Ekriti yo
Mòmon 2


Chapit 2

Mòmon dirije lame Nefit yo—San ak masak bale peyi a—Nefit yo lamante epi yo pran plenyen avèk lapenn pou moun kondane yo—Jou gras yo a pase—Mòmon resevwa rejis Nefi yo—Lagè yo kontinye. Anviwon 327–350 apre Jezikri.

1 Epi, se te konsa, nan menm ane a, te kòmanse gen yon lagè ankò ant Nefit yo ak Lamanit yo. Malgre m te jèn, m te gwo nan kò; se poutèt sa, pèp Nefi a te lonmen m dirijan yo, oubyen dirijan lame yo.

2 Poutèt sa, se te konsa, nan sèzyèm ane mwen, m te dirije yon lame Nefit kont Lamanit yo; epi twasan-vennsis ane te pase.

3 Epi, se te konsa, nan twasan-vennsetyèm ane a, Lamanit yo te tèlman vini sou nou avèk anpil fòs, yo te fè lame m nan pè; se poutèt sa, yo pa t vle batay, epi yo te kòmanse sove ale nan direksyon peyi nò yo.

4 Epi, se te konsa, nou te rive nan vil Angola a, nou te pran vil la, e nou te fè preparasyon pou nou defann tèt nou kont Lamanit yo. Epi, se te konsa, nou te fòtifye vil la avèk fòs nou; men, malgre tout fòtifikasyon nou yo, Lamanit yo te vini sou nou, e yo te pouse nou deyò vil la.

5 Yo te pouse nou deyò vil David la tou.

6 Nou te mache ale nan vil Jozye a ki te nan fwontyè lwès bò rivaj lanmè a.

7 Epi, se te konsa, nou te rasanble moun nou yo byen vit pou nou te kapab fè yo fè yon sèl kò.

8 Men, peyi a te chaje ak vòlè, e ak Lamanit; e malgre gwo destriksyon ki te pandye sou tèt pèp mwen an, yo pa t repanti nan move bagay yo; se poutèt sa, te gen san ak masak ki te gaye nan tout peyi a, ni bò kote Nefit yo, ak bò kote Lamanit yo; e se te yon revolisyon total nan tout peyi a.

9 Lamanit yo te gen yon wa; li te rele Aawon; li te vini kont nou avèk yon lame ki te genyen karann-kat-mil moun, e se te konsa, m te kanpe devan l avèk karann-de-mil; m te bat li avèk lame m nan, e li te kouri devan m. Epi gade, tout bagay sa yo te fèt, e twasan-trant ane te pase.

10 Epi kounyeya, Nefit yo te kòmanse repanti pou inikite yo, e yo te kòmanse kriye menm jan Samyèl, pwofèt la te di a; paske pa t gen moun ki te kapab kenbe sa ki te pou li poutèt lawon ak vòlè, maji ak lougawou ki te nan peyi a.

11 Konsa, te kòmanse gen plenyen ak lamantasyon nan tout peyi a poutèt bagay sa yo, espesyalman nan pami pèp Nefi a.

12 Epi, se te konsa, lè mwen menm Mòmon, m te wè lamantasyon ak plenyen ak tristès pèp la devan Senyè a, kè m te kòmanse kontan andedan m; m te konnen mizèrikòd ak pasyans Senyè a, se poutèt sa, m te konprann li t ap gen mizèrikòd pou yo ta vin tounen yon pèp ki jis ankò.

13 Men gade, lajwa m nan te anven, paske atristès yo a pa t mennen yo nan repantans poutèt bonte Bondye; men, se te pito tristès moun bkondane; paske, Senyè a pa t ap aksepte tout tan pou yo gen clajwa nan peche.

14 Epi yo pa t vin jwenn Jezi avèk a brize, e lespri kontri, men, yo te bmodi Bondye, e yo t ap mande lanmò; men, yo te goumen ak epe lavi yo.

15 Epi, se te konsa, tristès mwen an te retounen ankò; m te wè ajou blagras la cte pase pou yo, ni tanporèlman ni espirityèlman; paske, m te wè anpil milye ladan yo ki te tonbe kareman nan rebelyon kont Bondye yo a, e yo te anpile tankou pay nan peyi a. Konsa twasan-karann-kat ane te pase.

16 Epi, se te konsa, nan twasan-karann-senkyèm ane a Nefit yo te kòmanse kouri devan Lamanit yo; Lamanit yo te suiv yo jistan yo te rive nan peyi Jèchon an, anvan l te posib pou sispann yo kouri.

17 Epi kounyeya, vil Jèchon an te tou pre apeyi kote Amawon te depoze rejis yo nan Senyè a pou te anpeche yo detwi a. M t ale, jan Amawon te di m nan, m te pran plak Nefi yo, e m te fè yon rejis jan Amawon te di m nan.

18 Epi, sou plak Nefi yo, m te rakonte tout mechanste yo ak abominasyon yo; men, sou aplak sa yo, pa t kapab rakonte tout mechanste ak abominasyon yo, paske gade, yon sèn mechanste ak abominasyon te devan je m depi lè m te gen konesans pou m konprann chemen lèzòm.

19 Epi malè mwen poutèt mechanste moun sa yo; paske, kè m te chaje avèk lapenn poutèt mechanste moun sa yo chak jou nan lavi m; men, m konnen m ap amonte anlè nan dènye jou a.

20 Epi, se te konsa, nan ane sa a, Lamanit yo te chase pèp Nefi a ankò e kouri dèyè l. Epi, yo te kouri dèyè nou jistan nou te vini nan nò, nan peyi ki te rele Sèm nan.

21 Epi, se te konsa, nou te fòtifye vil Sèm nan, e nou te rasanble pèp nou an plis li te posib pou petèt, nou ta kapab sove yo anba destriksyon.

22 Epi, se te konsa, nan twasan-karann-sizyèm ane a, yo te kòmanse vini sou nou ankò.

23 Epi, se te konsa, m te pale avèk pèp mwen an, m te egzòte yo avèk anpil fòs pou yo kanpe djanm devan Lamanit yo, pou yo agoumen pou madanm yo, pitit yo, kay yo ak fwaye yo.

24 Epi, pawòl mwen yo te yon jan ba yo fòs tèlman, yo pa t kouri devan Lamanit yo, men, yo te kanpe djanm kont yo.

25 Epi, se te konsa, avèk yon lame trant-mil moun, nou te goumen avèk yon lame ki te gen senkantmil moun. Epi, se te konsa, nou te tèlman kanpe fèm devan yo, yo te kouri devan nou.

26 Epi, se te konsa, lè yo te kouri, nou te suiv yo avèk lame nou yo; nou te jwenn yo ankò e nou te bat yo; men, fòs Senyè a pa t avèk nou ankò; wi, nou te pou kont nou, Lespri Senyè a pa t rete avèk nou; se poutèt sa, nou te vin fèb menm jan avèk frè nou yo.

27 Epi, kè m te nan lapenn poutèt kalamite pèp mwen an, poutèt mechanste ak abominasyon yo. Men gade, nou te mache kont Lamanit yo ak vòlè Gadyanton yo jistan nou te reprann tè nou te posede yo.

28 Epi, twasan-karant-nevyèm ane a te pase. Epi nan twasan-senkantyèm ane a nou te siyen yon kontra ak Lamanit yo, e ak vòlè Gadyanton yo; nan kontra sa a, nou te divize tè nou yo ak bagay nou te eritye yo.

29 Epi, Lamanit yo te ban nou tè nan nò yo, wi, menm jouk nan apasaj etwat ki te mennen nan sid la. Epi nou te bay Lamanit yo tout tè nan sid yo.