Ekriti yo
Abraram 4


Chapit 4

Bondye yo planifye kreyasyon tè a ak tout vi ki sou li—Plan yo pou kreyasyon sis jou a tabli.

1 Epi apre sa, Senyè a te di: An nou desann. Epi yo te desann nan akòmansman an, epi yo, ki vle di Bondye yo, te bòganize epi yo te fòme syèl yo ak tè a.

2 Epi tè a, apre l te fin fòme, li te vid epi l te dezole, paske yo pa t fòme okenn bagay eksepte tè a; epi tenèb te gaye sou fas la ale jouk nan fon, epi lespri Bondye yo t ap adeplase sou fas dlo yo.

3 Epi yo (Bondye yo) te di: Se pou gen limyè; epi te gen limyè.

4 Epi yo (Bondye yo) te konprann limyè a, paske l te fè klè; epi yo te separe limyè a, oubyen yo te fè li separe ak tenèb la.

5 Epi Bondye yo te rele limyè a Jou, epi yo te rele tenèb la Nuit. Epi se te konsa, depi nan apre midi jouk nan maten, yo te rele l nuit; epi depi nan maten jouk nan apre midi, yo te rele l jou; epi se te premye, oubyen kòmansman bagay yo te rele jou ak nuit la.

6 Epi tou Bondye yo te di: Se pou gen yon gwo aespas nan mitan dlo yo, epi gwo espas la pral divize dlo yo avèk dlo a.

7 Epi Bondye yo te òdone gwo espas la, pou gwo espas la divize dlo yo ki anba gwo espas la avèk dlo yo ki anlè gwo espas la; epi sa te fèt jan yo te òdone a.

8 Epi Bondye yo te rele gwo espas la aSyèl. Epi se te konsa, se te depi nan apre midi jouk nan maten yo te rele yon jou; epi se te dezyèm btan an se te yon nuit ak yon jou.

9 Epi Bondye yo te òdone, yo te di: Se pou adlo yo ki anba syèl la rasanble ansanm nan byon sèl plas, epi se pou tè a vin monte sèch; epi sa te fèt jan yo te òdone a;

10 Epi Bondye yo te rele tè sèch yo tè; epi yo te rele rasanbleman dlo yo, aGran Dlo; epi Bondye yo te wè yo te obeyi yo.

11 Epi Bondye yo te di: An nou pare tè a pou pwodwi azèb; pou plant yo bay semans; pou pye fwi yo bay fwi daprè espès yo, pou semans ki andedan l yo pwodwi parèy pa l sou tè a; epi sa te fèt, menm jan yo te òdone a.

12 Epi Bondye yo te òganize tè a pou pwodwi zèb ki soti nan pwòp semans tè a, epi pou plant yo pwodwi plant ki soti nan pwòp semans pa yo, pou yo pwodwi semans daprè espès pa yo; epi pou tè a pwodwi pyebwa ki soti nan pwòp semans pa l, ki bay fwi, fwi ki gen semans ki kapab sèlman pwodwi menm bagay la pou tèt pa l, daprè espès pa l; epi Bondye yo te wè yo te obeyi yo.

13 Epi se te konsa, yo te konte jou yo; depi nan apre midi jouk nan maten yo te rele l yon nuit; epi se te konsa, yo te rele depi nan maten jouk nan apre midi a yon jou; epi se te twazyèm tan an.

14 Epi Bondye yo te òganize alimyè yo nan gwo espas syèl la, epi Bondye yo te fè limyè yo separe jou a avèk nuit la; epi yo te òganize yo an siy ak sezon, an jou ak ane;

15 Epi yo te òganize yo an limyè nan gwo espas syèl la pou yo bay tè a limyè; epi sa te fèt.

16 Epi Bondye yo te òganize de gwo limyè yo, pi agwo limyè a pou gouvène jou a, epi pi piti limyè a pou gouvène nuit la; avèk pi piti limyè a yo te tabli zetwal yo tou;

17 Epi Bondye yo te tabli yo nan gwo espas syèl yo, pou bay tè a limyè, epi pou gouvène sou jou a ak sou nuit la, epi pou fè separe limyè a ak tenèb la.

18 Epi Bondye yo te siveye bagay yo te òdone yo jistan bagay yo te obeyi.

19 Epi se te konsa, se te depi nan apre midi jouk nan maten ki te fè yon nuit; epi se te konsa, se te depi nan maten jouk nan apre midi ki te yon jou; epi se te katriyèm tan an.

20 Epi Bondye yo te di: An nou pare dlo yo pou pwodui an abondans kreyati k ap deplase ki gen lavi; ak volay yo, pou yo kapab vole anlè tè a nan gwo espas ouvè ki nan syèl la.

21 Epi Bondye yo te pare dlo yo pou yo kapab pwodui gwo abalèn, ak chak kreyati vivan k ap deplase, chak kreyati dlo yo te dwe pwodui an abondans daprè espès pa yo; epi chak volay ki gen zèl daprè pwòp espès pa yo. Epi Bondye yo te wè bagay sa yo t ap obeyi yo, epi plan an te bon.

22 Epi Bondye yo te di: N ap beni yo, epi n ap fè yo pwodiktif pou yo miltipliye, epi pou yo ranpli dlo yo ki nan lanmè a oubyen “agran dlo yo”; epi yo te fè volay yo miltipliye sou tè a.

23 Epi se te konsa, yo te rele depi nan apre midi jouk nan maten an nuit; epi se te konsa, yo te rele depi nan maten jouk nan apre midi a jou; epi se te senkyèm tan an.

24 Epi aBondye yo te pare tè a pou pwodwi kreyati vivan daprè espès pa l, zannimo ak bagay k ap ranpe, ak bèt ki sou tè a daprè espès pa yo; epi sa te fèt, jan yo te di a.

25 Epi Bondye yo te òganize tè a pou pwodwi bèt yo daprè espès pa yo, ak zannimo daprè espès pa yo, ak chak bagay ki ranpe sou tè a daprè espès pa yo, epi Bondye yo wè bagay sa yo t ap obeyi yo.

26 Epi Bondye yo te reyini an akonferans, yo di: Annou desann pou nou fòme blòm daprè cimaj pa nou, daprè resanblans nou; epi nou pral ba li dominasyon sou pwason yo ki nan lanmè a, ak sou volay yo, ak sou zannimo yo, ak sou tout tè a, ak sou tout bagay ki ranpe sou tè a.

27 Epi konsa, aBondye yo te desann pou òganize lòm nan pwòp imaj pa yo, pou yo fòme l nan imaj Bondye yo, pou yo fòme yo gason ak fi.

28 Epi Bondye yo te di: Nou pral beni yo. Epi Bondye yo te di: Nou pral fè yo vin pwodiktif pou yo miltipliye, pou yo ranpli tè a, epi pou yo soumèt li, epi pou yo gen dominasyon sou pwason yo ki nan lanmè, ak sou volay yo ki an lè a, ak sou chak bagay vivan k ap deplase sou tè a.

29 Epi Bondye yo te di: Gade, nou pral ba yo chak plant ki gen semans ki pral parèt sou fas tè a, ak chak pyebwa ki gen fwi sou li; wi, nou pral ba yo fwi pyebwa ki pwodwi semans; se pral pou anouriti yo.

30 Epi pou chak bèt ki sou tè a, ak chak volay ki anlè a, ak chak bagay k ap ranpe sou tè a, nou pral ba yo lavi, epi tou nou pral ba yo chak plant vèt kòm nouriti, epi tout bagay sa yo pral òganize konsa.

31 Epi Bondye yo te di: Nou pral fè tout bagay nou te di yo, epi nou pral òganize yo; epi gade, yo pral obeyisan anpil. Epi se te konsa, se te depi nan apre midi jouk nan maten yo te rele yon nuit; epi se te konsa, se te depi nan maten jouk nan apre midi yo te rele yon jou; epi yo te konte pou asizyèm tan an.