Èd pou Etid
TJS, Jenèz 50


TJS, Jenèz 50:24–38. Konpare avèk Jenèz 50:24–26; 2 Nefi 3:4–22

Jozèf nan Ejip pwofetize konsènan Moyiz k ap libere Izrayèl anba esklavaj an Ejip; konsènan yon branch nan desandan Jozèf yo k ap jwenn direksyon pou yo ale nan yon peyi byen lwen, kote yo pral sonje yo nan alyans Senyè a; konsènan Bondye ki aple yon pwofèt nan dènye jou yo ki rele Jozèf pou fè rejis Jida yo ak rejis Jozèf yo vin fè youn; epi konsènan Aawon k ap sèvi kòm pòtpawòl pou Moyiz.

24 Epi Jozèf te di frè l yo, m ap mouri epi m pral jwenn zansèt mwen yo; epi m ap desann nan tonb mwen ak lajwa. Bondye papa m nan, Jakòb pral avèk nou, pou delivre nou anba afliksyon nan jou esklavaj nou yo; paske Senyè a te vizite m, epi m te jwenn yon pwomès nan men Senyè a ki te fè konnen, nan fwi ren mwen yo, Senyè Bondye pral leve yon branch ki jis ki soti nan ren mwen; epi pou ou, ou menm papa m Jakòb te rele Izrayèl la, yon pwofèt; (non pa Mesi ki rele Chilo a;) epi pwofèt sa a pral delivre pèp mwen an anba Ejip nan jou esklavaj nou yo.

25 Epi se pral konsa, yo pral dispèse ankò; epi yon branch bral kase, epi yo pral pote l nan yon peyi lwen; sepandan, Senyè a pral sonje yo nan alyans li yo, lè Mesi a vini; paske li pral vin manifeste devan yo nan dènye jou yo, pa pouvwa Lespri a; epi li pral retire yo nan tenèb vin nan limyè pou; soti nan kachèt tenèb, epi pou soti nan kaptivite al nan libète.

26 Senyè Bondye m nan pral leve yon vwayan, ki pral yon vwayan chwazi pou desandan mwen yo.

27 Men sa Senyè Bondye te di m, M pral leve yon vwayan chwazi ki soti nan fwi ren ou yo, epi yo pral byen respekte l nan pami fwi ren ou yo; epi m pral ba li kòmandman pou fè yon travay pou fwi ren ou yo, frè li yo.

28 Epi li pral mennen yo nan konesans alyans m te fè avèk zansèt nou yo; epi li pral fè nenpòt travay m kòmande l.

29 Epi m pral fè l gran devan je m, paske li pral fè travay mwen; epi l ap gran tankou moun m te di m ap leve pou ou a, pou delivre pèp ou a, O, pèp Izrayèl la, soti nan peyi Ejip la; paske m pral leve yon vwayan pou delivre pèp mwen an soti an Ejip; epi yo pral rele l Moyiz. Epi avèk non sa a li pral konnen li fè pati nan kay ou; paske se pitit fi wa a ki pral pran swen l, epi y ap rele l pitit gason l.

30 Epi ankò, Senyè a di konsa, m pral leve yon vwayan soti nan fwi ren ou yo, epi m pral ba li pouvwa pou l pote pawòl mwen bay desandan ren ou yo; epi non sèlman pou l pote pawòl mwen, men pou l konvenk yo konsènan pawòl mwen ki te deja ale nan pami yo nan dènye jou yo;

31 Epi Senyè a te di konsa, se sa ki fè, Fwi ren ou yo pral ekri, epi fwi ren Jida yo pral ekri; epi bagay fwi ren ou yo pral ekri yo, ak bagay fwi ren Jida yo pral ekri yo tou pral grandi ansanm pou konfonn fo doktrin, epi pou depoze chirepit yo atè, epi pou tabli lapè nan pami fwi ren ou yo, epi pou mennen yo nan konesans zansèt yo nan dènye jou yo; epi tou nan konansans alyans mwen yo.

32 Epi w ap vin fò nan feblès, nan jou sa a lè travay mwen an ale nan pami tout pèp mwen an, ki pral restore moun ki fè pati nan kay Izrayèl la nan dènye jou yo.

33 Epi m pral beni vwayan sa a, epi moun ki chèche detwi l yo pral tonbe nan konfizyon; se pwomès sa a m fè w; paske m pral sonje w de jenerasyon an jenerasyon; epi non li pral rele Joseph epi li pral pote non papa l; epi li pral tankou w; paske bagay Senyè a pral fè pa mwayen li menm yo pral mennen pèp mwen an nan sali a.

34 Epi Senyè a te sèmante devan Jozèf li t ap prezève desandan li yo pou tout tan, li te di konsa, m pral leve Moyiz, epi yon baton pral nan men l, epi li pral rasanble pèp mwen an ansanm, epi li pral dirije yo tankou yon twoupo, epi li pral frape dlo Lanmè Wouj la avèk baton li a.

35 Li pral gen jijman, epi li pral ekri pawòl Senyè a. Epi li p ap pale anpil pawòl, paske m pral ekri lalwa mwen pou li avèk dwèt men pa m. Epi m pral fè yon pòt pawòl pou li, non li pral rele Aawon.

36 Epi sa pral pase pou ou nan dènye jou yo tou, jan m te sèmante a. Se poutèt sa, Jozèf te di frè li yo, Bondye pral vizite nou toutbon, epi li pral retire nou nan peyi sa a, pou mennen nou nan peyi li te sèmante pou l te bay Abraram, ak Izarak ak Jakòb la.

37 Epi Jozèf te konfime anpil lòt bagay bay frè l yo, epi l te fè yo sèmante devan pitit Izrayèl yo, lè li te di yo konsa, Bondye pral vizite nou toutbon, epi nou pral pote zo mwen yo soti nan kote sa a.

38 Konsa, Jozèf te mouri lè l te gen sandizan; epi yo te anbome kò li, epi yo te mete l nan yon sèkèy an Ejip; epi pitit Izrayèl yo pa t antere l, yo te fè pou yo te kapab pote l pou l antere nan menm tonb avèk papa l. Se konsa yo te sonje alyans yo lè yo te sèmante ba li a.