Èd pou Etid
TJS, Jenèz 17


TJS, Jenèz 17:3–12. Konpare avèk Jenèz 17:3–12

Moun yo pa obeyi òdonans levanjil yo, enkli batèm. Bondye eksplike Abraram alyans sikonsizyon an ak laj lè timoun yo vin gen responsablite.

3 Epi se te konsa, Abram te tonbe sou fas li, epi l te rele non Senyè a.

4 Epi Bondye te pale avèk li, li te di konsa, Pèp mwen an abandone presèp mwen yo, epi yo pa t respekte òdonans mwen te bay zansèt yo;

5 Epi yo pa obsève onksyon mwen an, ak antèman an, oubyen batèm m te kòmande yo a;

6 Men yo vire do bay kòmandman an, epi yo fè lavman timoun yo, ak vèsè san;

7 Epi l di konsa, san Abèl nonm jis la te koule pou peche yo; epi yo pa t konnen si bagay sa yo te gen valè devan mwen.

8 Men, pou oumenm, gade, m ap fè alyans avèk ou, epi w ap vin papa anpil nasyon.

9 Epi se alyans sa a m fè avèk ou, pou yo ka konnen pitit ou yo pami tout nasyon. Epi yo p ap rele w Abram ankò, men y a rele w Abraram; paske, m ap fè w vin papa anpil nasyon.

10 Epi m ap fè w fè anpil anpil pitit, epi m ap fè anpil nasyon sòti nan ou, epi anpil wa ap sòti nan ou, ak nan ras ou.

11 Epi m ap tabli yon alyans sikonsizyon avèk ou, epi se pral yon alyans pa m ant mwen menm avèk ou, ak desandan w yo apre w, nan jenerasyon yo; pou w kapab konnen pou tout tan ke timoun yo pa responsab devan mwen jistan yo gen uitan.

12 Epi w dwe asire ke w kenbe tout alyans m te fè avèk zansèt ou yo; epi w dwe kenbe kòmandman m te ba w yo avèk pwòp bouch pa m, epi m ap yon Bondye pou ou ak pou desandan w yo apre w.

TJS, Jenèz 17:23–24. Konpare avèk Jenèz 17:17–18

Abraram rejwi lè l aprann pwofesi sou nesans Izarak la epi li priye pou Izmayèl.

23 Apre sa Abraram te tonbe sou fas atè epi l te rejwi, epi l te di nan kè l, mwen menm ki gen santan, m pral gen yon pitit, epi se Sara ki gen katreven ane ki pral pote l.

24 Epi Abraram di Bondye, O, tanpri, fè Izmayèl mache dwat devan w!