Seminè ak Enstiti
Objektif Anseye nan Fason Sovè a


“Objektif Anseye nan Fason Sovè a,” Anseye nan Fason Sovè a: Pou Tout Moun K ap Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Objektif Anseye nan Fason Sovè a,” Anseye nan Fason Sovè a

Objektif Anseye nan Fason Sovè a

Prensip yo dekri nan manyèl sa a kapab ede tout enstriktè levanjil pou yo anseye nan fason Sovè a. Sa enkli paran, frè ak sè sèvis pastoral, misyonè, enstriktè seminè ak enstiti, ak nenpòt moun ki gen apèl nan Legliz la ki ba yo opòtinite pou yo anseye.

Ou ka etidye manyèl sa a poukont ou oubyen itilize l pou gide diskisyon ou avèk lòt moun sou fason pou n vin tounen yon pibon enstriktè. Paregzanp, nou gen dwa itilize manyèl sa a nan sware familyal, reyinyon prezidans, reyinyon konsèy pawas oubyen pieu, seminè ak enstiti nan reyinyon-sèvis, ak nan reyinyon konsèy enstriktè (gade nan “Pou Dirijan yo—Ede Enstriktè yo Gen Siksè”).

Kijan Manyèl sa a Òganize

Pati 1 an mete aksan sou enpòtans pou nou konsantre sou Jezikri nenpòt lè n ap anseye prensip levanjil Li yo. Seksyon sa a dekri sa n ap anseye.

Pati 2 a mete aksan sou prensip pou nou anseye tankou Kris la. Seksyon sa a dekri kijan n ap anseye.

Pati 3 a bay sijesyon pratik pou ede enstriktè yo aplike prensip pou anseye tankou Kris la.

Apèsi sou Anseye Tankou Kris la

Tablo sa yo bay yon apèsi sou prensip yo anseye nan manyèl sa a.

Imaj
Egzanp sou Fason pou Planifye Leson