Seminè ak Enstiti
Envite Aprantisaj Dilijan


“Envite Aprantisaj dilijan,” Ansenye nan Fason Sovè a: Pou Moun K ap Ansenye nan Fwaye ak nan Legliz (2022)

“Envite Aprantisaj dilijan,” Ansenye nan Fason Sovè a

Imaj
Jezi k ap leve Pyè soti nan dlo a

Finisè Lafwa, pa J. Alan Barrett

Envite Aprantisaj Dilijan

Se te siman yon bagay ki te enspire etonman pou yon moun te wè Sovè a ki t ap mache sou dlo a. Men sa pa t ase pou Pyè. Li te vle fè sa Sovè a te fè a tou, pou l te kote L te ye a, epi fè menm eksperyans la pou tèt pa li. Li te di, “Fè m vin jwenn ou sou dlo a,” Sovè a te reponn avèk yon envitasyon senp: “Vini.” Avèk sa, Pyè te soti kite sekirite bato a epi l te montre nou ke disip se pa yon eksperyans pasif (gade Matye 14:24-33). Sa mande lafwa nan Kris la ak efò dilijan. Men sa pote rekonpans rich ki se mache avèk Sovè a tou.

“Vini.” “Vin Gade.” “Vini, Suiv Mwen” “Ale, epi fè menm jan an tou” (Matye 14:29; Jan 1:39; Lik 18:22; 10:37). Depi nan kòmansman ministè L la, Sovè a te envite moun ki t ap suiv Li yo pou yo te fè eksperyans ak verite, pouvwa, ak lanmou L te ofri a pou tèt pa yo. Li te fè sa paske L te konnen ke se sa aprantisaj te ye. Se pa annik tande oubyen li; men tou se chanje, repanti, ak pwogrese. Nan pawòl Sovè a, aprantisaj vini “pa etid epi tou pa lafwa“ (Doktrin ak Alyans 88:118; italik ajoute). E lafwa enkli aji pou tèt pa nou, e non pa senpleman pou moun aji pou nou (gade 2 Nefi 2:26).

Lè nou suiv ekzanp Sovè a, nou envite moun n ap ansenye yo pou yo mande, chèche, epi frape—epi apresa pou yo jwenn (gade Matye 7:7-8). Epi nou aksepte envitasyon sa a pou tèt pa nou. Ansanm, pa mwayen pwòp lafwa nou nan Kris la ak efò dilijan, n ap vin konnen pou tèt pa nou kisa sa vle di pou nou mache avèk Li.

Envite Aprantisaj Dilijan

  • Ede moun k ap aprann yo pran responsabilite pou aprantisaj yo.

  • Ankouraje moun k ap aprann yo pou yo vin konn Sovè a nan etidye levanjil la chak jou.

  • Envite yo pou yo prepare yo pou yo aprann.

  • Ankouraje yo pou yo pataje verite y ap aprann yo.

  • Envite yo pou yo pratike sa y ap aprann yo.

Sovè a Ede Lòt Moun Pran Responsabilite pou Aprantisaj yo

Bati bato k ap travèse oseyan an ansekirite se yon tach difisil pou nenpòt moun. Frè Jarèd la te “jwenn direksyon men Senyè a kontinyèlman” (Etè 2:6), li te resevwa enstriksyon sou fòm veso yo ak kijan yo t ap gen van antre ladan yo. Men kisa w remake sou fason Senyè a te reponn lè frè Jarèd la te mande nan ki fason pou bay limyè nan bato yo? (gade Etè 2:22-25). Kijan Frè Jarèd la te beni pa envitasyon sa a pou l te egzèse lafwa l nan fason sa a? (gade Etè 3:1-16).

Sa ka parèt pi fasil pou annik di moun w ap ansenye yo tout bagay ou panse yo ta dwe konnen. Men, Èldè David A. Bednar te konseye: “Entansyon nou pa dwe ‘Kisa pou m di yo?’ Olyesa, kesyon nou dwe poze tèt nou se ‘Kisa m ka envite yo pou yo fè? Ki kesyon enspire m ka poze, pou ke, si yo dispoze pou yo reponn, sa ap kòmanse envite Sentespri a nan lavi yo?’” (sware avèk yon Otorite Jeneral, 7 Fev, 2020, broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Konsidere kijan w ka envite moun w ap ansenye yo pran responsabilite pou pwòp aprantisaj yo. Paregzanp, ou ta ka envite yo poze pwòp kesyon pa yo, chèche repons, medite, ak pataje oubyen ekri panse yo ak santiman yo. SI yo fè sa, y ap fòtifye pwòp lafwa pa yo, dekouvri verite ki nan pawòl Bondye a, epi fè pwòp eksperyans yo avèk verite sa yo. Pandan n ap pran responsabilite pou pwòp aprantisaj nou an, nou ka di, jan Joseph Smith te di a, “Mwen aprann pou tèt pa mwen” (Joseph Smith—Istwa 1:20).

Kesyon pou Medite: Poukisa li enpòtan pou moun w ap ansenye yo aktif olye ke yo pasif nan aprantisaj yo a? Kijan w ka ede yo pran responsablite pwòp aprantisaj yo? Nan ki fason enstriktè te ede w fè sa? Avèk ki egzanp nan ekriti yo ou ka panse, kote te gen moun ki te jwenn envitasyon pou yo te aprann pou tèt pa yo? Kijan ekzanp sa yo afekte fason w ansenye?

Nan Ekriti yo: 1 Nefi 11; Doktrin ak Alyans 9:7–8; 58:26–28; 88:118–125; Joseph Smith—Istwa 1:11–20

Sovè a te Ankouraje Lòt Moun Pou Yo te Vin Konnen L Atravè Etip Pawòl Li yo

Lè lè a te vini pou Sovè a te òganize Legliz Li a ofisyèlman nan dènye jou yo, Li te di sèvitè L yo, “Konte sou bagay ki te ekri yo” (Doktrin ak Alyans 18:3). Anfèt, Liv Mòmon an, ke yo te prèske fin tradui, te gen enstriksyon itil pou tach la, enkli kijan pou batize, kijan pou administre sentsèn, ak lòt detay valab. Men, Sovè a te vle sèvitè L yo wè revelasyon L yo kòm yon opòtinite pou yo te koute Li epi pou yo te vin konnen L pi pwofondeman. Nan menm revelasyon sa a, Li te di yo, “Se vwa m ki di nou yo; … Se poutèt sa, nou kapab temwaye pou fè konnen nou te tande vwa m, epi nou konnen pawòl mwen yo. (Doktrin ak Alyans 18:35–36).

Panse a moun w ap ansenye yo. Kijan yo wè etid ekriti? Anfèt, Kijan ou wè sa? Èske l plis pase yon obligasyon jounalye? Lè w ap etidye ekriti yo, èske w santi Sovè a ap pale avèk ou dirèkteman? Prezidan Russell M. Nelson te ansenye: “Ki kote nou kapab ale pou nou tande Li? Nou ka ale nan ekriti yo. … Plonje tèt nou nan pawòl Bondye a chak jou se yon bagay ki enpòtan pou nou siviv espirityèlman, espesyalman nan epòk gwo boulvèsman sa yo. Si nou fè festen avèk pawòl Kris yo chak jou, pawòl Kris yo ap di nou kijan pou nou reyaji devan difikilte nou pa t janm panse nou t ap travèse. (“Tande L,” Liahona, Me 2020, 89). Pandan w ap ansenye, ankouraje moun w ap ansenye yo pou yo etidye ekriti yo avèk objektif pou yo jwenn Sovè a—pa sèlman jwenn vèsè oubyen fè konsènan Li, men jwenn Li. Koute vwa Senyè a chak jou nan ekriti yo se yon bagay fondamantal ki mennen nan yon lavi aprantisaj levanjil ki endepandan ak dilijan.

Kesyon pou Medite: Konsidere pwòp abitid etid ekriti pa w yo. Nan ki fason etid pawòl Bondye a te fòtifye relasyon w avèk Li? Kisa w ka fè pou w amelyore etid ou? Kijan w pral enspire lòt moun pou yo etidye pawòl Bondye a regilyèman epi avèk dilijans? Ki benediksyon y ap resevwa lè yo fè sa?

Nan ekriti yo : Jozye 1:8; 2 Timote 3:15–17; 2 Nefi 32:3; Jakòb 2:8; 4:6; Doktrin ak Alyans 33:16

Sovè a te envite Lòt Moun Pou Prepare pou Yo Aprann

Menm pi bon semans yo pa ka grandi nan tè ki di, chaje wòch oubyen pikan. Menmjan tou, menm doktrin ki pi presye e ki pwodui plis lafwa a pa p ka fasil pou chanje yon kè ki pa t prepare pou l te resevwa li. Sa fè pati mesaj parabòl Sovè a konsènan yon kiltivatè, semans, ak tè ki nan kondisyon diferan an. Se nan “bon tè”— yon kè ki adousi e ki pa gen wòch ak pikan spirityèl—ke pawòl Bondye a bay fwi lavi a (gade Matye 13:1-9, 18-23).

Preparasyon spirityèl enpòtan—pou oumenm ak pou moun w ap ansenye yo. Donk, kijan w ka ede yo prepare kè yo pou yo ka “bon tè” pou pawòl Bondye a? Konsidere prensip preparasyon sa yo, ke w ka aplike nan lavi w epi ankouraje nan lavi moun w ap ansenye yo. Priye pou w ka konn kisa Senyè a vle w aprann. Viv yon fason ki envite prezans Li nan lavi w. Repanti chak jou. Nouri yon dezi pou aprann nan poze kesyon sensè. Etidye pawòl Bondye yo avèk lafwa ke L ap dirije w al jwenn repons yo. Ouvè kè w pou w resevwa kèlkeswa sa L ap ansenye ou.

Pandan moun n ap ansenye yo ap aprann nan fason sa a, y ap gen zye sprityèl pou yo wè ak zòrèy pou yo tande sa Senyè a vle pou yo konnen (gade Matye 13:16).

Kesyon pou Medite: Kisa w fè pou prepare tèt ou pou w aprann? Nan ki fason preparasyon w lan gen efè sou fason ou wè, tande, ak konprann pawòl Bondye a? Nan ki fason ou ka enspire lòt moun pou yo prepare yo pou yo aprann? Ki diferans sa ka fè nan fason yo resevwa verite levanjil yo?

Nan ekriti yo: Enòs 1:1–8; Alma 16:16–17; 32:6, 27–43; 3 Nefi 17:3

Imaj
timoun k ap li ekriti yo nan klas

Moun w ap ansenye yo ap benefisye nan opòtinite pou yo patje sa y ap aprann yo youn ak lòt.

Sovè a te Ankouraje Moun Pataje Verite yo T ap Aprann yo

Lè Senyè a te aple l pou l preche levanjil la, Enòk te plenyen “Lang mwen lou,” Men elokans pa t janm yon kondisyon pou yon sèvitè Senyè a. Olyedesa, Senyè a te pwomèt Enòk ke si l te gen ase lafwa pou l te ouvri bouch li, pawòl yo t ap vini. Li te di “M ap ba ou enspirasyon,” (Moyiz 6:31-32). Enòk te egzèse lafwa li, epi Senyè a te efektivman pale atravè Enòk, avèk pawòl ki te sitèlman puisan ke yo te fè moun yo tranble (gade Moyiz 6:47). Anfèt, yo te fè menm tè a tranble. Montay te deplase, rivyè te chanje direksyon, epi nasyon te pè pèp Bondye a, “tèlman pawòl Enòk yo te gen pouvwa, epi tèlman pouvwa langaj Bondye te ba li a te gran” (Moyiz 7:13).

Senyè a vle pou nou tout—pa sèlman pwofèt Li yo—gen pouvwa pou pale pawòl Li yo. Li vle sa pou nou tout, enkli moun w ap ansenye yo (gade Doktrin ak Alyans 1:20-21). Pawòl nou yo gen dwa pa deplase montay oubyen fè rivyè chanje direksyon, men yo ka chanje kè. Se poutèt sa li trè enpòtan pou w bay moun w ap ansenye yo opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann konsènan Sovè a ak levanjil Li ayoun ak lòt. Si yo fè sa, sa ap ede yo rantre verite y ap anseye yo a andedan yo epi eksprime yo. Sa ap ede yo jwenn konfyans nan kapasite yo pou yo pataje verite nan lòt anviwonman tou.

Kesyon pou Medite: Panse a yon lè kote w ou te pale de yon verite levanjil avèk yon moun. Kisa w te aprann nan eksperyans la? Kilè w te santi w rekonesan dèske yon moun te gen kouraj pou l te pataje panse la ak kwayans li? Kijan moun w ap ansenye yo ka benefisye de opòtinite pou yo pale de sa y ap aprann yo? Ki opòtinite ou ka kreye pou yo?

Nan Ekriti yo: Alma 17:2–3; Mowoni 6:4–6; Doktrin ak Alyans 84:85; 88:122; 100:5–8

Sovè a te Envite Lòt Moun pou Yo te Viv Sa L te Anseye yo

“Kite limyè w briye devan lèzòm.” “Renmen Enmi Ou ” “Mande, y ap ba nou;” Antre nan pòt jis la; (Matye 5:16, 44; 7:7, 13.) Kèk nan envitasyon ki te pi vivid ak pi memorab nan tout ministè motèl Sovè a te fèt pandan L t ap ansenye disip Li yo sou yon mòn ki bay sou Lanmè Galile a. Objektif Sovè a sete pou L te chanje lavi, jan sa te parèt klè nan envitasyon final Li a: “Kèlkeswa moun ki tande bagay sa yo, e ki fè yo, m ap konpare l avèk yon moun saj, ki te bati kay li sou yon wòch” (Matye 7:24; italik ajoute).

Lapli tonbe epi inondasyon vini epi van soufle nan lavi tout moun. Aprantisaj levanjil la pa p sifi si moun w ap ansenye yo gen pou yo reziste anba tout eprèv yo gen pou yo fè fas yo. Se poutèt sa nou pa dwe ezite envite moun n ap anseye yo pou yo konsidere kijan yo ka viv sa y ap aprann yo. Pa respè pou libabit lòt moun, plizyè nan envitasyon nou yo ap jeneral: “Kisa w santi w ta dwe fè?” Okazyonèlman, envitasyon nou yo ka bezwen pi espesifik: “Èske w ap chwazi yon kalite Sovè a genyen ke w ta renmen travay sou li?” Pandan w ap bay opòtinite pou moun w ap ansenye yo tande, rekonèt, ak pataje enspirasyon yo resevwa nan men Sentespri a, L ap ansenye yo ki aksyon pèsonèl yo dwe fè. Ede moun w ap ansenye yo konsidere benediksyon k ap vini lè yo aji sou sa yo aprann yo, epi ankouraje yo pou yo pèsiste menm lè sa difisil. Viv verite a se chemen ki pi kout pou devlope lafwa, temwayaj ak konvèsyon. Jan Sovè a te di a, viv doktrin Papa a se sèl mwayen pou nou tout vin konnen ke doktrin nan se verite (gade Jan 7:17).

Kesyon pou Medite: Kilè w te santi w enspire pou w te aji akoz yon envitasyon yon moun te bay? Kijan lavi w te chanje kòm rezilta? Remake envitasyon yo bay nan ekriti yo ak envitasyon dirijan Legliz yo bay. Kisa w aprann ki ka ede ou lè w ap envite lòt moun pou yo aji? Nan ki fason ou ka fè suivi sou envitasyon w yo?

Nan Ekriti yo: Lik 10:36–37; John 7:17; Jak1:22; Mozya 4:9–10; Doktrin ak Alyans 43:8–10; 82:10

Kèk Fason pou Aplike Sa W ap Aprann Yo

  • Mande Lòt moun pou yo vini tou prepare pou pataje yon bagay Sentespri a te anseye yo, tankou yon ide yo te jwenn nan yon pasaj ekriti siyifikatif.

  • Bay moun w ap ansenye yo opòtinite pou yo ansenye yon pòsyon nan yon leson.

  • Ankouraje moun w ap ansenye pou yo revize yon videyo, yon ekriti, oubyen yon mesaj anvan nou rankontre.

  • Reziste anba tandans pou w reponn tout kesyon yo. Enplike lòt moun nan chèche repons yo.

  • Anvan w pataje ide w sou yon ekriti, mande moun w ap ansenye yo pou yo pataje ide pa yo.

  • Poze kesyon ki ankouraje manm klas yo al chèche repons nan pawòl Bondye a.

  • Envite moun w ap ansenye poze pwòp kesyon pa yo sou sa y ap aprann yo.

  • Ba yo tan pou yo medite sou yon kesyon anvan w mande yo pou yo pataje repons yo.

  • Panse pou w divize moun n ap ansenye yo an ti gwoup diskisyon piti, si sa apwopriye.

  • Di yo klèman kisa w atann pou ede yo pwogrese.

  • Lanse envitasyon ki enspire moun w ap ansenye yo pou yo amelyore, men ki pa akablan. Fè suivi avèk yo epi yo pou yo pataje eksperyans yo.

  • Ede yo aprann nan ekriti yo, kote w ap:

    • Souliye pasaj ki siyifikatif yo, si yo vle.

    • Envite revelasyon atravè meditasyon ak lapriyè.

    • Ekri enpresyon espirityèl yo.

    • Kenbe yon jounal etid.

    • Fikse bi pou yo aji sou sa y ap aprann yo.