Anseye ak Aprann
Pou Dirijan yo—Oryante ak Sipòte Enstriktè yo


“Pou Dirijan yo—Oryante ak Sipòte Enstriktè yo,” Anseye nan fason Sovè a: Pou Tout Moun Ki Anseye nan Fwaye ak nan Legliz la (2022)

“Oryante ak Sipòte Enstriktè yo,“ Anseye nan fason Sovè a

moun k ap pale

Pou Dirijan yo—Oryante ak Sipòte Enstriktè yo

Antanke dirijan, ou gen responsablite pou w “reyini avèk enstriktè ki fèk aple yo” nan òganizasyon w lan epi “ede yo prepare pou apèl yo” (Manyèl Jeneral, 17.3, Medyatèk Levanjill). Reyinyon sa yo se yon okazyon pou w prezante nouvo enstriktè yo apèl sakre yo a epi pou enspire yo avèk yon vizyon sou kisa sa vledi pou anseye nan fason Sovè a. Antanke dirijan, ou ka ede nouvo enstriktè yo prepare pou yo sèvi nan fè sa ki la yo:

  • Eksprime konfyans ke Sovè a ap ede yo nan apèl yo (gade Doktrin ak Alyans 88:78).

  • Bay nouvo enstriktè yo yon kopi manyèl sa a, epi ankouraje yo pou yo chèche fason pou aplike prensip ki ladan yo nan ansèyman yo.

  • Pataje avèk nouvo enstriktè yo tout bagay konsènan òganizasyon w lan ki ta itil pou yo konnen.

  • Si sa nesesè, di nouvo enstriktè yo nan ki sal pou yo anseye ak ki leson pou yo kòmanse. Bay nenpòt enfòmasyon yo bezwen konsènan klas la ak manm klas yo.

  • Eksplike nouvo enstriktè yo ke w ka ede yo avèk apèl yo a. Ofri sipò nan klas la epi chèche resous pou anseye yo, si sa nesesè.

  • Ofri pou w obsève klas enstriktè yo tanzantan, epi ofri fidbak selon enspirasyon Lespri a.

  • Envite enstriktè yo pou yo patisipe nan reyinyon konsèy ki fèt chak trimès yo.

Pandan tout sèvis pwofesè yo, kontinye rankontre avèk yo tanzantan pou w bay sipò kontinyèl. Pa egzanp, ou ta ka gen yon diskisyon brèf avèk yon enstriktè anvan oubyen apre klas la pou diskite sou prensip sou Anseye nan Fason Sovè a. Mande enstriktè yo kisa yo santi y ap fè byen ak fason yo ta renmen amelyore. Ankouraje yo avèk jantiyès e avèk rekonesans pou sèvis yo bay la.

Ou ta dwe prepare pou diskisyon sa yo nan gade enstriktè a k ap anseye. Chèche pi byen konprann pwenfò enstriktè a epi dekouvri fason w ka ofri sipò. Bati sou pwenfò enstriktè a se yon bagay ki osi enpòtan ke idantifye opòtinite pou amelyorasyon yo.