Èd pou Etid
TJS, Jan 13


TJS, Jan 13:8–10. Konpare avèk Jan 13:8–10

Jezi lave pye Apot yo pou akonpli lwa Juif yo.

8 Pyè te di l konsa, ou pa bezwen lave pye m. Jezi te reponn li, si m pa lave w, ou p ap ka asosye avèk mwen.

9 Simon Pyè te di l konsa, Senyè a, pa sèlman pye mwen, men tou men mwen yo ak tèt mwen.

10 Jezi te di l konsa, yon moun ki te lave men li ak tèt li sèlman bezwen lave pye li, paske li pwòp nèt; epi w pwòp, men pa tout sa. Se te koutim Juif yo sou lalwa yo a; se poutèt sa, Jezi te fè sa pou lalwa a kapab akonpli.