Èd pou Etid
TJS, Matye 26


TJS, Matye 26:22, 24–25. Konpare avèk Matye 26:26–28; TJS, Mak 14:20–25

Jezi kase pen Sentsèn nan epi Li beni li. Sentsèn nan se kòm souvni kò ak san Jezi.

22 Epi pandan yo t ap manje, Jezi te pran pen an epi l te rache l, epi l te beni l, epi l te bay disip li yo, epi l te di konsa, Pran, manje; se nan memwa kò mwen ke m te bay kòm pri pou rachte nou.

24 Paske se nan memwa san mwen ki soti nan Nouvèl Alyans, la ki koule pou tout moun ki va kwè nan non mwen, pou remisyon peche yo.

25 Epi m ba nou yon kòmandman, pou nou obsève e pou nou fè bagay ke nou wè m fè yo, epi pou nou rann temwayaj konsènan mwen jiska lafen.