou w mande yo chak pou yo li youn nan twa prensip preparasyon Prezidan Nelson te pataje yo nan mesaj li a. Envite yo pou yo pataje sa yo aprann. Kisa nou santi nou enspire pou nou fè pou nou aplike konsèy Prezidan Nelson an?

  • Nan kòmansman mesaj li a ki rele “Prepare pou Retou Senyè a,” Èldè D. Todd Christofferson te dekri sa mond lan pral sanble apre Dezyèm Vini Jezikri a (Lyawona, Me 2019, 81–84). Envite jèn yo pou yo revize deskripsyon l la ak kontras li avèk sa mond lan ye kounyeya. Yo ta ka diskite kisa nou ka fè kounyeya pou nou pare pou nou viv nan kalite mond Èldè Christofferson dekri a. (Gen kat paragraf nan mesaj li a ki kòmanse avèk “Premyèman, epi enpòtan pou retou Senyè a” ki ta kapab ede.) Kijan Legliz Sovè a ede nou prepare pou Dezyèm Vini L la? Èldè Christofferson te bay lis twa fason kote se Legliz la ki “inikman gen pouvwa ak otorite pou akonpli preparasyon nesesè pou Dezyèm Vini Sovè a.” Manm klas yo ta ka idantifye twa bagay sa yo epi diskite sou yo.

Imaj
yon jènfi ki ap etidye

Si nou prepare, nou pa bezwen pè evènman k ap mennen nan Dezyèm Vini Sovè a.

Aji avèk Lafwa

Ankouraje manm klas la oswa kowòm nan pou yo medite epi ekri sa yo pral fè pou yo aplike enpresyon yo te resevwa yo jodi a? Si yo ta vle, yo ta ka pataje ide yo. Mande yo pou yo panse sou kijan aplike enpresyon yo ap ranfòse relasyon yo avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Resous pou Sipòte yo

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye manm klas la ke pafwa pandan yon diskisyon nan klas la, Lespri a ap anseye yo kèk bagay ki pa janm repete fò.