Ekriti yo
Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou


“Ide pou amelyore etid ekriti Pèsonèl ou,” Ide pou Etid Ekriti (2021)

“Ide pou amelyore etid ekriti Pèsonèl ou,” Ide pou Etid Ekriti

Imaj
yon jènfi k ap li ekriti yo

Ide pou Amelyore Etid Ekriti Pèsonèl Ou

Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a nan ekriti yo:

Priye pou enspirasyon

Ekriti yo genyen pawòl Bondye ladan yo. Pandan w ap etidye yo, mande Papa w ki nan Syèl la direksyon epi resevwa Lespri Li pou ede ou konprann yo.

Chèche Verite Konsènan Jezikri

Ekriti yo anseye nou tout bagay temwaye Kris la (gade 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, chèche Li nan evènman, istwa, ak ansèyman ekriti yo. Panse pou w pran nòt oubyen make vèsè ki pale de Sovè a e ki di kijan pou w suiv li yo.

Chèche Mo ak Fraz ki Bay Enspirasyon

Ou gen dwa jwenn kèk mo ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone w, kòmsi se te pou ou espesyalman yo te ekri yo. Yo gen dwa touche w pèsonèlman e enspire w ak motive w. Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri sou yo nan yon jounal etid.

Chèche Verite Levanjil yo

Pafwa verite levanjil yo (ke yo souvan rele doktrin oswa prensip) fòmile dirèkteman, e pafwa yo enplike nan yon egzanp oubyen nan yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite levanjil yo anseye nan vèsè sa yo?”

Koute Lespri a

Se pou w pote atansyon a panse w yo ak santiman w yo, menm si yo sanble pa an rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo gen dwa egzakteman bagay Pè Selès la ta renmen pou w aprann ak santi yo.

Imaj
yon fi k ap etidye ekriti 2

Konpare Ekriti yo Avèk Lavi W

Reflechi sou fason istwa ak ansèyman w ap li yo aplike ak lavi w. Pa egzanp, ou gen dwa mande tèt ou: “Ki eksperyans mwen te fè ki sanble avèk sa m ap li la a?” oubyen “Ki fason m ka suiv egzanp moun sa a nan ekriti yo?”

Poze Kesyon

Poze kesyon sou levanjil la kapab ede ou deside kisa pou etidye. Pandan w ap etidye ekriti yo, gen kesyon ki ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa anrapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo, epi chèche repons pandan w ap kontinye etidye ekriti yo. Apre etid ou, mande kisa Bondye ta vle w aprann anplis, epi gade repons yo nan lè oswa jou k ap vini yo.

Itilize Èd pou Etid Ekriti yo

Pou w ka jwenn ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize referans yo bay anba paj yo, Gid pa Sijèa, Diksyonè Bib la, Gid pou Ekriti yo nan (scriptures.lds.org), ak lòt èd pou etid.

Konsidere Kontèks Ekriti yo

Ou ka jwenn ide siyifikatif konsènan yon ekriti si w konsidere kontèks li—sikonstans oubyen kad ekriti a. Pa egzanp, konnen antesedan ak kwayans yon pèp yon pwofèt te pale ede w konprann ki objektif mesaj li yo vize.

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

Ekri Panse w ak Santiman Ou

Gen anpil fason pou w ekri enpresyon w resevwa pandan w ap fè etid yo. Paregzanp, ou gen dwa make yon mo oubyen yon fraz ki siyifikan pou ou epi ekri sa k vin nan lespri w yo kòm yon nòt nan liv ekriti w yo. Ou gen dwa fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo tou. Oswa ou ta kapab anrejistre kesyon ou te poze a avan w kòmanse etid ou a, ki swiv repons yo te mennen w yo.

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot dènye jou yo

Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye sou prensip w jwenn nan ekriti yo. Mesaj yo a disponib nan “Konferans Jeneral,” “Revi,” ak lòt koleksyon ki nan Libreri (Medyatèk) Levanjil la.

Li Istwa yo

Li istwa yo nan ekriti a, chache konprann kontètks yo (epòk, kote, entèlokitè ak odyans). Istwa ekriti ki ilistre yo se gwo resous pou sa a, espesyalman pou timoun ak menm ki mwens familye avèk ekriti yo.

Pataje Ide

Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se yon bon fason pou w anseye lòt moun ak ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou.

Aplike Sa W Aprann yo

Etid ekriti yo kapab enspire nou epi fè nou chanje fason n ap viv tou. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apresa, pran angajman pou w aplike enspirasyon sa yo.