Èd pou Etid
TJS, Jan 1


TJS, Jan 1:1–34. Konpare avèk Jan 1:1–34

Levanjil Jezikri a te preche depi nan kòmansman. Janbatis se Eli ki prepare chemen an pou Kris la, epi Jezikri se Eli ki retabli tout bagay epi ki fè sali a vini an.

1 Nan kòmansman, levanjil la te preche pa mwayen Pitit Gason an. Epi levanjil la te pawòl la, epi pawòl la te avèk Pitit Gason an, epi Pitit Gason an te avèk Bondye, epi Pitit Gason an te soti nan Bondye.

2 Nan kòmansman an avèk Bondye.

3 Li te kreye tout bagay; epi pa t gen anyen ki te kreye san li.

4 Levanjil la te nan li, epi levanjil la te lavi a, epi lavi a te limyè lèzòm;

5 Epi limyè a te klere nan mond lan, epi mond lan pa t apèsi l.

6 Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan.

7 Jan sa a te vini nan mond lan kòm yon temwen, pou rann temwayaj konsènan limyè a, pou rann temwayaj konsènan levanjil la pa mwayen Pitit Gason an, bay tout moun, pou lèzòm kapab kwè pa mwayen limenm.

8 Se pa Jan ki te limyè a, men, li te vin rann temwayaj konsènan limyè sa a,

9 Ki te vrè limyè a, li klere chak moun ki vini nan mond sa a;

10 Pitit Gason Bondye a menm. Limenm ki te nan mond lan, epi ki te kreye mond lan, epi mond lan pa t konnen l.

11 Li te vin kote moun li yo, epi moun li yo pa t resevwa l.

12 Men, tout moun ki te resevwa l, li te ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye; sèlman pou moun ki kwè nan non li yo.

13 Li te fèt, non pa avèk san, ni avèk volonte lachè, ni avèk volonte lòm, men, avèk volonte Bondye.

14 Epi menm pawòl sa a te vin gen kò fizik, epi l te abite nan pami nou, epi nou te wè laglwa li, laglwa ki pou Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen lagras ak laverite.

15 Jan rann tewayaj konsènan li, li te di konsa, Se moun m t ap pale a; limenm ki t ap vini apre m nan, ke Bondye prefere pase m nan, paske li te la anvan m.

16 Paske Pawòl la te la nan kòmansman, Pitit Gason an menm, ki te vin gen kò fizik la, limenm volonte Papa a te voye ban nou an. Epi tout moun ki kwè nan non li y ap resevwa yon plenitid. Epi nou tout resevwa nan plenitid li, menm imòtalite ak lavi etènèl, pa mwayen gras li.

17 Paske lwa a te bay pa mwayen Moyiz, men, lavi ak verite te vini pa mwayen Jezikri.

18 Paske lalwa te baze sou lòd lachè, kite pote lanmò, men levanjil te baze sou pouvwa yon vi etènèl, gras ak Jezikri, Sèl Pitit Gason Literal la, ki nan sen Papa a.

19 Epi pèsonn pa wè Bondye nan okenn epòk, eksepte moun ki rann temwayaj konsènan Pitit Gason an; Paske si se pa pa mwayen li, pèsonn pa kapab sove.

20 Epi sa se temwayaj Jan, lè Juif yo ak Levit yo te voye prèt ki soti nan Jerizalèm pou mande l; Kiyès ou ye?

21 Li te konfese, epi l pa t nye pou fè konnen li te Elyas; men li te konfese, li te di konsa, Se pa mwen ki Kris la.

22 Epi yo te mande l, yo te di konsa, Kòman fè w se Elyas? Epi l te di konsa, m pa Elyas ki te gen pou l restore tout bagay yo. Epi yo te mande l, yo te di konsa, Èske w se pwofèt sa a? Epi l te reponn, Non.

23 Apre sa yo te di l konsa, Kiyès ou ye? pou nou kapab bay moun ki te voye nou yo yon repons. Kisa ou di konsènan tèt pa ou?

24 Epi l te di konsa, M se vwa moun k ap rele nan dezè a, Fè chemen Senyè a plat, jan pwofèt Ezayi te di a.

25 Epi se Farizyen yo ki te voye moun sa yo.

26 Epi yo te mande l, epi yo te di l konsa; Poukisa w ap batize moun, si w pa Kris la, ni Eli ki pou te restore tout bagay yo, ni pwofèt sa a?

27 Jan te reponn yo, li te di konsa, M batize moun avèk dlo, men gen youn nan pami nou, nou pa konnen;

28 Se konsènan limenm m rann temwayaj, li se pwofèt sa menm, Elyas, malgre l vini apre m, yo prefere l pase m, m pa menm diy pou m delase lasèt soulye l, oubyen m pa kapab pran plas li; paske li pral batize moun non sèlman avèk dlo, men avèk dife, epi avèk Sentespri a.

29 Nan jou apre a, Jan te wè Jezi ki te vini kote l epi li te di konsa, Reyèlman, men Ti Monton Bondye a, ki retire peche mond lan!

30 Epi Jan te rann pèp la twmwayaj konsènan li, li te di konsa, Se te konsènan moun sa a m te di konsa, Apre mwen gen yon nonm k ap vini ke Bondye prefere pase m nan; Paske li te la anvan m, epi m te konnen l, epi m te konnen li te gen pou l fè Izrayèl wè l; se poutèt sa, m vini pou batize avèk dlo.

31 Epi Jan te rann temwayaj, li te di konsa, Lè m te batize l, m te wè Lespri a desann soti nan syèl la tankou yon kolonb, epi l te rete sou li.

32 Epi m te konnen l; paske moun ki te voye m al batize moun avèk dlo a moun sa a te di m konsa, Moun ou wè Lespri a desann epi rete sou li a, se moun sa a ki batize moun avèk Sentespri a.

33 M te wè, epi m rann temwayaj pou fè konnen, se Pitit Gason Bondye a.

34 Bagay sa yo te fèt nan Betabara, lòtbò Jouden, kote Jan t ap fè batèm nan.

TJS, Jan 1:42. Konpare avèk Jan 1:42

Sefas vle di “vwayan” oubyen “wòch.”

42 Epi l te mennen l bay Jezi. Epi lè Jezi te wè l, li te di konsa, Ou se Simon, pitit gason Jona a, yo pral rele ou Sefas, ki se entèpretasyon pou yon vwayan oubyen yon wòch. Epi yo te pechè pwason. Menm lè a yo te kite tout bagay, epi yo te suiv Jezi.