Èd pou Etid
TJS, Sòm 24


TJS, Sòm 24:7–10. Konpare avèk Sòm 24:7–10

Wa Laglwa a pral rachte pèp Li a lè L vini.

7 Leve tèt ou, ou menm jenerasyon Jakòb yo; epi leve kanpe; epi Senyè a ki fò e ki pisan an; Senyè a ki pisan nan batay la, ki se wa laglwa a, pral tabli w pou tout tan.

8 Epi l pral vlope syèl la; epi l pral desann pou rachte pèp li a; pou li fè w devni yon non etènèl; pou l tabli w sou wòch etènèl li a.

9 Leve tèt ou, ou menm jenerasyon Jakòb yo; leve tèt ou, ou menm jenerasyon etènèl yo, epi Senyè Tout Lame yo, wa tout wa yo;

10 Wa laglwa a menm pral vin jwenn ou; epi li pral rachte pèp li a, epi li pral tabli yo nan lajistis. Selah.