Seminè ak Enstiti
Pou Dirijan Yo—Ede Enstriktè Yo Gen Siksè


“Pou Dirijan Yo—Ede Enstriktè Yo Gen Siksè,” Anseye nan fason Sovè a: Pou Tout Moun Ki Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Pou Dirijan Yo—Ede Enstriktè Yo Gen Siksè,” Anseye nan fason Sovè a

Imaj
Klas Lekòldidimanch

Pou Dirijan Yo—Ede Enstriktè Yo Gen Siksè

Rankont Fas-a-Fas

Souvan, pi bon fason pou reponn a bezwen endividyèl enstriktè a se atravè rankont fas-a-fas. Paregzanp, kòm yon dirijan, ou ta ka fè yon diskisyon brèf avèk yon enstriktè anvan oubyen apre klas pou diskite sou prensip pou Anseye nan Fason Sovè a. Ou gen dwa prepare w pou diskisyon sa a nan gade enstrktè a k ap anseye. Chèche pou w pi byen konprann fòs enstriktè a ak dekouvri fason w ka ofri sipò.

Bati sou fòs enstriktè a osi enpòtan ke idantifye opòtinite pou amelyorasyon. Pou kòmanse diskisyon an, li ta bon pou w ta mande enstriktè yo pou yo konsidere pou tèt pa yo sa k ap mache byen ak kote yo santi pwogrè kapab fèt.

Lè w rakontre avèk enstriktè yo, konsidere fason pou ranfòse yo ak ankouraje yo avèk jantiyès ak gratitid pou sèvis yo ap rann.

Reyinyon Konsèy Enstriktè

Chak pawas ta dwe fè reyinyon konsèy enstriktè chak twa mwa kote enstriktè yo kapab konseye ansanm sou prensip pou anseye nan fason Kris la. Reyinyon Konsèy Enstriktè a ka fèt pou paran tou (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 13.5, ChurchofJesusChrist.org).

Kilè Reyinyon Sa Yo Dwe Fèt

Reyinyon konsèy enstriktè fèt pandan klas 50 minit la chak Dimanch

  • Enstriktè Prètriz, Sosyete Sekou, ak Jènfi ka asiste premye oubyen twazyèm Dimanch la, jan dirijan lokal yo detèmine.

  • Enstritè Lekòldidimanch yo ka asiste dezyèm oubyen katriyèm Dimanch la, jan dirijan lokal yo detèmine.

  • Enstriktè Primè yo ka asiste nenpòt Dimanch, jan Primè pawas la ak prezidans Lekòldidimanch la detèmine. Si yo vle, enstriktè Primè yo ka rankontre separeman de lòt enstriktè yo pou konsèy sou aspè endividyèl ansèyman chak timoun. Sa ka fèt pandan 20 minit tan chante a, anvan oubyen apre reyinyon regilye Dimanch yo, oubyen yon lòt jou nan semèn nan. Plis pase yon sèl reyinyon konsèy ka fèt chak twa mwa pou enstriktè Primè yo pou yo tout ka pa manke klas Primè a nan menm semèn nan. Nòt:Si sa nesesè, prezidans Primè a dwe deziye enstriktè ranplasan, konbine klas yo, oubyen fè lòt aranjman pou pèmèt enstriktè Primè yo asiste nan reyinyon konsèy enstriktè yo.)

  • Reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo ka fèt nan nenpòt Dimanch, selon jan konsèy pawas la detèmine.

Kimoun ki dwe asiste?

Tout moun k ap anseye yon kowòm oubyen yon klas nan pawas la dwe asiste, ansanm avèk omwen youn nan dirijan prètriz oubyen oksilyè yo ki responsab enstriktè sa yo. Si sa nesesè, patisipan yo dwe divize an de gwoup selon bezwen moun y ap anseye yo. Paregzanp, enstriktè jèn yo oubyen timoun yo ka tire benefis nan reyini separeman pafwa pou diskite pwoblèm ki anrapò avè k jèn yo oubyen timoun yo.

Pou reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo, konsèy pawas la detèmine pou envite kèk paran presizeman oubyen ouvri asistans la pou tout sa ki vle patisipe.

Kimoun ki Dirije Reyinyon sa yo?

Se konsèy pawas la, avèk kolaborasyon prezidans Lekòldidimanch la, ki dwe sipèvize reyinyon konsèy enstriktè yo. Yo fè konsèy ansanm sou bezwen enstriktè yo ak etidyan yo baze sou sa yo obsève nan klas yo ak nan reyinyon yo Yo travay ansanm pou detèmine ki prensip ak pratik nan Anseye nan Fason Sovè a ki ka pibyen satisfè bezwen yo idantifye yo.

Abityèlman, se Prezidan Lekòldidimanch la ki dirije reyinyon konsèy enstriktè yo. Sepandan, lòt manm nan pawas la ka responsab pou dirije reyinyon okazyonèlman. Prezidans kowòm ak òganizasyon yo ranfòse prensip ak pratik ki diskite nan reyinyon an avèk enstriktè yo.

Kisa Ki Dwe Pase nan yon Reyinyon Konsèy Enstriktè?

Reyinyon konsèy enstriktè a ta dwe suiv modèl sa a:

  • Pataje ak fè konsèy ansanm. Envite enstriktè yo pou yo pataje eksperyans ansèyman resan, poze kesyon ki anrapò avèk ansèyman, epi pataje ide pou simonte difikilte yo. Pati sa a nan reyinyon an dwe sèvi kòm yon revizyon sou prensip yo te diskite nan reyinyon anvan yo.

  • Aprann ansanm. Envite enstriktè yo pou yo diskite yonn nan prensip sa yo ki prezante nan manyèl sa a: konsantre sou Jezikri, renmen moun w ap anseye yo, anseye avèk Lespri a, anseye doktrin nan, epi envite aprantisaj dilijan. Prensip yo ka adrese nan nenpòt lòd, epi, sof si konsèy pawas la pran yon desizyon diferan, moun yo k ap patisipe nan reyinyon an ka chwazi pwochen prensip yo vle diskite a. Ou ka pase plis pase yon reyinyon sou yon prensip, si sa nesesè.

  • Planifye ak envite. Ede enstriktè yo planifye fason yo pral aplke prensip ki diskite yo. Si sa apwopriye, ou ta ka pratike yon teknik ke nou te diskite ansanm tou. Envite yo pou yo ekri nenpòt enpresyon yo resevwa sou fason pou yo aplike prensip la nan ansèyman yo—ansanm avèk nan efò yo pou anseye nan fwaye yo. Ankouraje yo pou yo kòmanse etidye pwochen prensip ki pou diskite a.

Otan sa posib, reyinyon konsèy enstriktè yo dwe rete kòm modèl prensip k ap diskite yo.

Imaj
jènfi k ap bay akolad

Reyinyon konsèy enstriktè yo ka ede enstriktè yo pi byen konprann ak aplike prensip ansèyman Kris yo.

Oryante Enstriktè ki Fèk Aple.

Kòm yon dirijan, ou gen responsablite pou w “reyini avèk enstriktè ki fèk aple yo” nan òganizasyon w lan epi “ede yo prepare pou apèl yo” (Manyèl Jeneral, 17.3, ChurchofJesusChrist.org). Reyinyon sa yo se yon okazyon pou w prezante nouvo enstriktè yo apèl sakre yo a ak pou ba yo yon vizyon sou kisa sa svledi pou anseye nan fason Sovè a. Antanke dirijan, ou ka ede nouvo enstriktè yo prepare pou yo sèvi nan fè bagay sa yo:

  • Eksprime konfyans ke Sovè a ap ede yo nan apèl yo a (gade nan Doktrin ak Alyans 88:78).

  • Bay nouvo enstriktè yo yon kopi manyèl sa a, epi ankouraje yo pou yo chèche fason pou aplike prensip ki ladan l yo nan ansèyman yo.

  • Pataje avèk nouvo enstriktè yo tout bagay konsènan òganizasyon w lan ki ta itil pou yo konnen.

  • Si sa nesesè, di nouvo enstriktè yo nan ki sal pou yo anseye ak ki leson pou yo kòmanse. Bay nenpòt enfòmasyon yo bezwen konsènan klas la ak manm klas yo.

  • Eksplike nouvo enstriktè yo ke w ka ede yo avèk apèl yo a. Ofri sipò nan klas la epi chèche resous ansèyman, si sa nesesè

  • Ofri pou w obsève klas enstriktè yo okazyonèlman, epi bay opinyon w si Lespri a enspire w.

  • Envite enstriktè yo pou yo patisipe nan reyinyon konsèy yo chak twa mwa.