Ekriti yo
Temwayaj Twa Temwen yo


Temwayaj Twa Temwen Yo

Se pou tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp ki resevwa liv sa a konnen: Nou menm, pa mwayen lagras Papa Bondye ak Senyè Jezikri nou an, nou te wè plak ki gen rejis yo, ki se istwa pèp Nefi a ak Lamanit yo, frè Nefit yo, epi tou ak pèp Jarèd la, ki te sòti nan toudebabèl yo te pale a. Epi tou nou konnen se avèk don ak pouvwa Bondye yo te tradui, paske vwa l te deklare nou sa; se poutèt sa, nou konnen sètènman travay sa a se verite. Epi tou nou temwaye pou fè konnen nou te wè ekriti ki te sou plak yo; epi se pouvwa Bondye ki te montre nou yo, se pa pouvwa lèzòm. Epi nou deklare avèk tanperans yon zanj Bondye te desann sòti nan syèl la, li te pote devan je nou, nou te gade, e nou te wè plak yo ak ekriti ki te sou yo a; epi nou konnen se avèk lagras Papa Bondye yo, ak Senyè Jezikri nou an nou te wè, epi nou rann temwayaj bagay sa yo se verite. Epi li se yon mèvèy nan je nou. Sepandan, vwa Senyè a te kòmande nou pou nou rann temwayaj konsènan li; se poutèt sa pou nou kapab obeyi kòmandman Bondye, nou rann temwayaj konsènan bagay sa yo. Epi nou konnen si nou fidèl nan Kris la, n ap netwaye san tout moun sou rad nou, epi n ap san tach devan fotèy jijman Kris la, epi n ap rete avèk li etènèlman nan syèl la. Epi onè a se pou Papa a, ak Pitit Gason an, ak Sentespri a, ki se yon sèl Bondye. Amèn.

Oliver Cowdery

David Whitmer

Martin Harris