Seminè ak Enstiti
Ede Etidyan Yo Vin Jwenn Jezikri


“Ede Etidyan yo Vini Jwenn Jezikri,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun Ki Ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Ede Etidyan Yo Vin Jwenn Jezikri,” Anseye nan Fason Sovè a

Imaj
Jezi ki chita avèk timoun

Kòm enstriktè levanjil Jezikri a, nou ede lòt moun konprann ak depann sou ansèyman, pouvwa, ak amou Li.

Ede Etidyan Yo Vin Jwenn Jezikri

Pa gen anyen w ap fè kòm yon enstriktè ki ap beni etidyan w yo plis pase ede yo konnen Pè Selès ak Jezikri, ak santi Amou Yo (gade nan Jan 17:3). Panse sou eksperyans ki te ede w vin konnen ak renmen Pè Selès ak Jezikri. Kisa w fè pou w aprann konsènan kalite Yo, pouvwa Yo, ak lanmou Yo? Nan ki fason amou w pou Pè Selès ak Jezikri pote lajwa pou ou? Apresa, panse sou kisa lanmou Yo ak pouvwa Yo ka fè pou chak moun ou anseye. (Gade nan Alma 26:16; Moyiz 5:11.)

Pi gran objektif nou nan lavi sa a se vin plis tankou Pè Selès nou an epi retounen al jwenn Li. Fason nou akonpli objektif sa a se lè nou vin jwenn Jezikri (gade nan Jan 14:6). Se poutèt sa, jan pwofèt Nefi te anseye, “nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la” (2 Nefi 25:26).

Chak pitit Bondye bezwen limyè ak laverite ki vini nan Sovè a epi yo ka chwazi pou reponn li. Lè w se yon enstriktè levanjil Jezikri a, sa vle di pou w ede lòt moun konprann ak depann sou ansèyman, pouvwa redanmtè, ak amou pafè Li. Konsidere nan ki fason ide suivan yo ka ede w enspire lòt moun pou yo pi byen konnen Jezikri epi suiv Li.

Ede Etidyan Yo Rekonèt Amou, Pouvwa, ak Mizèrikòd Senyè a nan Lavi Yo.

Li bon pou nou konnen konsènan amou, pouvwa, ak mizèrikòd Sovè a, men, nou bezwen fè eksperyans avèk bagay sa yo tou. Lè nou wè fason Li te beni ak gerimoun yo nan ekriti yo, sa ka ede nou devlope pi gwo lafwa ke Li ka beni ak geri nou. Paregzanp, aprann sou eksperyans Danyèl yo p ap konplè si l pa enspire nou pou nou gen konfyans nan Senyè a lè n ap konfwonte pwòp fòs lyon figiratif pa nou.

Pandan w ap ede etidyan yo rekonèt “tand mizèrikòdi” Senyè a (1 Nefi 1:20), nan ekriti yo ak nan pwòp eksperyans pa yo, y ap vin santi ak konnen ke Senyè a avèk yo, epi L ap kanpe bòkote yo avèk amou (gade nan Doktrin ak Alyans 68:6). Y ap vin wè ak santi reyalite amou ak mizèrikòd Senyè a nan bezwen ak sikonstans pèsonèl yo.

Imaj
Jezi k ap preche Diskou sou Mòn nan

Enstriktè yo ka ede etidyan yo fè eksperyans amou, pouvwa, ak mizèrikòd Sovè a.

Ede Etidyan Yo Ranfòse Relasyon yo avèk Pè Selès la ak Jezikri.

Objektif anseye ak aprann konsènan Jezikri a se pou ede chak moun pwoche pipre Limenm ak Papa nou ki nan Syèl la. Ede moun w ap anseye yo pou yo pa janm bliye objektif sa a. Ankouraje yo pou yo ranfòse relasyon yo avèk Pè Selès la ak Jezikri nan li ekriti yo, repanti tout tan, pale avèk Papa a nan lapriyè, ak temwaye konsènan Papa a ak Pitit Gason an. Atravè pawòl ak egzanp, anseye etidyan yoki fason fè ak kenbe alyans lye nou avèk Yo. Ede yo konnen konbyen nou presye pou yo ak konbyen yo renmen nou. Ranfòse lafwa yo sou lefèt ke, atravè Sakrifis pafè L la, Jezikri se sèl chemen pou nou retounen kote Papa nou. Bay opòtinite pou etidyan yo resevwa yon temwayaj nan men Sentespri a, “ki rann temwayaj konsènan Papa a ak Pitit Gason an” (Moyiz 5:9).

Ede Etidyan yo pou yo Entansyonèlman Eseye Vin tankou Jezikri

Alafen, aprann konsènan Jezikri ap enspire nou pou nou vin plis tankou Li. Men, vin tankou L la ka posib sèlman si nou aji avèk lafwa, nan klas la ak andeyò klas la, si nou fè chwa entansyonèl pou nou suiv egzanp Li ak resevwa gras Li. Envite etidyan yo chèche èd Sentespri a pou yo ka idantifye fason yo ka vin plis tankou Sovè a Ofri gidans ak sipò pandan y ap fè efò pou yo vin tankou Li kòm yon desizyon pou tout lavi yo.

Jakòb te anseye, “tout bagay Bondye te bay lòm depi nan kòmansman mond lan” ka anseye nou konsènan Jezikri (2 Nefi 11:4). Ansèyman w lan ka youn nan bagay sa yo. Mete Jezikri nan sant chak ansèyman ak eksperyans aprantisaj. Pandan oumenm etidyan yo ap “pale konsènan Kris la, … pran plèzi nan Kris la, … preche konsènan Kris la” (2 Nefi 25:26), Sentespri a ka plante yon temwayaj konsènan Sovè a fon nan panse ak kè chak moun. Pandan w ap ede etidyan w yo vin konn Pè Selès la ak Jezikri pou tèt pa yo, y ap vin plis dispoze pou yo vire gade Yo pou èd, esperans, ak gerizon pandan tout lavi yo.