Seminè ak Enstiti
Mesaj Premye Prezidans lan


“Mesaj Premye Prezidans lan,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou tout Moun K ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Mesaj Premye Prezidans lan,” Anseye nan Fason Sovè a

Mesaj Premye Prezidans lan

Frè ak Sè byeneme,

Ala yon bèl opòtinite nou genyen pou nou anseye levanjil Jezikri a! Ke nou gen yon apèl espesifik pou nou ansenye ou pa, nou se yon enstriktè. Antanke yon disip Mèt Enstriktè a, Jezikri, nou gen opòtinite pou nou pataje limyè Li kèlkeswa kote n ale—nan fwaye a, nan legliz la, pandan n ap fè sèvis pastoral, e pami zanmi nou. Anseye levanjil la se yon konfyans ki sakre. Se yon pati esansyèl nan travay Senyè a, e li mache pi byen lè nou fè sa nan fason pa Li.

Nou envite nou pou nou aprann plis konsènan Jezikri ak fason L te anseye levanjil la. Nan lapriyè etidye pawòl Li yo, aksyon L yo, ak atribi L yo, epi efòse nou pou nou suiv Li pi pre. Anseye nan Fason Sovè a kapab gid ou.

Premye Prezidans lan